Bib Sen An
Daniel 5
Belschatsar, wa a te fè yon 1gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote 2veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. Yo te bwè diven an e te louwe dye a 3lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a. Konsa, figi a wa a te vin blanchi, refleksyon li yo te fè l gen gwo laperèz; jwen ren li te vin pèdi fòs e jenou li te kòmanse souke jiskaske youn t ap frape kont lòt.
Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”
Alò, tout moun nan mesye saj a wa yo te antre, men 4yo pa t ka li enskripsyon an ni fè wa a konnen sa li vle di. Epi wa Belschatsar te plen ak 5gwo laperèz, figi li te vin pi pal e prens li yo te vin twouble.
Rèn nan te antre nan kay bankè a akoz pawòl a wa a ak prens li yo. Rèn nan te pale e te di: 6“O wa, viv jis pou tout tan! Pa kite refleksyon ou yo fè ou pè, ni figi ou vin pal. Gen yon 7nonm nan wayòm ou a, nan li menm twouve 8lespri a dye sen yo; epi nan jou a papa ou yo, limyè, bon konprann, ak sajès tankou sajès a dye yo te twouve nan li. Epi Wa Nebucadnetsar, papa ou, Wa a, te chwazi li chèf sou majisyen yo, mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Se te akoz yon 9lespri ekstrawòdinè, konesans, bon konprann, entèpretasyon a rèv yo, eksplikasyon a fraz ki nwa ak kapasite pou rezoud pwoblèm difisil. Tout sa te twouve nan Daniel sila a, ke wa a te rele Beltschatsar. Kounye a, kite yo rele Daniel e li va fè deklarasyon a entèpretasyon an.”
Konsa, Daniel te mennen devan wa a. Wa a te pale e te di a Daniel: “Èske ou se menm Daniel ki te youn nan 10egzile a Juda yo, ke papa mwen, wa a, te mennen soti Juda a? Alò, mwen te tande de ou menm, ke lespri a dye yo nan ou, ke konesans, bon konprann ak sajès ki depase tout moun twouve nan ou. Epi koulye a, mesye saj yo, mèt zetwal yo te mennen devan m pou yo ta ka li enskripsyon sa a e fè entèpretasyon an vin konnen a mwen menm, men yo 11pa t ka deklare entèpretasyon a mesaj la. Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”12
Daniel te reponn e te di devan wa a: 13“Kenbe kado ou yo pou ou menm, oswa bay rekonpans ou yo a yon lòt moun. Sepandan, mwen va li enskripsyon an pou wa a, e fè l konnen lentèpretasyon an.
“O wa, 14 Bondye Pi Wo a 15te bay souverènte, grandè ak glwa a Nebucadnetsar, papa ou. Akoz grandè ke Li te bay li a, tout pèp yo, nasyon ak lang yo te gen lakrent li, e te tranble devan l. 16Nenpòt moun li te pito, li te touye l, e nenpòt moun li te pito, li te lese l viv. Epi nenpòt moun li te pito, li te leve l e nenpòt moun li te pito, li te imilye l. Men lè kè l te 17vin egzalte wo, lespri li te vin 18tèlman ògeye, ke li te aji ak awogans, li te depoze de twòn wayal li a, e glwa li a te rache soti nan men l. Anplis, li te 19chase lwen de lòm, kè l te vin transfòme kon kè a bèt, e li te vin rete ak bourik mawon. Yo te fè li manje zèb kon bèf, e kò l te tranpe ak lawouze syèl la jiskaske li te vin rekonèt Bondye Pi Wo a se chèf sou wayòm a lèzòm, e ke li mete chèf sou li sila ke Li pito.
“Malgre sa, ou menm, fis li a, Belschatsar 20pa t imilye kè ou, malgre ou te konnen tout sa, men ou te 21egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, 22nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa. Konsa, men an te voye devan l, e sa se enskripsyon ki te byen ekri a.23
“Alò, sa se enskripsyon ki te byen ekri a: ‘MENE, MENE, TEKEL, UPHARSIN.’
“Sa se entèpretasyon a mesaj la: ‘MENE’—Bondye te konte wayòm ou an e te mete fen a li.24
‘TEKEL’—ou te 25peze sou balans e ou te manke.
‘PERES’—wayòm ou an vin divize, e li va bay a 26 moun Mèd ak Pès yo.”
Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te 27abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.
Menm nwit sa a, Belschatsar, wa Kaldeyen an te touye.28 Konsa 29Darius, Mèd la, te resevwa wayòm nan ak anviwon laj swasann-de lane.
Source notes (29)
- Cross-reference Est 1:3
- Cross-reference II Wa 24:13
- Cross-reference Sòm 115:4
- Cross-reference Jen 41:8
- Cross-reference Job 18:11
- Cross-reference Dan 3:9
- Cross-reference Jen 41:11-15
- Cross-reference Dan 4:8
- Cross-reference Dan 5:14
- Cross-reference Éz 4:1
- Cross-reference És 47:12
- Cross-reference Jen 40:8
- Cross-reference II Wa 5:16
- Cross-reference Dan 4:2
- Cross-reference Dan 2:37
- Cross-reference Dan 2:12-13
- Cross-reference Egz 9:17
- Cross-reference II Wa 17:4
- Cross-reference Job 30:3-7
- Cross-reference Egz 10:3
- Cross-reference II Wa 14:10
- Cross-reference Job 12:10
- Cross-reference Dan 5:5
- Cross-reference És 13:6,17-19
- Cross-reference Job 31:6
- Cross-reference És 13:17
- Cross-reference Dan 5:7-16
- Cross-reference És 21:4-9
- Cross-reference Dan 6:1
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.