Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Daniel 9

Nan premye ane 1Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.

Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di:

“O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan an, 2 ki 3kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo, nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè 4rebèl, jiskaske nou 5vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo. Anplis, nou pa t 6koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a. 7

Ladwati apatyen a Ou menm, O Senyè! Men a nou menm, gwo wont parèt byen klè, jan li ye jis rive nan jou sa a; a moun Juda yo, sila k ap viv Jérusalem, ak tout Israël yo, sila ki rete pre ak sila ki lwen, 8nan tout peyi kote Ou te chase yo ale akoz zak enfidèl ke yo te komèt kont Ou yo. O Senyè, gwo wont ak twoub byen klè se akoz nou, ak wa nou yo, prens nou yo, ak papa zansèt nou yo, akoz yo te peche kont Ou. A Senyè Bondye nou an, se 9Mizerikòd ak padon akoz nou te fè rebèl kont Li. Ni nou pa t obeyi vwa SENYÈ Bondye nou an, pou mache nan enstriksyon ke Li te 10mete devan nou pa sèvitè Li yo, pwofèt yo. Anverite 11tout Israël te transgrese lalwa Ou a, te vire akote e pa t obeyi vwa Ou.

Konsa, 12malediksyon te vide sou nou, ansanm ak sèman ki ekri nan lalwa Moïse, sèvitè Bondye a, paske nou te peche kont Li. Li te konfime pawòl ke Li te pale kont nou, e kont chèf ki te gouvène nou yo, pou fè vini sou nou yon gwo malè. Paske anba tout syèl la, pa t janm gen okenn bagay ki te fèt tankou sa ki te fèt Jérusalem nan.13 Jan sa ekri nan lalwa Moïse la, tout malè sa a te vini sou nou. Malgre sa, nou 14pa t chache gras a SENYÈ a, Bondye nou an, ak desizyon pou 15vire kite inikite nou, e vin okipe nou de verite pa Ou a. Akoz sa, SENYÈ a te 16kenbe malè nan men l, e te pote li sou nou. Paske, SENYÈ a, Bondye nou an, dwat nan tout zèv ke Li fè yo, men nou pa t obeyi vwa li.

Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te 17mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste. O Senyè, an akò ak tout zak ladwati Ou yo, kite 18 gwo kòlè ak mekontantman Ou vire kite vil Ou a, Jérusalem, mòn sen Ou an. Paske, akoz peche nou yo ak inikite a papa zansèt nou yo, Jérusalem ak pèp Ou a te vin yon repwòch pou tout sila ki antoure nou yo.

Pou sa, koulye a, Bondye nou an, koute lapriyè a sèvitè Ou a, ak siplikasyon li yo, e pou koz a Ou menm, O Senyè, 19kite fas ou briye sou sanktyè dezole Ou a. O Bondye mwen an, apiye zòrèy W pou tande! Ouvri zye ou pou wè dezolasyon nou yo, ak vil la ki rele pa non Ou a; paske nou p ap prezante siplikasyon nou yo akoz okenn dwati de nou menm, men akoz gran mizerikòd Ou. 20 O Senyè, koute! O Senyè, padone! O Senyè, tande e aji! Pou koz pa Ou, O Bondye mwen an, 21pa fè reta. Paske vil Ou a, ak pèp Ou a rele pa non Ou.”

Alò, pandan mwen t ap pale, e fè priyè a, pou m 22konfese peche m yo, ak peche a pèp mwen an, Israël, ak prezante siplikasyon mwen yo devan SENYÈ Bondye mwen an, pou mòn sen a Bondye mwen an— pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan 23Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon 24konprann. Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou 25se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.

“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre 26ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.

“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon 27dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble. Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va 28koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens lan ki vini an, va 29detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafen. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine. Li va fè yon akò ki byen fò avèk anpil moun pandan yon semèn. Men nan mitan semèn nan, li va fè sispann sakrifis ak ofrann sereyal yo. Epi sou zèl 30abominasyon yo, va vini yon moun ki fè dezolasyon. Men lè l rive nan fen an nèt, 31 ki deja detèmine, lakòlè va vide sou sila ki fè dezolasyon an.”

Source notes (31)
  1. Cross-reference Dan 5:31
  2. Cross-reference Det 7:21
  3. Cross-reference Det 7:9
  4. Cross-reference Lam 1:18-20
  5. Cross-reference Sòm 119:176
  6. Cross-reference II Kwo 36:16
  7. Cross-reference Jr 23:6
  8. Cross-reference Det 4:27
  9. Cross-reference Né 9:17
  10. Cross-reference II Wa 17:13-15
  11. Cross-reference És 1:3,4
  12. Cross-reference Det 27:15-26
  13. Cross-reference És 44:26
  14. Cross-reference Job 36:13
  15. Cross-reference Jr 31:18
  16. Cross-reference Jr 31:28
  17. Cross-reference Det 5:15
  18. Cross-reference Jr 32:31-32
  19. Cross-reference Nonb 6:24-26; Lam 5:18
  20. Cross-reference Sòm 80:14; Jr 7:10-12
  21. Cross-reference Sòm 44:23
  22. Cross-reference És 6:5
  23. Cross-reference Dan 8:16
  24. Cross-reference Dan 8:16
  25. Cross-reference Dan 10:11,19; Mat 24:15
  26. Cross-reference II Kwo 29:24; És 51:6,8
  27. Cross-reference Esd 4:24
  28. Cross-reference És 53:8
  29. Cross-reference Mat 24:2
  30. Cross-reference Dan 11:31
  31. Cross-reference És 10:23

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.