Bib Sen An
Daniel 4
Nebucadnetsar, wa a
a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a:
“Ke lapè nou kapab vin anpil!1
Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke 2 Bondye Pi Wo a te fè pou mwen yo.
A la gran, 3sign Li yo gran!
A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan!
Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan,
epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.
Mwen, Nebucadnetsar, mwen te alèz nan lakay mwen e mwen 4t ap pwospere nan palè mwen an. Mwen te fè yon rèv e li te fè m gen gwo laperèz; epi refleksyon sila yo sou kabann mwen ak 5vizyon yo nan panse m te fè m gen gwo laperèz. Konsa, mwen te pase lòd pou fè 6mennen devan prezans mwen tout mesye saj Babylone yo, pou yo ta ka fè m konnen entèpretasyon a rèv la. Epi majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen yo ak divinò yo te antre e mwen te pale yo rèv la, men yo pa t ka fè m konnen 7entèpretasyon li. Men finalman, Daniel te antre devan m, ke non li te Beltschatsar, selon non dye pa mwen an e nan sila 8lespri a dye sen yo ye a. Mwen te pale rèv la a li menm, e te di:
O Beltschatsar, chèf majisyen yo, akoz mwen konnen ke lespri a dye sen yo nan ou e 9nanpwen mistè ki difisil pou ou 10fè m konnen vizyon a rèv mwen ke m te fè yo, ansanm ak entèpretasyon li. Alò, men vizyon ki te nan tèt mwen pandan mwen kouche sou kabann mwen an: Mwen t ap gade e vwala, yon 11bwa nan mitan tè a, e wotè l te byen gran. Bwa a te grandi byen gwo, e li te vin fò epi wotè l te 12rive jis nan syèl la. Li te vizib jis rive nan dènye pwent a tout tè a. Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.13
Mwen t ap gade vizyon yo nan panse m, sou kabann mwen an, epi vwala 14youn ki sen k ap veye te desann soti nan syèl la. Li te kriye fò e te pale konsa: Koupe bwa a, e retire branch li yo! Retire tout fèy li, e gaye fwi li yo! Kite bèt yo ale soti anba l ak zwazo yo soti sou branch li.15 Sepandan 16kite chouk la rete anrasine nan tè a, menm avèk yon bann an fè ak bwonz k ap ansèkle l nan zèb nèf chan an. Kite moun sa a tranpe ak lawouze syèl la. Kite li pataje zèb la avèk bèt chan latè yo. Kite kè li vin chanje pou l pa kè moun ankò, men ke kè a yon bèt vin bay a li menm. Konsa, kite 17sèt epòk vin pase sou li.
Dekrèt sa a se dekrè a sila ki t ap veye yo, epi desizyon sa a se yon lòd a sila ki sen yo, pou tout sila k ap viv yo kapab 18konnen, ke Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, epi Li va 19 bay li a nenpòt moun Li pito, epi Li va ranje bay li sou moun ki pi ba yo.
Sa se rèv ke mwen menm, Nebucadnetsar, te fè. Alò, ou menm, Beltschatsar, ou fè m konnen entèpretasyon li, kòmsi nanpwen lòt moun pami 20mesye saj wayòm mwen yo ki kapab fè m konnen entèpretasyon an. Men ou menm, ou kapab, paske lespri a dye sen yo nan ou.”
Konsa Daniel, ki rele Beltschatsar, te vin bèbè pandan yon ti tan e 21refleksyon li yo te fè l pè. Wa a te reponn e te di: “Beltschatsar, pa kite rèv la, ni entèpretasyon li twouble ou.”
Beltschatsar te reponn: “Senyè mwen, pito ke rèv la te apatyen a sila ki rayi ou yo, e entèpretasyon li a lènmi ou yo! 22Pyebwa ke ou te wè a, ki te vin gran, e te vin fò a, wotè a sila ki te rive jis nan syèl la, e te vizib a tout tè a; epi fèy a sila ki te bèl, fwi anpil la, pyebwa nan sila te gen manje pou tout moun nan, pyebwa anba sila bèt chan yo te viv la, e sou branch a sila zwazo syèl yo te vin poze a— se 23ou menm, O wa! Paske ou te vin gran, e ou te vin fò; epi majeste ou te vin gran rive jis nan syèl la, e 24dominasyon ou jis rive nan dènye pwent latè.
