Bib Sen An
Travay 17
Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive 1Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.
Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa 2Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la 3te oblije soufri e 4leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”
Kèk nan yo te vin kwè, e te vin jwenn avèk Paul ak Silas, ansanm avèk yon gran kantite 5Grèk ki te krent Bondye, ak yon kantite 6fanm enpòtan.
Men 7Jwif yo te vin jalou, e te mennen kèk mesye mechan sòti nan mache a. Yo te fòme yon ekip ajitatè, e te mete tout vil la nan yon tapaj. Lè yo te rive lakay Jason, yo t ap chache mennen yo deyò bay pèp la.
Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout 8mond lan rive isit la tou. Se Jason ki 9resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!” Foul la ak chèf yo te byen twouble lè yo tande bagay sa yo.
Lè yo te resevwa yon bon garanti nan men 10Jason ak lòt yo, yo te lage yo.
Frè yo, konsa, te voye Paul ak Silas ale nan 11Bérée pandan nwit lan. Lè yo te rive, yo te antre nan sinagòg Jwif yo.
Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan 12Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa. Konsa, anpil nan yo te vin kwè, ansanm avèk plizyè mesye ak fanm Grèk enpòtan yo.
Men lè Jwif Thessalonique yo te vin konprann ke pawòl Bondye a te pwoklame pa Paul nan 13Bérée, yo te vini la osi pou yo ajite ak chofe foul la.
Alò, imedyatman frè yo te voye Paul deyò pou ale jis kote lanmè a, e 14Silas ak 15Timothée te rete la. Alò, sila ki t ap gide Paul yo te mennen li jiska 16Athènes. Yo te kite li la, epi lè yo fin resevwa lòd pou fè Silas ak Timothée vin kote l pi vit ke posib, yo te ale.
Pandan Paul t ap tann yo nan 17Athènes, lespri li te pwovoke anndan l akoz li te wè ke vil la te ranpli nèt avèk zidòl.
Konsa, li t ap rezone 18nan sinagòg la avèk Jwif yo 19ak pèp etranje ki te krent Bondye yo, e nan mache a chak jou avèk sila ke li te konn rankontre yo.
Anplis, kèk nan filosòf Epikiryen ak Stoyik yo t ap diskite avè l. Kèk t ap di: “Kisa mesye ki renmen pale anpil sa a ta vle di?” Lòt yo t ap di: “Li sanble ke l ap pwoklame kèk lòt kalite dye etranje” —akoz ke li t ap preche 20Jésus ak rezirèksyon an.
Konsa, yo te 21pran li e te mennen li nan Aréopage la. Yo te di l: “Èske ou kapab eksplike nou nouvo ansèyman sila a, ke w ap pwoklame a. Paske w ap pote kèk bagay byen dwòl nan zòrèy nou. Konsa, nou vle konnen kisa bagay sa yo vle di.” (Alò, tout Atenyen yo ak lòt etranje ki t ap 22vizite la yo te konn pase tout tan yo nan pale, oswa nan tande kèk lide nèf.)
Konsa, Paul te kanpe nan mitan Aréopage la, e te di: “Mesye Athènes yo, mwen wè ke nou se moun 23ki renmen adore nan tout sans. Paske pandan mwen t ap travèse e t ap egzamine 24objè adorasyon nou yo, mwen te twouve yon lotèl avèk enskripsyon sa a: “A Dye Enkoni an!” Konsa, sila ke nou ap adore san konnen an, mwen pwoklame L a nou. 25
“Bondye ki te fè mond lan avèk tout bagay ki ladann yo, akoz Li se 26Senyè syèl la ak tè a, pa rete nan tanp ki fèt pa men a lòm. Ni li pa sèvi pa men moun 27kòmsi Li te bezwen yon bagay. Paske se Li menm ki bay moun lavi, souf ak tout bagay.
“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja 28detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, 29malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.
“‘Paske 30nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’ Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou 31pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.
“Bondye 32pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, paske Li deja fikse yon jou ladann ke 33Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”
Alò, lè yo te tande de 34rezirèksyon lanmò a, kèk te kòmanse moke l, men lòt yo te di: “Nou dwe tande ou ankò konsènan sa a”.
Konsa Paul te sòti nan mitan yo.
Men kèk moun te vin jwenn li e te kwè. Pami sila yo te gen osi Denys, moun Aréopage la, yon fanm ki te rele Damaris, e kèk lòt avèk yo.
Source notes (34)
- Cross-reference Trav 17:11,13
- Cross-reference Trav 13:14
- Cross-reference Trav 3:18
- Cross-reference Jn 20:9
- Cross-reference Trav 13:43
- Cross-reference Trav 13:50
- Cross-reference Trav 17:13
- Cross-reference Mat 24:14
- Cross-reference Luc 10:38
- Cross-reference Trav 17:5
- Cross-reference Trav 17:13
- Cross-reference Trav 17:1
- Cross-reference Trav 17:10
- Cross-reference Trav 15:22
- Cross-reference Trav 16:1
- Cross-reference Trav 17:16,21
- Cross-reference Trav 17:15,21
- Cross-reference Trav 9:20
- Cross-reference Trav 17:4
- Cross-reference Trav 4:2
- Cross-reference Trav 23:19
- Cross-reference Trav 2:10
- Cross-reference Trav 25:19
- Cross-reference II Tes 2:4
- Cross-reference És 42:5
- Cross-reference Det 10:14
- Cross-reference Job 22:2
- Cross-reference Det 32:8
- Cross-reference Det 4:7
- Cross-reference Job 12:10
- Cross-reference És 40:18
- Cross-reference Trav 14:16
- Cross-reference Sòm 9:8
- Cross-reference Trav 17:18,31
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.