Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Daniel 2

Alò, nan dezyèm ane règn Nebucadnetsar a, Nebucadnetsar te 1fè rèv yo. Epi lespri li te twouble, e li pa t ka dòmi. Konsa, wa a te pase lòd pou rele fè antre tout 2majisyen yo, mèt zetwal yo, moun ki fè cham, mèt wanga ak Kaldeyen yo pou pale ak wa a, e fè l tande ki rèv li te fè yo. Konsa, yo te antre e te kanpe devan wa a. Wa a te di yo: “Mwen 3te fè yon rèv e lespri m vin twouble pou l ta konprann rèv la.”

Kaldeyen yo te pale ak wa a an Arameyen: “O wa, viv jis pou tout tan! Pale rèv la a sèvitè ou yo e nou va deklare entèpretasyon li.”

Wa a te reponn a Kaldeyen yo: “Lòd mwen an fin etabli: si nou pa fè m konnen rèv la ak entèpretasyon li a, nou va vin 4chire mòso an mòso, e lakay nou va vin yon pil ranblè. Men si nou deklare rèv la ak entèpretasyon li, nou va resevwa nan men m, 5kado, rekonpans ak gwo lonè. Pou sa, fè m deklarasyon rèv la ak entèpretasyon li.”

Yo te reponn yon dezyèm fwa. Yo te di: “Kite wa a 6eksplike rèv la a sèvitè li yo e nou va deklare entèpretasyon li.”

Wa a te reponn: “Mwen konnen, anverite, ke nou ap jwe pou tan, paske nou te wè ke lòd mwen an gentan fin byen etabli. Men si nou pa fè m konnen rèv la, ap gen 7yon sèl dekrè pou nou. Paske nou te vin antann nou, youn ak lòt pou fè manti ak pale pawòl konwonpi devan m, jiskaske bagay la vin chanje. Pou sa a, fè m konnen rèv la pou m ka konnen ke nou kapab deklare entèpretasyon li ban mwen.”

Kaldeyen yo te reponn wa a, e te di: “Nanpwen yon nonm sou latè ki kapab deklare bagay la bay wa a, otan ke okenn gwo wa oswa chèf pa t janm mande okenn bagay konsa a okenn 8majisyen, mèt wanga, oswa Kaldeyen. Anplis, bagay ke wa a mande a difisil, e nanpwen okenn lòt moun ki ka deklare li bay wa a sof ke 9dye yo, ki pa rete nan chè mòtèl.”

Akoz sa, wa a te vin 10ranpli ak kòlè ak gwo mekontantman, e li te bay lòd pou detwi tout mesye saj Babylone yo. Konsa, dekrè a te pibliye ke mesye saj yo ta dwe touye. Konsa, yo t ap chache 11Daniel ak zanmi li yo pou touye yo.

Men Daniel te reponn ak sajès e ak bon konprann a 12Ajoc, chèf kò gad a wa a, ki te ale deyò pou touye mesye saj a Babylone yo. Li te di a Ajoc, chèf pou wa a: “Pou ki rezon dekrè a wa a prese konsa?” Epi Ajoc te pale Daniel tout bagay la. Konsa, Daniel te antre anndan e te fè yon demann a wa a pou li ta bay li tan, pou l ta ka deklare entèpretasyon an bay a wa a.

Epi Daniel te ale lakay li. Li te fè zanmi li yo 13Hanania, Mischaël, ak Azaria okouran konsènan bagay sila a, pou yo ta kapab 14fè yon demann mizerikòd a Bondye syèl la konsènan mistè sa a, pou Daniel ak zanmi li yo pa ta vin detwi ak lòt nan mesye saj a Babylone yo. Konsa, mistè a te revele a Daniel nan yon 15vizyon lannwit lan. Daniel te di:

“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,

paske 16sajès ak pouvwa se pou Li.

Se Li menm ki 17chanje tan ak sikonstans yo.

Li retire wa e Li etabli wa.

Li bay sajès a moun saj yo,

e konesans a moun ki gen bon konprann.

Se Li menm ki 18revele sekrè pwofon yo.

Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,

e se limyè a ki rete avè L.

A Ou menm, O 19Bondye de papa zansèt mwen yo,

mwen remèsye Ou.

Mwen bay Ou lwanj,

paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.

Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa

ke nou te mande Ou a,

Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”

Akoz sa, Daniel te antre kote Ajoc, ke wa a te chwazi pou detwi mesye saj a Babylone yo. Li te antre e te pale avè l konsa: 20 “Pa detwi mesye saj a Babylone yo! Pran m antre nan prezans a wa a, e mwen va deklare entèpretasyon an bay wa a.”

Konsa, Ajoc te 21mennen Daniel byen vit devan prezans a wa a, e li te pale avèk li konsa: “Mwen te twouve yon nonm pami egzile Juda yo ki kapab fè wa a konnen entèpretasyon an.”

Wa a te di a Daniel, ki te rele 22Beltschatsar: “Èske ou kapab fè m konnen rèv ke m te fè a, ak entèpretasyon li an?”

Daniel te reponn devan wa a. Li te di: 23“Konsènan mistè sou sila wa a te mande a, ni mesye saj yo, ni mèt zetwal yo, ni majisyen yo, ni divinò yo p ap kapab deklare sa a wa a. Men gen yon Bondye nan syèl la ki devwale mistè yo, e Li te fè konnen a Wa Nebucadnetsar sa ki va rive nan 24dènye jou yo. Men rèv ak vizyon nan tèt ou yo sou kabann ou an, se konsa:

“Konsènan ou menm, o wa, pandan sou kabann ou an, refleksyon ou te vire vè sa ki ta vin rive nan tan ki gen pou vini yo. Epi 25Sila ki fè revelasyon mistè yo te fè ou konnen sa k ap vini yo. Men selon mwen menm, mistè sa a pa t revele a mwen menm akoz sajès ki plis pase tout lòt moun k ap viv yo, men pou bi ke entèpretasyon an ta kapab vin konnen a wa a, e ke ou ta ka konprann 26refleksyon a panse ou yo.

