Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Daniel 3

Wa Nebucadnetsar te fè yon estati fèt an lò ak yon 1imaj lò, wotè a sila a te swasant koude e lajè li sis koude. Li te fè l monte sou plèn Dura nan pwovens a Babylone. Epi Nebucadnetsar, wa a, te voye rasanble tout 2satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, tout majistra ak chèf an pwovens yo pou vini nan seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. Konsa, satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, konseye yo, trezorye yo, jij yo, majistra yo ak tout chèf an pwovens yo te rasanble pou seremoni dedikas imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a; epi yo te kanpe devan imaj ke Nebucadnetsar te fè monte a.

Moun ki konn fè piblikasyon pou wa a te pwoklame byen fò: “A nou menm, lòd la bay 3O pèp yo, nasyon yo ak tout lang yo, ke nan moman ke nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, nou va pwostène nou pou adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a. Men, nenpòt moun ki pa pwostène pou adore va, lapoula, vin jete nan yon 4founo dife byen cho.”

Pou sa, lè tout pèp yo te tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, tout pèp yo, nasyon yo ak langaj yo te pwostène e te adore imaj an lò ke Nebucadnetsar, wa a, te fè monte a.

Pou rezon sa a, nan lè sa a, kèk Kaldeyen te vin parèt pou fè pwosè kont Jwif yo.5 Yo te pale e te di a Nebucadnetsar, wa a: 6“O wa, viv jis pou tout tan! Ou menm, O wa, ou te 7fè yon dekrè ke tout moun ki tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, yo va pwostène pou adore imaj an lò a. Men nenpòt moun ki pa pwostène, va jete nan mitan a yon founo dife byen cho. Genyen sèten Jwif ke ou te 8chwazi sou administrasyon pwovens Babylone nan, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Mesye sila yo, O wa, pa t okipe ou. Yo pa sèvi dye pa ou yo, ni adore imaj an lò ke ou te fè monte a.”

Epi Nebucadnetsar 9byen anraje ak kòlè te pase lòd pou mennen Schadrac, Méschac ak Abed-Nego. Epi mesye sila yo te mennen devan wa a. Nebucadnetsar te reponn e te di yo: “Èske se vrè, Schadrac, Méschac ak abed-Nego, ke nou pa sèvi 10dye mwen yo, ni adore imaj an lò ke mwen te fè monte a? Alò, si nou pare, nan moman nou tande son a twonpèt la, flit la, bandyo a, saltiyon an, gita a, kònmiz lan, ak tout lòt kalite enstriman mizik yo, pou nou pwostène e adore imaj ke mwen te fè a, se byen. Men, si nou pa adore, nou va byen vit 11jete nan yon founo dife byen cho. Epi 12ki dye ki genyen ki kapab delivre nou sòti nan men mwen?” 13

Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi 14Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. Men menm si li pa fè sa, 15kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”

Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak 16chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a. Li te kòmande sèten gèrye vanyan ki te nan lame li a pou mare Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, pou yo ta jete yo nan founo dife byen cho a. Alò, mesye sila yo te mare nèt ak 17pantalon yo, mayo yo, kas yo, ak tout lòt rad pa yo, e yo te jete nan mitan founo dife byen cho a. Pou rezon sa a, akoz lòd a wa te 18byen ijan e founo a te vin tèlman cho, flanm dife a te touye mesye ki te pote, fè monte, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego yo. Men twa mesye sila yo, 19Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.

Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?”

Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”

Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap 20mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!” Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a 21Bondye Pi Wo a, e vini isit!”

Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego 22te sòti nan mitan dife a. Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.23

Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye 24zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete 25konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a. Konsa, mwen 26fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske 27nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”

Answit, wa a te 28fè Schadrac, Méschac ak Abed-Nego vin pwospere nan pwovens Babylone nan.

Source notes (28)
  1. Cross-reference I Wa 12:28
  2. Cross-reference Dan 3:3-27
  3. Cross-reference Dan 3:7
  4. Cross-reference Jr 29:22
  5. Cross-reference Éz 4:12-16
  6. Cross-reference Dan 2:4
  7. Cross-reference Est 3:12-14
  8. Cross-reference Dan 2:49
  9. Cross-reference Dan 2:12
  10. Cross-reference És 46:1
  11. Cross-reference Dan 3:6
  12. Cross-reference Egz 5:2
  13. Cross-reference Dan 1:7
  14. Cross-reference I Sam 17:37
  15. Cross-reference Eb 11:25
  16. Cross-reference Est 7:7
  17. Cross-reference Dan 3:27
  18. Cross-reference Egz 12:33
  19. Cross-reference És 43:2
  20. Cross-reference Sòm 91:3-9
  21. Cross-reference Dan 3:17
  22. Cross-reference Det 4:20
  23. Cross-reference És 43:2; Dan 3:21
  24. Cross-reference Sòm 34:7-8
  25. Cross-reference Sòm 22:4-5
  26. Cross-reference Dan 6:26
  27. Cross-reference Dan 2:47
  28. Cross-reference Dan 2:49

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.