Bib Sen An
Travay 18
Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale 1Corinthe.
Epi li te twouve yon sèten Jwif la ki te rele 2Aquilas, yon moun Pont ki te fenk vin sòti Italie avèk madanm li Priscille, paske Claude te kòmande tout Jwif yo pou kite Rome. Paul te ale kote yo. Akoz li te gen menm metye a, li te rete avèk yo, e 3yo t ap travay, paske se moun ki fè tant yo te ye. Li t ap rezone nan sinagòg la chak 4Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.
Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou 5temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te 6Jésus ki te Kris la. Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke 7san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a 8mwen va ale kote pèp etranje yo.”
Answit li te kite la pou ale lakay a yon sèten nonm ki te rele Titius Justus, yon adoratè 9Bondye, ki te gen kay li toupre sinagòg la. 10
Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a 11avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.
Epi Senyè a te di Paul nan yon 12vizyon pandan nwit lan: “Pa pè ankò, men kontinye pale, e pa fè silans; paske Mwen avèk ou, e nanpwen moun k ap atake ou pou fè ou mal, paske Mwen gen anpil moun nan vil sa a.” Konsa, li te rete la pandan en an si mwa, e li t ap enstwi pawòl Bondye a pami yo.
Men pandan Gallion te pwokonsil Achaië 13Jwif yo avèk yon sèl vwa te leve kont Paul, e te mennen l devan 14chèz jijman an. Yo t ap di: “Nonm sila ap fè moun kwè pou adore Bondye 15kont lalwa a.”
Men lè Paul te prèt pou 16louvri bouch li, Gallion te di a Jwif yo: “Si se te yon ka a yon enjistis, oswa yon krim visye, O Jwif yo, li ta rezonab pou m ta bay nou soutyen. Men si gen 17kesyon konsènan pawòl, oswa non, oswa pwòp lwa pa nou, okipe sa nou menm. Mwen pa gen enterè nan jije bagay sa yo.” Epi li te chase yo sòti devan 18chèz jijman an.
Konsa, yo tout te sezi 19Sosthène, mèt sinagòg la, e te kòmanse bat li devan chèz jijman an. Men Gallion pa t okipe bagay sa yo menm.
Paul, apre li te rete pandan anpil jou ankò, te kite frè yo pou te monte sou lanmè a pou rive Syrie, e avèk li te gen Priscille ak Aquilas. Nan Cenchrées 20li te fè yo pase razwa sou cheve tèt li, paske li t ap swiv yon ve.
Yo te rive 21Éphèse, e li te kite yo la. Alò, li menm te antre nan sinagòg la pou te rezone avèk Jwif yo. Lè yo te mande li pou rete avèk yo pou plis tan, li pa t dakò, men li te kite yo e t ap di: “Mwen va retounen kote nou ankò 22si Bondye vle”. E li te pran bato a vwal pou soti Éphèse.
Lè l te rive 23Césarée, li te monte pou salye legliz la, e li te desann 24Antioche.
Lè l te fin pase kèk tan la, li te sòti e te travèse youn apre lòt, nan rejyon a 25Galatie a ak Phrygie kote li te ranfòse tout disip yo.
Alò, yon sèten Jwif ki te rele 26Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. Mesye sa te enstwi 27nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman 28batèm a Jean an. Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè 29Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.
Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a 30disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre 31atravè Ekriti Sen yo ke 32Jésus se te Kris la.
Source notes (32)
- Cross-reference Trav 18:8
- Cross-reference Trav 18:18,26
- Cross-reference Trav 20:34
- Cross-reference Trav 13:14
- Cross-reference Trav 20:21
- Cross-reference Trav 17:3
- Cross-reference II Sam 1:16
- Cross-reference Trav 13:46
- Cross-reference Trav 13:43
- Cross-reference II Sam 1:16
- Cross-reference Trav 13:46
- Cross-reference Trav 9:10
- Cross-reference I Tes 2:1
- Cross-reference Mat 27:19
- Cross-reference Jn 19:7
- Cross-reference Mat 5:2
- Cross-reference Trav 23:29
- Cross-reference Mat 27:19
- Cross-reference I Kwo 1:1
- Cross-reference Nonb 6:2,5,9,18
- Cross-reference Trav 18:21,24
- Cross-reference Wo 1:10
- Cross-reference Trav 8:40
- Cross-reference Trav 11:19
- Cross-reference Trav 16:6
- Cross-reference Trav 19:1
- Cross-reference Trav 9:2
- Cross-reference Luc 7:29
- Cross-reference Trav 18:2,18
- Cross-reference Trav 11:26
- Cross-reference Trav 8:35
- Cross-reference Trav 18:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.