Bib Sen An
II Samuel 17
Anplis, Achitophel te di a Absalom: “Souple, kite mwen chwazi douz-mil òm pou m kab leve kouri dèyè David aswè a menm. 1 Mwen va vini sou li pandan li fatige e bouke e fè l vin sezi pou tout moun ki avèk li yo kouri ale. Konsa, se sèl wa a 2mwen va frape touye, epi mwen va fè retounen tout moun yo a ou menm. Retou a tout moun yo depann de nonm ou chache a; answit, tout pèp la va 3 anpè.”
Konsa, plan an te fè Absalom avèk tout ansyen Israël yo kontan. Alò, Absalom te di: “Alò, rele 4 Huschaï, Akyen an tou e annou tande sa ke li gen pou di.”
Lè Huschaï te rive a Absalom, Absalom te di li: “Achitophel te pale konsa. Èske nou dwe fè plan pa li a? Si se pa sa, pale.”
Konsa, Huschaï te di a Absalom: 5 “Fwa sa a, konsèy ke Achitophel te bay la, pa bon.” Anplis, Huschaï te di: “Ou konnen papa ou avèk mesye pa li yo se mesye plen kouraj e fewòs, 6 tankou yon lous ki pèdi pitit li nan chan. Epi papa ou gen gwo eksperyans lagè e li p ap pase nwit lan avèk pèp la. Gade byen, depi koulye a, li gen tan kache nan youn nan kavèn yo oswa nan yon lòt plas; epi li va rive ke lè li tonbe sou yo nan premye atak la, ke nenpòt moun ki tande va di: ‘Gen yon masak ki fèt pami moun ki swiv Absalom yo.’ Epi menm sila ki gen gwo kouraj yo, ki gen kè tankou kè a lyon yo, 7 va vin pèdi kouraj nèt; paske tout Israël konnen ke papa ou se yon nonm pwisan e sila ki avèk li yo se mesye vanyan. Men konsèy pa m se ke tout Israël vin, anverite, rasanble bò kote ou, 8 soti nan Dan jis rive nan Beer-Schéba, tankou sab bò lanmè an gran kantite, e ke ou menm, pèsonèlman antre nan batay la. Konsa, nou va vini sou li nan plas kote li kapab twouve yo, nou va tonbe sou li 9 tankou lawouze tonbe atè; epi konsènan li avèk tout mesye ki avèk li yo, p ap gen menm youn ki rete. Si li retire li nan yon vil, alò, tout Israël va mennen kòd kote vil sila a e yo va 10 rale li nèt antre nan vale a jis nanpwen yon ti wòch ki rete.”
Alò, Absalom avèk tout mesye Israël yo te di: “Konsèy Huschaï pi bon ke konsèy Achitophel la.” Paske 11 SENYÈ a te deja detèmine pou anile bon konsèy Achitophel la, pou SENYÈ a ta kapab fè gwo dezas rive Absalom.
Epi 12Huschaï te di a Tsadok avèk Abiathar, prèt yo: “Sa se konsèy sa a ke Achitophel te bay Absalom avèk ansyen a Israël yo e se sa ke mwen te konseye. Alò, pou sa, voye vit pale David e di: 13 ‘Pa pase nwit lan kote ki pou janbe dlo rive nan dezè a, men fè sèten ke nou janbe, oswa wa a avèk tout moun ki avèk li yo va vin detwi.’”
Alò, Jonathan avèk Achimaats te rete 14 En-Rougel. Yon sèvant te gen pou ale pale yo pou yo ta ale avèti Wa David, paske yo pa t kapab kite moun wè yo antre nan vil la. Men yon gason te wè yo kanmenm e te di Absalom. Pou sa, yo te pati vit rive lakay a yon mesye 15 Bachurim ki te gen yon pwi nan lakou a, e yo te desann antre ladann. Konsa, 16fanm nan te pran yon kouvèti. Li te ouvri li sou bouch pwi a, e li te gaye sereyal sou li jiskaske yo pa t konnen anyen. Alò, sèvitè a Absalom yo te vin kote fanm nan lakay li e te di: “Kote Achimaats avèk Jonathan?”
Epi 17 fanm nan te di yo: “Yo fin janbe dlo a.”
Konsa, lè yo te chache e pa t kab jwenn yo, yo te retounen Jérusalem. Li te vin rive lè yo te fin ale ke yo te monte sòti nan pwi a, yo te ale pale Wa David e yo te di David: 18“Leve, travèse dlo a byen vit paske Achitophel te bay konsèy kont ou.”
Alò, David avèk tout moun ki te avèk li yo te leve janbe Jourdain an. Lè solèy te vin leve, pa t gen youn ki rete ki pa t janbe Jourdain an.
Alò, lè Achitophel te wè ke konsèy pa li a pa t swiv, li te sele bourik li e li te leve ale lakay li nan 19 vil li a. Li te mete lakay li an lòd e te 20trangle pwòp tèt li. Konsa, li te mouri e te antere nan tonm a papa li.
Alò, David te rive 21Mahanaïm. Epi Absalom te travèse Jourdain an, li menm avèk tout mesye Israël yo avèk yo. Absalom te mete Amasa sou tèt lame a nan plas Joab. Alò Amasa te fis a yon mesye ki te rele Jithra, Izrayelit la, ki te antre nan Abigail, fi a 22Nachasch, sè a Tseruja a, manman a Joab. Epi Israël avèk Absalom te fè kan nan peyi Galaad la.
Alò, lè David te vini Mahanaïm, Schobi, 23fis a Nachasch ki sòti Rabba a, a fis Ammon yo, Makir, fis a Ammiel Lodebar a ak Barzillaï, Galaadit Roguelim nan, te pote 24 kabann yo, basen yo, po kanari yo, ble, lòj, farin, sereyal boukannen, pwa, pwa lantiy, avèk grenn boukannen, siwo myèl, bòl lèt, mouton ak fwomaj ki sòti nan twoupo a, pou David ak moun ki te avèk li yo 25ta manje. Paske yo te di: “Pèp la grangou, fatige e swaf nan dezè a.”
Source notes (25)
- Cross-reference II Sam 16:14
- Cross-reference I Wa 22:31
- Cross-reference Jr 6:14
- Cross-reference II Sam 15:32-34
- Cross-reference II Sam 16:21
- Cross-reference Os 13:8
- Cross-reference Jos 2:9-11
- Cross-reference I Sam 3:20
- Cross-reference Sòm 110:3
- Cross-reference Mi 1:6
- Cross-reference II Sam 15:31-34
- Cross-reference II Sam 15:35-36
- Cross-reference II Sam 15:28
- Cross-reference Jos 15:7
- Cross-reference II Sam 3:16
- Cross-reference Jos 2:4-6
- Cross-reference Jos 2:3-5
- Cross-reference II Sam 17:15-16
- Cross-reference II Sam 15:12
- Cross-reference Mat 27:5
- Cross-reference Jen 32:2-10
- Cross-reference I Kwo 2:16
- Cross-reference I Sam 11:1
- Cross-reference Pwov 11:25
- Cross-reference II Sam 16:2-14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.