Bib Sen An
Amos 8
Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”
Konsa, SENYÈ a te di mwen: 1
“Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.
Mwen p ap 2pwoteje yo ankò.
Kantik a tanp lan va tounen chan lamantasyon
nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. 3
“Kadav yo va anpil.
Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
Tande sa, nou menm k ap 4 vale malere yo nèt,
pou mete fen a tout pòv yo,
k ap di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini
pou nou ka vann sereyal la?
Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?
N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.
Anplis, n ap 5twonpe ak balans malonèt,
pou 6achte sila ki san sekou a pou lajan,
ak malere a pou de grenn sapat.
Menm balizaj ble a n ap vann!’”
SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la:
“Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.7
Akoz sa, èske peyi a p ap 8pran tranble,
e tout moun ki rete ladann p ap 9 fè lamantasyon?
Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil lan.
Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a,
ke Mwen va fè 10solèy la desann a midi,
e mwen va 11fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy;
tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon.
Mwen va fè nou pote 12twal sak sou senti a tout moun,
ak tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li 13tankou yon moman dèy
pou yon sèl fis inik,
e lafen li tankou yon jou anmè.
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo,
men 14pou koute pawòl SENYÈ a.
Pèp la va kilbite tou egare
sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou 15chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo
ak jennonm yo va 16vin endispoze akoz swaf la.
Menm jan pou sila ki sèmante pa 17peche Samarie a,
ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O 18Dan!’
e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
Source notes (18)
- Cross-reference Éz 7:2,3,6
- Cross-reference Am 7:8
- Cross-reference Am 6:8-10
- Cross-reference Sòm 14:4
- Cross-reference Os 12:7
- Cross-reference Am 2:6
- Cross-reference És 13:10; Sòm 10:11
- Cross-reference Sòm 18:7
- Cross-reference Os 4:3
- Cross-reference Job 5:14
- Cross-reference És 59:9,10
- Cross-reference És 15:2,3
- Cross-reference Jr 6:26
- Cross-reference I Sam 3:1
- Cross-reference Éz 20:3,31
- Cross-reference És 41:17
- Cross-reference Os 8:5
- Cross-reference I Wa 12:28,29
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.