Bib Sen An
II Samuel 16
Alò, lè David te fin depase krèt la, vwala, 1 Tsiba, sèvitè a Méphiboscheth la te rankontre li 2avèk yon pè bourik avèk makout. Sou yo, te gen de-san pen, yon santèn grap rezen, yon santèn fwi gran sezon ak yon veso diven. Wa a te di a Tsiba: “Poukisa ou genyen sila yo?”
Epi Tsiba te di: 3 “Bourik yo se pou manm lakay wa yo monte, pen avèk fwi gran sezon an se pou jennonm yo manje e diven an se pou nenpòt moun ki fin pèdi fòs nan dezè a kab bwè.”
Alò, wa a te di: “Epi kote 4 fis a mèt ou a?”
Epi Tsiba te di a wa a: “Men vwala, li rete Jérusalem paske li te di: ‘Jodi a, lakay Israël la va restore wayòm papa m nan a mwen menm.’”
Konsa, wa a te di a Tsiba: “Men vwala, tout sa ki apatyen a Méphiboscheth se pou ou.”
Epi Tsiba te di: “Mwen vin bese devan ou nèt; kite mwen twouve gras nan zye ou, O mèt mwen, wa a!”
Lè Wa David te rive Bachurim, gade byen, te sòti depi la yon mesye ki sòti nan fanmi Saül 5 ki te rele Schimeï, fis a Guéra a. Li te parèt ak pawòl madichon san rete pandan li t ap pwoche. Li te jete wòch sou David, sou tout sèvitè a Wa David yo e tout mesye gran kouraj yo te sou men dwat li ak sou men goch li. Konsa, Schimeï te di pandan li t ap voye madichon yo: “Sòti la, sòti la,6 moun ki vèse san, sanzave! 7 SENYÈ a gen tan mete sou ou tout san koule lakay Saül, nan plas kote ou te renye a! SENYÈ a te lage wayòm nan nan men fis ou, Absalom. Epi gade, ou pran nan pwòp mechanste ou, paske ou se yon nonm ki vèse san!”
Alò, Abischai, fis a Tseruja a te di a wa a: “Poukisa 8chen mouri sa a ta dwe 9modi mèt mwen an, wa a? Kite mwen janbe ale koupe tèt li.” Men wa a te di: “Kisa mwen gen avè w, O fis a Tseruja? Si li bay madichon, e si SENYÈ a te di li ‘Modi David’, alò, 10se kilès k ap di: ‘Poukisa ou te fè sa?’”
Alò, David te di a Abischaï e a tout sèvitè li yo: “Gade, 11 fis mwen ki te sòti nan mwen an koulye a ap chache lavi m. Konbyen anplis pou Benjamit sila a? Kite li e kite li bay madichon, paske SENYÈ a te pale li. Petèt SENYÈ a va gade afliksyon mwen e 12 remete m bon olye madichon pa sila a nan jou sa a.” Konsa, David avèk mesye pa li yo te fè wout yo. Epi Schimeï te mache akote pant mòn nan vizavi de yo menm. Pandan li t ap prale, li te modi, li te jete wòch, e li te jete pousyè bò kote li. Wa a avèk tout moun ki te avèk li yo te rive byen fatige, e yo te vin rafrechi la.
Alò, Absalom avèk tout pèp la, mesye Israël yo te antre Jérusalem e Achitophel avèk li. Konsa, li te vin rive lè 13 Huschaï, Akyen an, zanmi a David la te rive kote Absalom, ke Huschaï te di: “Viv wa a! Viv wa a!”
Absalom te di Huschaï: “Èske sa se fidelite ou pou zanmi ou? 14 Poukisa ou pa t ale avèk zanmi ou an?”
Epi Huschaï te di a Absalom: “Non, paske sila ke SENYÈ a, pèp sa a e tout mesye Israël yo te chwazi a, se pou li menm, mwen va ye, e avèk li menm, mwen va rete. Anplis de sa, 15 se kilès pou m ta sèvi? Se pa nan prezans a fis li a? Jis jan ke m te sèvi nan prezans papa ou a, konsa mwen va ye nan prezans pa w.”
Alò, Absalom te di a Achitophel: “Ban m konsèy pa w Kisa nou dwe fè?”
Achitophel te di a Absalom: 16 “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”
Konsa yo te monte yon tant anwo tèt kay la, epi Absalom te antre nan relasyon seksyèl ak tout konkibin papa l yo, devan zye a tout Israël. 17
Konsèy a Achitophel te konn bay nan jou sa yo te konsidere tankou si yon moun te mande konsèy a pawòl Bondye. 18Se te konsa tout konsèy Achitophel te ye pou David ak Absalom.
Source notes (18)
- Cross-reference II Sam 9:2-13
- Cross-reference I Sam 25:18
- Cross-reference Jij 10:4
- Cross-reference II Sam 9:9-10
- Cross-reference II Sam 19:16-23
- Cross-reference II Sam 12:9
- Cross-reference II Sam 21:1-9
- Cross-reference II Sam 9:8
- Cross-reference Egz 22:28
- Cross-reference Wo 9:20
- Cross-reference II Sam 12:11
- Cross-reference Det 23:5
- Cross-reference II Sam 15:37
- Cross-reference II Sam 19:25
- Cross-reference II Sam 15:34
- Cross-reference II Sam 15:16
- Cross-reference II Sam 17:14,23
- Cross-reference II Sam 15:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.