Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Wa Yo 1

Lè Achab te fin mouri, 1 Moab te fè rebelyon kont Israël.

Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a 2Baal-Zebub, dye a Ékron an 3si m ap geri de maladi sa a.”

Men zanj SENYÈ a te di a 4Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’ Alò, se pou sa, pale SENYÈ a: 5‘Ou p ap desann soti nan kabann kote ou te monte a, men ou va anverite, mouri.’” Konsa, Élie te pati.

Lè mesaje yo te retounen bò kote li, li te di yo: “Se poukisa ke nou tounen an?”

Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye 6mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”

Li te di yo: “Ki kalite moun sa a ki te monte rankontre nou an pou te pale pawòl sila yo a nou?”

Yo te reponn li: 7“Yon nonm avèk anpil cheve ak yon sentiwon an kwi mare nan ren li.”

Li te di: “Se Élie, Tichbit la.”

Konsa, wa a 8te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’”

Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, 9ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.

Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”

Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.

Konsa, li te voye ankò kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Lè twazyèm kapitèn nan te monte, li te vini e te bese ba sou jenou li devan Élie. Li te sipliye li e te mande li: “O nonm Bondye, souple kite lavi mwen avèk senkant sèvitè ou yo gade kòm presye nan zye ou. Gade byen, dife te desann soti nan syèl la e te manje premye de kapitèn a senkant yo avèk senkant pa yo. Men koulye a, kite lavi mwen parèt presye nan zye ou.”

Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. 10Pa pè li.”

Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a. Epi li te di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Akoz ou te voye mesaje yo 11pou mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an—-èske se akoz nanpwen Dye an Israël pou mande pawòl Li? Pou sa, ou p ap desann kabann kote ou te monte a, men anverite, ou va mouri.’”

Konsa, Achazia te mouri selon pawòl SENYÈ a ke Élie te pale a. Epi akoz li pa t gen fis, Joram te devni wa nan plas li 12nan dezyèm ane a Joram, fis a Josaphat a, wa Juda a. Alò, tout lòt zèv ke Achazia te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?

Source notes (12)
  1. Cross-reference II Sam 8:2
  2. Cross-reference II Wa 1:3-16
  3. Cross-reference II Wa 8:7-10
  4. Cross-reference I Wa 17:1
  5. Cross-reference II Wa 1:6-16
  6. Cross-reference II Wa 1:2
  7. Cross-reference Za 13:4
  8. Cross-reference II Wa 6:13-14
  9. Cross-reference I Wa 18:36-38
  10. Cross-reference És 51:12
  11. Cross-reference II Wa 1:3
  12. Cross-reference II Wa 3:1

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.