Bib Sen An
Amos 9
Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an mòso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va 1touye rès yo ak nepe. Yo 2p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. Menmsi yo ta fouye antre nan 3sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo 4monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va 5chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande 6sèpan an, e li va mòde yo. Menmsi yo antre an 7kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki 8touche tè a pou li fann, e 9tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.10 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak 11Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan 12Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va 13souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. Tout 14pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: 15‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ Nan jou sa a, Mwen va 16fè leve 17Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 18pou yo kapab vin posede retay 19Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè 20sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
lè 21mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
Anplis, Mwen va 22restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va 23rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e 24yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.
Source notes (24)
- Cross-reference Am 7:17
- Cross-reference Jr 11:11
- Cross-reference Sòm 139:8
- Cross-reference Jr 51:53
- Cross-reference Jr 16:16
- Cross-reference És 27:1
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference Sòm 104:32
- Cross-reference Am 8:8
- Cross-reference És 13:10; Sòm 104:3,13
- Cross-reference Det 2:23
- Cross-reference Jr 5:10
- Cross-reference És 30:28
- Cross-reference És 33:14
- Cross-reference Am 6:3
- Cross-reference Trav 15:16-18
- Cross-reference És 16:5
- Cross-reference Ab 19
- Cross-reference Nonb 24:18
- Cross-reference Lev 26:5
- Cross-reference Jl 3:18
- Cross-reference Sòm 53:6
- Cross-reference És 61:4
- Cross-reference És 60:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.