Bib Sen An
II Wa Yo 8
Alò, Élisée te pale ak fanm a fis ki te geri a. Li te di: “Leve ale avèk tout lakay ou e ale viv nenpòt kote ou kab ale viv; paske SENYÈ a te deklare yon gwo grangou e 1sa va rive menm sou peyi a pandan sèt ane.”
Konsa, fanm nan te leve e te fè selon pawòl a nonm Bondye a. Li te ale avèk lakay li pou te vin viv nan peyi Filisten yo pandan sèt ane. Nan fen sèt ane yo, fanm nan te retounen soti nan peyi Filisten yo. Konsa, li te soti deyò pou fè demann a wa a pou lakay li avèk chan li. Alò, wa a t ap pale avèk 2Guéhazi, sèvitè a nonm Bondye a, e li t ap di: “Souple, fè m konnen tout gran bagay ke Élisée te konn fè yo.” Pandan li t ap pale wa a 3ki jan li te restore lavi a sila ki te mouri an, men vwala, fanm a fis ke li te resisite a, te fè demann nan pou afè chan pa li a. Epi Guéhazi te di: “Mèt mwen, wa a, sa se fanm nan e sa se fis li a, ke Elisée te restore lavi a.”
Lè wa a te mande fanm nan, li te pale li sa a. Konsa, wa a te chwazi pou li yon sèten ofisye, e li te di: “Restore a li menm tout sa ki te pou li, ak tout pwodwi a chan li soti jou ke li te kite tè a jis rive koulye a.”
Konsa, Élisée te vin Damas. Alò, 4Ben-Hadad, wa Syrie a, te malad. Yo te di li: 5“Nonm Bondye a gen tan rive isit la.”
Wa a te di a Hazaël: 6“Pran yon kado nan men ou pou ale rankontre nonm Bondye a, e 7mande a SENYÈ a selon li menm. Mande l: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
Konsa, Hazaël te ale rankontre li avèk yon kado nan men l, menm de tout kalite bon bagay Damas, pote sou karant chaj chamo. Li te vin rive kanpe devan li e te di: 8“Fis ou Ben-Hadad, wa Syrie a, te voye mwen kote ou. Li te vle m mande pou li: ‘Èske mwen va refè de maladi sa a?’”
Alò, Élisée te di li: 9“Ale pale li konsa, ‘Ou va asireman refè;’ men SENYÈ a te montre mwen ke byensi, l ap mouri.’” Li te gade l byen fiks, 10jiskaske li te wont. Epi 11nonm Bondye a te kriye.
Hazaël te di: “Poukisa mèt mwen ap kriye a?”
Alò, li te reponn: “Paske mwen konnen mal la ke ou va fè a fis Israël yo: Fòterès ke ou va brile ak jennonm pa yo ke ou va touye avèk nepe, 12pitit pa yo ke ou va kraze an mòso ak fanm gwo vant yo ke ou va chire nèt.”
Epi Hazaël te di li: “Men kisa sèvitè ou ye? Yon chen ki ta fè gwo bagay sa a?”
Élisée te reponn: 13“SENYÈ a te montre mwen ke ou va wa sou Syrie.”
Konsa, li te pati kite Élisée pou te retounen kote mèt li, ki te mande l: “Se kisa ke Élisée te di ou?”
Epi li te reponn: “Li te di mwen ke ou ta asireman vin refè.”
Nan jou swivan an, li te pran yon gwo kouvèti a, li te fonse l nan dlo e li te ouvri li sou figi li, 14jiskaske wa a te mouri. Konsa, Hazaël te vin wa nan plas li.
Alò, nan senkyèm ane 15Joram, fis a Achab la, wa Israël la, pandan Josaphat te wa Juda, Joram, fis Josaphat, wa Juda, te devni wa. Li te gen 16 laj a trann-dezan lè li te devni wa, e li te renye uitan nan Jérusalem. Li te mache nan chemen a wa Israël yo, jis jan ke lakay Achab te fè a, paske 17fi Achab la te devni madanm li. Li te fè mal nan zye SENYÈ a. Sepandan, SENYÈ a pa t gen volonte pou detwi Juda, pou koz David, sèvitè li a, 18paske li te pwomèt li pou ba li toujou yon lanp a li menm pa fis li yo pou tout tan.
Nan jou pa li yo, 19Édom te fè rebèl soti anba men Juda e yo te fè yon wa sou pwòp tèt pa yo. Epi Joram te travèse kote Tsaïr e tout cha li yo avèk li. Li te leve nan lannwit pou te frape Edomit ki te antoure li avèk kapitèn a cha yo, 20men lame pa li a te sove ale rive nan tant pa yo. 21Konsa, Édom te fè rebèl kont Juda jis rive jodi a. Alò, Libna te revòlte nan menm lè a. Tout lòt zèv a Joram yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a wa a Juda yo? Konsa, 22Joram te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan vil David la. Epi Achazia te devni wa nan plas li.
Nan douzyèm ane Joram, fis a Achab la, wa Israël, Achazia, fis a Joram nan te kòmanse renye. 23Achazia te gen venn-dezan lè l te devni wa e li te renye yon ane nan Jérusalem. Manman li te rele Athalie, pitit a pitit Omri, wa Israël la. Achazia te 24mache nan chemen lakay Achab e te fè mal nan zye SENYÈ a tankou lakay Achab, akoz se te bofis a lakay Achab.
Alò, li te ale avèk Joram, fis a Achab la pou fè lagè kont 25Hazaël, wa Syrie a nan 26Ramoth-Galaad e Siryen yo te blese Joram. Konsa, 27Wa Joram te retounen nan Jizréel pou geri akoz blesi ke Siryen yo te ba li nan Rama a lè li te goumen kont Hazaël, wa Syrie a. Epi Achazia, fis a Joram nan, wa Juda a, te desann wè Joram, fis Achab la nan Jizréel akoz li te malad la.
Source notes (27)
- Cross-reference Jen 41:27-54
- Cross-reference II Wa 4:12
- Cross-reference II Wa 4:35
- Cross-reference II Wa 6:24
- Cross-reference II Wa 5:20
- Cross-reference I Wa 14:3
- Cross-reference II Wa 1:2
- Cross-reference II Wa 5:13
- Cross-reference II Wa 8:14
- Cross-reference II Wa 2:17
- Cross-reference Luc 19:41
- Cross-reference II Wa 15:16
- Cross-reference I Wa 19:15
- Cross-reference II Wa 8:10
- Cross-reference II Wa 1:17
- Cross-reference II Kwo 21:5-10
- Cross-reference II Wa 8:27
- Cross-reference II Sam 7:12-15
- Cross-reference I Wa 22:47
- Cross-reference II Sam 16:17
- Cross-reference Jen 27:40
- Cross-reference II Kwo 21:1-7
- Cross-reference II Kwo 22:2
- Cross-reference II Kwo 22:3
- Cross-reference II Wa 8:15
- Cross-reference I Wa 22:3-29
- Cross-reference II Wa 9:15
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.