Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Wa Yo 9

Alò, Élisée, pwofèt la, te rele youn nan 1fis a pwofèt yo. Li te di li: “Mare senti ou e 2pran bokal lwil la nan men ou pou monte Ramoth-Galaad. Lè ou rive la, chache jwenn 3Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a. Antre ladann, mande li vin apa de frè li yo. Mennen li nan yon chanm anndan. Konsa, pran bokal lwil la, vide li sou tèt li e di: ‘Konsa pale SENYÈ a; 4 “Mwen te onksyone ou wa sou Israël.”’ Epi konsa, louvri pòt la, kouri sove ale! Pa tann!”

Konsa, 5jennonm nan, sèvitè pwofèt la, te ale Ramoth-Galaad. Lè l rive, men vwala, kapitèn a lame yo te chita. Li te di: “Mwen gen yon pawòl pou ou O kapitèn.”

Jéhu te reponn: “Pou kilès nan nou?”

Li te di: “Pou ou, O kapitèn.” Li te leve pou antre nan kay la. Li te vide lwil sou tèt li e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, 6 Mwen te onksyone ou Wa sou pèp SENYÈ a, sou Israël menm. Ou gen pou frape lakay Achab, mèt ou a, pou Mwen kapab fè revandikasyon 7san a sèvitè mwen yo, pwofèt yo ak san a tout sèvitè SENYÈ yo, pa men Jézabel. ‘Paske tout lakay Achab va peri e 8Mwen va koupe retire sou Achab tout gason, ni esklav, ni lib an Israël. 9Mwen va fè lakay Achab vin tankou lakay Jéroboam, fis a Nebath la, e 10tankou lakay Basha, fis Achija a. 11Chen ap manje Jézabel nan tèritwa Jizréel la, e nanpwen moun k ap antere li.’” Konsa, li te ouvri pòt la e te sove ale.

Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa 12nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo:

“Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”

Yo te di:

“Sa se manti. Pale nou koulye a.”

Li te di: “Li te di m, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Mwen te onksyone ou wa sou Israël”’”.

Konsa, 13yo te fè vit, chak moun te pran vètman pa yo, te plase yo anba li sou mach la. Yo te 14soufle twonpèt la e yo t ap di: “Jéhu se wa a!”

Konsa Jéhu, fis a Josaphat a, fis a Nimschi a, te fè konplo kont Joram. 15Alò, Joram avèk tout Israël t ap defann Ramoth-Galaad kont Hazaël, wa Syrie a. Men 16Wa Joram te fin retounen a Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li lè li te goumen avèk Hazaël, wa Syrie a. Konsa, Jéhu te di: “Si sa se volonte ou, pa kite pèsòn chape kite vil la pou ale pale Jizréel.” Alò, Jéhu te monte yon cha pou te ale Jizréel, paske Joram te kouche la. 17Achazia, wa Juda a, te deja desann pou wè Joram. Koulye a, gadyen an te kanpe sou fò Jizréel, e li te wè konpanyen Jéhu, pandan li t ap vini. Li te di: “Mwen wè yon konpanyen.”

Joram te di: “Pran yon chevalye, voye li rankontre yo e kite li di: ‘Èske sa an pè?’”

Konsa, yon chevalye te ale rankontre li. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: 18“Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

Konsa, gadyen an te bay rapò a. “Mesaje a te rive kote yo, men li pa t retounen.”

Li te voye yon dezyèm chevalye, ki te rive kote yo. Li te di: “Konsa pale wa a: ‘Èske sa an pè?’”

Jéhu te reponn: “Kisa ou gen pou fè avèk lapè? Vire dèyè mwen.”

Gadyen an te bay rapò a: “Lè te rive kote yo menm, men li pa t retounen, epi 19kondwi li se tankou kondwi a 20Jéhu, paske li kondwi tankou moun anraje.”

Konsa, Joram te di: “Fè cha a vin parèt.”

Epi yo te prepare cha li a. 21Joram, wa Israël la, avèk Achazia, wa Juda a te sòti yo chak nan cha pa yo, yo te ale rankontre Jéhu, e yo te twouve li sou tèren Naboth la, Jizreyelit la. Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?”

Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, 22kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”

Alò, Joram te frennen cha a, tou vire e te sove ale. Li te pale Achazia: 23“Trayizon, O Achazia!”

