Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Daniel 8

Nan twazyèm ane règn a Belschatsar a, wa a, yon vizyon te parèt a mwen menm, Daniel, apre sa ki parèt a mwen an premye a. Mwen te gade nan vizyon an e pandan mwen t ap gade a, mwen te nan 1Suse, palè ki nan pwovens Élam nan. Epi mwen te gade nan vizyon an, e mwen te bò Kanal Ulaï la. Mwen te leve zye m pou te gade e vwala, yon 2belye ak de kòn ki te kanpe devan kanal la. Alò, de kòn yo te long, men youn te pi long ke lòt la, e se sa ki pi long lan ki te leve an dènye. Mwen te wè belye a ki t ap frape tèt li vè lwès, vè nò e vè sid. Pa t gen bèt ki te ka kanpe devan l, ni pa t gen youn ki te kab delivre soti anba men li. 3 Men li te fè sa li te pito, e te leve tèt li Wo.

Pandan mwen t ap gade a, vwala yon mal kabrit t ap vini soti nan lwès sou fas tout tè a, san touche tè a, e kabrit la te gen yon kòn 4parèt byen klè antre zye li. Li te pwoche kote belye ki te gen de kòn nan, belye ke m te wè kanpe devan kanal la, e li te kouri fò sou li ak gwo chalè pwisans li. Mwen te wè li vin bò kote belye a e li te anraje sou li. Epi li te frape belye a. Li te kraze de kòn li yo, e belye a pa t gen fòs pou reziste ak li. Konsa, li te voye l a tè, e te ponpe sou li. Pa t gen moun ki pou delivre belye a devan pouvwa li. Epi kabrit mal la te agrandi pouvwa li anpil, anpil. Men depi li te vin pwisan an, 5pi gwo kòn nan te kase. Epi li te ranplase ak kat kòn, ki parèt byen klè, ki te sòti vè 6kat van syèl yo.

Youn nan kòn yo te parèt 7yon ti jan piti e li te grandi byen vit vè sid, vè lès e vè 8 peyi laglwa a. Li te grandi rive jis nan lame syèl la. Li te fè kèk nan lame a ak kèk nan 9zetwal yo tonbe atè, e li te 10ponpe sou yo. Li te menm agrandi pwòp tèt li pou l ta ka egal ak Chèf Tèt lame syèl la. Konsa, li te retire nan men l 11sakrifis nòmal la, e plas sanktyè Li a te jete anba. Epi akoz transgresyon, lame a va vin livre a kòn nan ansanm ak sakrifis nòmal la. Li te 12voye verite a jis atè, e sa te fè plezi, e li te pwospere.

Alò, mwen te tande sila ki sen an ap pale, e yon lòt ki sen te di a sila ki t ap pale a: 13“Pandan konbyen tan vizyon a sakrifis nòmal la va kontinye, pandan transgresyon an ap ravaje e kite ni sen lye an ansanm ak lame a vin foule anba pye?”

Li te di mwen: “Pandan 14de-mil-twa-san swa ak maten. Epi alò, sen lye a va vin pwòp ankò.”

Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon 15moun. Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: 16“Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”

Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”17

Alò, pandan li t ap pale avè m, Mwen te 18tonbe nan yon pwofon somèy, ak figi m atè, men li te 19touche mwen, e te fè m kanpe dwat.

Li te di: “Gade byen, mwen va fè ou konnen sa k ap vin rive nan dènye epòk gwo kòlè a, paske li apatyen a moman ki chwazi pou lafen an.20 21Belye ke ou te wè ak de kòn yo reprezante wa a Mèdes ak Perse yo. Epi kabrit la se wayòm a Grèce la, e gran kòn antre zye li yo, se premye wa a. Kòn ki te kase a ak kat kòn ki te leve nan plas li a se kat wayòm ki va leve sòti nan nasyon sa a, malgre se pa avèk pouvwa li.22

“Epi nan dènye pati wayòm yo a, lè transgresè yo fin fè tout transgresyon yo, yon wa ki ensolan, e ki plen devinèt koken, va leve. Pouvwa li a va trè pwisan, men se p ap pwòp pouvwa li. Konsa, li va 23detwi anpil ak gran pwisans. Li va gen gran siksè, e li va fè sa li pito. Li va detwi mesye pwisan ak moun ki sen yo. Atravè manèv li yo, se ak riz k ap avanse nan men li. Konsa, li va leve tèt li wo nan kè l, epi li va detwi anpil moun pandan yo ansekirite. Anplis, li va kanpe kont Prens dè prens yo, men li va vin kraze 24san èd moun.

“Vizyon sila a, aswè ak maten ki te pale a, se verite. Men 25 sele vizyon an, pou l pa pale menm, paske li apatyen a anpil 26jou ki gen pou vini.”

Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Né 1:1; Jen 10:22
  2. Cross-reference Dan 8:20
  3. Cross-reference Dan 11:3
  4. Cross-reference Dan 8:8-21
  5. Cross-reference Dan 8:22
  6. Cross-reference Dan 7:2
  7. Cross-reference Dan 8:23
  8. Cross-reference Sòm 48:2
  9. Cross-reference És 14:13
  10. Cross-reference Dan 7:7
  11. Cross-reference Éz 46:14
  12. Cross-reference És 59:14
  13. Cross-reference Sòm 74:10
  14. Cross-reference Dan 7:25
  15. Cross-reference Dan 7:13
  16. Cross-reference Dan 9:21
  17. Cross-reference Dan 8:19
  18. Cross-reference Dan 10:9
  19. Cross-reference Éz 2:2
  20. Cross-reference Dan 8:15-17
  21. Cross-reference Dan 8:3
  22. Cross-reference Dan 8:8
  23. Cross-reference Dan 8:11-13
  24. Cross-reference Job 34:20
  25. Cross-reference Éz 12:27
  26. Cross-reference Dan 10:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.