“Epi tandiske wa a te wè youn ki t ap veye, youn ki sen, ki t ap desann kite syèl la, e ki t ap di: 25‘Koupe bwa a e detwi li; sepandan, kite chouk la ak rasin li nan tè a, menm avèk yon bann fè ak bwonz k ap ansèkle li nan zèb nèf nan chan an, kite li menm moun nan tranpe ak lawouze syèl la, e kite li pataje li ak bèt chan yo jiskaske sèt epòk vin pase sou li,’
“Sa se entèpretasyon an, O wa, e sa se dekrè a Pi Wo a ki te 26vin rive sou senyè mwen an, wa a: Ke ou va chase ale lwen de moun, ou va rete ak bèt chan, yo va fè ou manje zèb tankou bèf, e ou va tranpe ak lawouze syèl la. Epi sèt epòk va vin pase sou ou jiskaske ou vin rekonèt ke 27Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e Li bay li a sila ke Li pito. Epi, tandiske li te kòmande pou kite chouk la, ak rasin pyebwa a, wayòm ou an va asire apre ou vin rekonèt ke se 28syèl la ki renye. Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk 29montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”
Tout sa te vin rive a Nebucadnetsar, wa a.30 31Douz mwa pita, li t ap mache sou twati palè wa a Babylone. Wa a te reflechi e te di: “Èske se pa Gran Babylone 32sa a, ke m te bati kon yon rezidans wayal pa fòs pouvwa mwen an, e pou glwa a pwòp majeste mwen an?”
Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou. Ou va chase ale lwen de moun e plas ou pou rete va avèk bèt chan yo. Yo va fè ou manje zèb tankou bèf e sèt epòk va pase sou ou jiskaske ou rekonèt ke Pi Wo a se chèf sou tout wayòm a lèzòm e Li bay li a nenpòt moun ke Li pito.’”33
Lapoula, pawòl konsènan Nebucadnetsar a te vin akonpli. Li te 34chase ale lwen de moun, li te kòmanse manje zèb tankou bèf, kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske cheve li te vin gran kon plim a yon èg, e zong li kon zong a yon zwazo.
Men lè tan sa a te fini, mwen menm, Nebucadnetsar, mwen te leve zye m vè syèl la, bon konprann mwen te retounen sou mwen. Mwen te beni 35Pi Wo a, mwen te louwe e mwen te bay omaj a 36Sila ki vivan jis pou tout tan an;
Paske règn Li se yon règn ki dire pou tout tan
epi wayòm Li de jenerasyon an jenerasyon.
Tout sila ki rete sou latè yo pa konte pou anyen,
men 37Li fè selon volonte Li nan lame syèl la
e pami sila ki rete sou latè yo;
epi nanpwen moun ki ka evite men Li,
ni mande Li: “Kisa Ou fè la a?”
Nan lè sa a 38bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon 39pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen. Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske 40tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki 41mache ak ògèy yo.
Source notes (41)
- Cross-reference Éz 4:17
- Cross-reference Dan 3:26
- Cross-reference Sòm 77:19
- Cross-reference Sòm 30:6
- Cross-reference Dan 2:1-28
- Cross-reference Jen 41:8
- Cross-reference És 44:25
- Cross-reference Dan 4:9-18
- Cross-reference Éz 28:3
- Cross-reference Jen 41:15
- Cross-reference Éz 31:3-6
- Cross-reference Det 9:1
- Cross-reference Jr 27:6
- Cross-reference Det 33:2
- Cross-reference Éz 31:10-14
- Cross-reference Job 14:7-9
- Cross-reference Dan 4:23-32
- Cross-reference Sòm 9:16
- Cross-reference Jr 27:5-7
- Cross-reference Jen 41:8-15
- Cross-reference Jr 4:19
- Cross-reference Dan 4:10-12
- Cross-reference II Sam 12:7
- Cross-reference Jr 27:6,7
- Cross-reference Dan 4:14-15
- Cross-reference Job 40:11-12
- Cross-reference Sòm 83:18
- Cross-reference Dan 2:18-44
- Cross-reference Sòm 41:1-3
- Cross-reference Nonb 23:19
- Cross-reference II Pi 3:9
- Cross-reference Eb 2:4
- Cross-reference Dan 4:25; Dan 4:16
- Cross-reference Dan 4:25
- Cross-reference Dan 4:2
- Cross-reference Sòm 102:24-27
- Cross-reference Sòm 33:11; Job 42:2
- Cross-reference II Kwo 33:12,13
- Cross-reference Pwov 22:4
- Cross-reference Det 32:4
- Cross-reference Egz 18:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.