“Ou menm, O wa, ou t ap gade e vwala, te gen yon sèl gwo estati. Estati sa a, ki te byen laj e tèlman bèl, te kanpe devan ou e aparans li te 27etonan. 28Tèt estati a an lò fen, lestomak ak bra li an ajan, vant li ak kwis li an bwonz, janm li an fè, pye li, yon pati an fè e yon pati an ajil. Ou te kontinye gade, jiskaske yon pyè wòch te taye 29san men moun, e li ta frape estati a sou pye li ki fèt an fè ak ajil la e li te kraze yo an mòso. Epi fè a, ajil la, bronz ak ajan an te vin kraze nan menm moman an e te vin tankou pay ki sòti sou glasi vannen nan gran sezon. Konsa, van te pote yo ale jiskaske 30yo pa t menm jwenn tras yo. Men wòch ki te frape estati a te vin fè yon gwo mòn, e te ranpli tout latè.

“Se sa ki te rèv la. Konsa, nou va bay 31lentèpretasyon li devan wa a. Ou menm, O wa, ou se 32wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a. Epi nenpòt kote fis a lòm yo rete, oswa 33bèt nan chan yo, oswa zwazo syèl yo, Li te bay yo nan men ou, e Li te fè ou chèf sou yo. Ou se tèt an lò a.

“Apre ou, va leve yon lòt wayòm ki enferyè a ou menm e yon lòt twazyèm ak bwonz, ki va renye sou tout latè. Epi va gen yon 34katriyèm wayòm ak fòs tankou fè. Menm jan ke fè a kraze e fann tout bagay yo, konsa, tankou fè ki kraze vin fè anpil mòso yo, li va vin kraze e fann tout sila yo an mòso. Nan sila ou te wè pye ak dwèt pye yo, yon pati an fè ak yon pati an ajil la, li va yon wayòm divize. Men li va genyen nan li kapasite pou vin di kon fè, jan ou te wè fè a mele ak ajil la. Dwèt pye li yo te mele fè ak kanari; konsa, yon pati nan wayòm nan va fò e yon pati va frajil. Epi jan ou te wè fè a mele ak ajil òdinè a, yo va vin mele youn ak lòt nan jèm a lòm; men yo p ap kole byen youn ak lòt, menm jan fè a pa mele ak kanari.

“Nan jou a wa sila yo, Bondye syèl yo va 35etabli yon wayòm ki p ap janm detwi, e wayòm sa a p ap lese pou yon lòt pèp. Li va kraze e mete fen a tout wayòm sila yo, men li va, li menm dire pou tout tan. Jan ou te wè ke yon wòch te taye sòti sou yon mòn san sèvi ak men moun e ke li te kraze fè a, bwonz lan, ajil la, ajan an, ak lò a 36gran Bondye a te fè konnen a wa a sa ki va rive nan tan k ap vini an. Donk, rèv la vre e entèpretasyon li fèt ak fidelite.”

Konsa, Wa Nebucadnetsar te tonbe sou figi li. Li te rann 37omaj a Daniel e li te pase lòd pou prezante li ak yon ofrann ak lansan ki santi bon. Wa a te reponn Daniel. Li te di: “Anverite, Bondye ou a se yon 38Dye a tout dye yo, yon Senyè a wa yo, e youn ki devwale mistè yo; paske ou te vin gen kapasite pou revele mistè sila a.”

Konsa, wa a te 39Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo. Daniel te fè yon demann a wa a, e wa a te chwazi Schadrac, Méschac ak Abed-Nego sou tout afè yo nan pwovens Babylone, men se te Daniel ki te rete nan pòtay a wa a.

Source notes (39)
  1. Cross-reference Jen 40:5-8
  2. Cross-reference Jen 41:8
  3. Cross-reference Jen 40:8
  4. Cross-reference Éz 6:11
  5. Cross-reference Dan 2:48
  6. Cross-reference Dan 2:4
  7. Cross-reference Est 4:11
  8. Cross-reference Dan 2:2-27
  9. Cross-reference Jen 41:39
  10. Cross-reference Sòm 76:10
  11. Cross-reference Dan 1:19-20
  12. Cross-reference Dan 2:24
  13. Cross-reference Dan 1:6
  14. Cross-reference Est 4:15
  15. Cross-reference Nonb 12:6
  16. Cross-reference I Kwo 29:11-12
  17. Cross-reference Sòm 31:15
  18. Cross-reference Job 12:22
  19. Cross-reference Jen 31:42
  20. Cross-reference Dan 2:12-13
  21. Cross-reference Dan 1:7
  22. Cross-reference Jen 46:8-27
  23. Cross-reference Dan 2:2-11
  24. Cross-reference Jen 49:1
  25. Cross-reference Dan 2:23-47
  26. Cross-reference Sòm 139:2
  27. Cross-reference Hab 1:7
  28. Cross-reference Dan 2:38
  29. Cross-reference Dan 8:25
  30. Cross-reference Sòm 37:10
  31. Cross-reference Dan 2:24
  32. Cross-reference És 47:5
  33. Cross-reference Sòm 50:10-11
  34. Cross-reference Dan 7:23
  35. Cross-reference És 9:6-7
  36. Cross-reference Det 10:17
  37. Cross-reference Dan 3:5-7
  38. Cross-reference Det 10:17
  39. Cross-reference Jen 41:39-43

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.