Konsa, 24Jéhu te rale banza li ak tout fòs e te tire Joram antre bwa li. Flèch la te pase nan kè l e li te bese desann nan cha li. Alò, Jéhu te pale ak Bidqar, adjwen li an: “Pran l e jete l nan 25chan Naboth la, Jizreyelit la, paske mwen sonje lè ou avèk mwen te monte kouri ansanm dèyè Achab, papa li, ke SENYÈ a te pwononse pawòl sa a kont li: 26‘Anverite, Mwen te wè ayè, san Naboth la ak san a fis li yo,’ pale SENYÈ a, ‘epi, Mwen va rekonpanse ou nan tèren sa a’, pale SENYÈ a. Alò, pou sa, pran l e jete l nan tèren an, selon pawòl SENYÈ a.” 27

Lè Achazia, wa Juda a te wè li, li te sove ale pa chemen kay jaden an. Epi Jéhu te kouri dèyè li e te di: “Tire li tou, nan cha a.” Konsa, li te fèt sou ti pant Gur a, ki 28Jibleam nan. Men li te sove ale rive Méguiddo, e la li te mouri. 29Sèvitè li yo te pote li nan yon cha rive Jérusalem e yo te antere li nan tonm pa li avèk zansèt li yo nan vil David la. Alò, 30nan onzyèm ane règn Joram la, fis Achab la, Achazia te devni wa sou Juda.

Lè Jéhu te vini Jizréel, Jézabel te tande sa. 31Li te pentire zye li, li te byen dekore tèt li e li te gade deyò fenèt la. Lè Jéhu te antre nan pòtay la, li menm Jézabel te di: 32“Èske tout bagay byen, Zimri, asasen mèt pa w la?”

Jéhu te leve figi li vè fenèt la e te di: “Se kilès ki pou mwen? Kilès?”

Konsa, de oswa twa lenik rèn nan te gade anba kote li.

Li te di: “Jete li anba.”

Konsa, yo te jete li anba e kèk nan san li te vòltije jis sou miray la ak sou cheval yo, epi li te foule anba pye yo. Lè Jéhu te antre, li te manje e bwè. Konsa, li te di: “Okipe koulye a de 33fanm modi sila a e antere li; paske 34se fi a wa a ke li ye.”

Yo te ale antere l, men yo pa t jwenn plis ke zo tèt la, pye yo avèk pla men yo. Pou sa, yo te retounen pou te pale li.

Konsa, li te di: “Sa se pawòl SENYÈ a, ke Li te pale pa sèvitè li, Élie, Tichbit la. Li te di: 35‘Nan tèren Jizréel la, chen yo va manje chè Jézabel, epi 36kadav Jézabel va tankou fimye bèt sou sifas chan nan tèren Jizréel la, jiskaske yo pa ka di: “Sa se Jézabel.”’”

Source notes (36)
  1. Cross-reference II Wa 2:3
  2. Cross-reference I Sam 10:1
  3. Cross-reference I Wa 19:16-17
  4. Cross-reference II Kwo 22:7
  5. Cross-reference II Wa 9:1
  6. Cross-reference I Sam 2:7-8
  7. Cross-reference I Wa 18:4
  8. Cross-reference I Wa 21:21
  9. Cross-reference I Wa 14:10-11
  10. Cross-reference I Wa 16:3-12
  11. Cross-reference I Wa 21:23
  12. Cross-reference Jr 29:26
  13. Cross-reference Mat 21:7-8
  14. Cross-reference I Wa 1:34-39
  15. Cross-reference I Wa 22:3
  16. Cross-reference II Wa 8:29
  17. Cross-reference II Wa 8:29
  18. Cross-reference II Wa 9:19-22
  19. Cross-reference II Sam 18:27
  20. Cross-reference I Wa 19:17
  21. Cross-reference II Kwo 22:7
  22. Cross-reference I Wa 16:30-33
  23. Cross-reference II Wa 11:14
  24. Cross-reference I Wa 22:34
  25. Cross-reference I Wa 21:1
  26. Cross-reference I Wa 21:13-19
  27. Cross-reference II Kwo 22:7
  28. Cross-reference Jos 17:11
  29. Cross-reference II Wa 23:30
  30. Cross-reference II Wa 8:25
  31. Cross-reference Jr 4:30
  32. Cross-reference I Wa 16:9-20
  33. Cross-reference I Wa 21:25
  34. Cross-reference I Wa 16:31
  35. Cross-reference I Wa 21:23
  36. Cross-reference Jr 8:1-3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.