Bib Sen An
Daniel 6
Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te 1Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufri okenn pèt. Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon 2lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou 3tout wayòm nan.
Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn 4okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan 5lalwa Bondye li a.”
Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan!6 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te 7fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe 8jete nan fòs lyon an. Alò, O wa, 9fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.” Konsa Darius, wa a, te 10siyen dokiman an, ak dekrè a.
Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou 11fè lapriyè, e 12bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te konn fè oparavan an. Alò, mesye sila yo te reyini ansanm 13 e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a. Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?”
Wa a te reponn: “Pawòl sa a se verite, selon 14Lalwa a Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje menm.”
Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo 15pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.” Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon 16lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: 17“Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
Yon 18wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel. Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.19
Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an. Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske 20Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a 21te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
Konsa, Daniel te reponn a wa a: 22“O wa, viv jis pou tout tan! Bondye mwen an 23te voye zanj li. Li 24te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te 25mete konfyans nan Bondye li a.
Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te 26jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a: 27
“Ke lapè ou kapab vin miltipliye!
Mwen fè yon dekrè ke nan tout dominasyon wayòm mwen an, pou tout moun gen pou gen lakrent e tranble devan Dye Daniel la;
Paske Li se 28Bondye vivan an,
ki 29dire jis pou tout tan an,
epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap janm detwi.
Règn li an va jis pou tout tan.
Li delivre e Li sove,
Li fè sign ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a.
Li menm ki te delivre Daniel soti nan pouvwa a lyon yo.”30
Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.31
Source notes (31)
- Cross-reference Dan 2:48,49
- Cross-reference Dan 5:12,14
- Cross-reference Jen 41:40
- Cross-reference Dan 6:22
- Cross-reference Trav 24:13-21
- Cross-reference Né 2:3
- Cross-reference Sòm 59:3
- Cross-reference Sòm 10:9
- Cross-reference Est 3:12; Est 1:19
- Cross-reference Sòm 118:9
- Cross-reference Dan 9:4-19
- Cross-reference Sòm 34:1
- Cross-reference Sòm 37:32-33
- Cross-reference Est 1:19
- Cross-reference Est 3:8
- Cross-reference Est 8:8
- Cross-reference Job 5:19
- Cross-reference Lam 3:53
- Cross-reference II Sam 12:16,17; Est 6:1
- Cross-reference Jen 18:14
- Cross-reference Dan 6:16,27
- Cross-reference Dan 2:4
- Cross-reference Sòm 91:11-13
- Cross-reference Nonb 20:16
- Cross-reference I Kwo 5:20
- Cross-reference Det 19:18,19; Det 24:16
- Cross-reference Esd 4:17
- Cross-reference Dan 4:34
- Cross-reference Sòm 93:1,2
- Cross-reference Dan 4:2-3
- Cross-reference II Kwo 36:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.