Bib Sen An
Detewonòm 19
“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, koupe retire nasyon yo, pou bannou tè pa yo a, pou nou deplase yo pou nou vin rete nan vil yo ak nan kay yo, 2“Nou va mete akote twa vil pou nou menm nan mitan peyi nou an, ke SENYÈ a, Bondye nou an, bannou pou posede a. Nou va prepare wout pou nou menm, e divize an twa pati tèritwa a peyi ke SENYÈ a va bannou kòm posesyon an, jis pou nenpòt moun ki touye moun kapab sove ale ladann. 3
“Men sa se kondisyon ka a moun ki kapab sove ale rive la pou viv: Lè li vin touye zanmi li san entansyon eksprè, san ke li pa t rayi li avan—— tankou lè yon nonm antre nan forè avèk zanmi li pou koupe bwa, epi men li voye rach la pou koupe bwa a, fè tèt fè a vin pati pou l frape zanmi li an, e li mouri—-li kapab sove ale nan youn nan vil sa yo pou viv. Otreman, vanjè san an ta petèt kouri dèyè sila ki touye moun nan, epi nan chalè kòlè li, rankontre l akoz distans lan twòp, e pran lavi li, malgre li pa t merite mouri, akoz ke li pa t rayi li avan. Pou sa, mwen kòmande nou, e di: ‘Nou va mete apa twa vil pou nou menm.’
“Si SENYÈ, Bondye nou an, fè tèritwa nou an 4vin pi gran, jan li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou tout tè ke li te pwomèt pou bay zansèt nou yo; epi si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sa ke mwen kòmande nou jodi a yo, 5pou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e mache nan vwa pa Li pou tout tan—-alò, nou va ogmante anplis twa vil ankò pou nou menm. Jis pou san inosan pa vèse nan mitan tèritwa nou an, ke SENYÈ a bannou kòm eritaj la, e pou 6koupabilite san an pa vin rete sou nou.
“Men 7si vin gen yon nonm ki rayi vwazen li, li kouche an kachèt pou li, li leve kont li pou frape li jiskaske li vin mouri, e li sove ale rive nan youn nan vil sa yo, alò, ansyen nan vil li yo va voye pran li soti la. Konsa, yo va livre li nan men vanjè san an, pou li kapab mouri. Nou pa pou gen pitye pou li, men nou gen pou fè netwayaj san inosan an soti an Israël pou sa kapab ale byen pou nou. 8
“Nou pa pou deplase lizyè tè vwazen nou, ke zansèt yo te etabli kòm eritaj nou ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou pou posede. 9
“Yon sèl temwen pa kapab leve kont yon moun sou koz nenpòt inikite oswa peche ke li te fè. Sou temwayaj a de oswa twa temwen, yo kapab konfime yon ka. 10
“Si yon temwen malveyan leve kont yon nonm pou akize li kòm malfektè, alò, tou de moun ki gen dispit yo, va kanpe 11devan SENYÈ a, devan prèt avèk jij ki ofisye nan jou sa yo.
“Jij yo 12va fè ankèt konplè; epi si temwayaj la se yon fo temwayaj, e li te fè fo temwayaj kont frè l, alò, 13nou va fè li menm bagay ke li t ap fè rive a frè li a. Konsa, nou va netwaye mechanste fèt pami pèp nou an. 14Lòt yo va tande, vin gen krentif, e yo p ap janm fè ankò yon bagay mechan konsa pami nou. Konsa, zye nou p ap gen pitye: 15vi pou vi, 16zye pou zye, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.
Source notes (16)
- Cross-reference Det 6:10-11
- Cross-reference Det 4:41
- Cross-reference Nonb 35:9-34
- Cross-reference Jen 15:18
- Cross-reference Det 6:5
- Cross-reference Nonb 35:33
- Cross-reference Egz 21:12
- Cross-reference Det 27:17
- Cross-reference Nonb 35:30
- Cross-reference Egz 23:1
- Cross-reference Det 17:9
- Cross-reference Det 25:1
- Cross-reference Pwov 19:5
- Cross-reference Det 17:13
- Cross-reference Egz 21:23
- Cross-reference Mat 5:38
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.