Bib Sen An
Detewonòm 18
“Prèt Levit yo, tout tribi Lévi a, pa pou gen pati oswa eritaj avèk Israël. Yo va manje ofrann pa dife SENYÈ a ki se pati pa Li. 2Yo pa pou gen eritaj pami Izrayelit parèy yo. SENYÈ a se eritaj pa yo, jan Li te pwomèt yo a. 3
“Men sa va dwa prèt yo ke moun yo dwe fè, ki soti nan sila ki ofri an sakrifis yo, kit yon bèf, oswa yon mouton; ladann, yo va bay prèt la zepòl la avèk de machwè yo, ak tout vant lan. Nou va ba li 4premye fwi a sereyal yo, diven nèf nou, lwil nou, ak premye lenn mouton nou yo. 5Paske SENYÈ a te chwazi li ak fis li yo pami tout tribi nou yo pou kanpe e sèvi nan non SENYÈ a jis pou tout tan.
“Alò, si yon Levit sòti nan youn nan vil nou yo atravè tout Israël kote li 6rete a, e li vini nenpòt lè li vle kote ke SENYÈ a chwazi a, alò, li va sèvi nan non SENYÈ a, Bondye li a, tankou tout Levit parèy li yo ki kanpe la devan SENYÈ a. 7Li dwe gen pòsyon egal nan benefis pa yo a, menmlè li te resevwa nan kòb vant posesyon fanmi an.
“Lè nou antre nan tè ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an, nou p ap aprann 8imite bagay abominab a nasyon sa yo. Pa kite yo jwenn okenn pami nou ki sakrifye fis yo oswa fi yo nan dife, youn pami nou ki pratike divinasyon ak maji, ki fè entèpretasyon sign, oswa youn pami nou ki fè wanga, ni youn pami nou ki fè cham, 9k ap prale nan tab tounant, moun k ap rele lespri yo vin parèt, ni youn pami nou ki rele mò yo monte. Paske nenpòt moun ki fè bagay sa yo abominab a SENYÈ a. 10Akoz bagay abominab sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, va chase yo sòti devan nou. 11
“Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.
“Paske nasyon sa yo ke nou va deplase yo, koute konsèy a sila ki 12pratike maji ak sila ki fè divinasyon yo; men pou nou, SENYÈ a, Bondye nou an, pa t pèmèt ke nou fè sa. 13SENYÈ Bondye nou an, va fè leve nan mitan nou yon pwofèt tankou mwen, pami Izrayelit parèy nou yo, nou va koute li. Paske se sa 14nou te mande SENYÈ a, Bondye nou an, nan mòn Horeb nan jou asanble a, e nou te di: ‘Annou pa tande ankò vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, annou pa wè gran dife sa a ankò, oswa nou va mouri.’ 15
“SENYÈ a te di mwen: ‘Yo te pale byen.
“‘Mwen va fè leve yon pwofèt soti nan mitan Izrayelit parèy yo tankou ou, 16Mwen va mete pawòl Mwen nan bouch li, e li va pale avèk yo tout sa ke Mwen kòmande li. 17Li va vin rive ke nenpòt moun ki pa koute pawòl Mwen yo ke li va pale nan non Mwen, Mwen Menm, Mwen va egzije sa de li menm. Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa 18ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’
“Nou kapab di nan kè nou: ‘Kijan nou va konnen pawòl ke SENYÈ a pa t pale?’ 19Lè yon pwofèt pale nan non SENYÈ a, si bagay la pa fèt, oswa pa rive vre, se bagay sa ke SENYÈ a pa t pale a. Pwofèt la te pale li avèk awogans. Nou pa pou pè li.
Source notes (19)
- Cross-reference Det 10:9
- Cross-reference Nonb 18:20
- Cross-reference Lev 7:32-34
- Cross-reference Nonb 18:12
- Cross-reference Egz 29:9
- Cross-reference Nonb 35:2-3
- Cross-reference Lev 27:30-33
- Cross-reference Det 9:5
- Cross-reference Lev 19:31
- Cross-reference Lev 16:24
- Cross-reference Jen 6:9
- Cross-reference II Wa 21:6
- Cross-reference Mat 21:11
- Cross-reference Egz 20:18-19
- Cross-reference Det 5:28
- Cross-reference És 51:16
- Cross-reference Trav 3:23
- Cross-reference Det 13:1-2
- Cross-reference Jr 28:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.