Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Wa Yo 2

Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou 1ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk 2Élisée sòti Guilgal. Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”

Men Élisée te di: 3“Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.

Alò, 4fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:

“Wi, mwen konnen. Pa pale!”

Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen 5Jéricho.”

Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho. 6

Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”

Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”

Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan 7Jourdain an.”

Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse. Alò 8senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. Élie te 9pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch. Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”

Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon 10pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”

Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou 11wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”

Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, 12yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. Élisée te wè e te kriye fò: 13“Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”

Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te 14frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.

Alò, 15lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt 16lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”

Li te di: “Ou p ap voye yo.”

Men lè 17yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.

Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li. Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”

Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”

Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’” Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò lavil la. Yo te 18moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te 19modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. Li te kite la pou rive 20Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Eb 11:5
  2. Cross-reference I Wa 19:16-21
  3. Cross-reference Rt 1:16
  4. Cross-reference II Wa 4:1-38
  5. Cross-reference Jos 6:26
  6. Cross-reference II Wa 2:3
  7. Cross-reference Jos 3:8-17
  8. Cross-reference II Wa 2:15-16
  9. Cross-reference I Wa 19:13-19
  10. Cross-reference Nonb 11:17-25
  11. Cross-reference Trav 1:10
  12. Cross-reference II Wa 6:17
  13. Cross-reference II Wa 13:14
  14. Cross-reference II Wa 2:8
  15. Cross-reference II Wa 2:7
  16. Cross-reference I Wa 18:12
  17. Cross-reference II Wa 8:11
  18. Cross-reference II Kwo 36:16
  19. Cross-reference Né 13:25-27
  20. Cross-reference I Wa 18:19-20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.