Bib Sen An
II Korentyen Yo 4
Konsa, akoz ke nou gen ministè sa a, jan nou te 1resevwa mizerikòd la, nou pa dekouraje. Men nou renonse a 2bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye. Men si levanjil nou an 3vwale, li vwale pou sila k ap peri yo. Nan ka sila a, 4dye a mond sa a 5vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye. Paske 6nou pa preche tèt nou, men Kris Jésus a kòm Senyè, epi nou menm kòm sèvitè a nou tout, pou kòz a Jésus. Paske se Bondye, ki te di: 7“Limyè va klere nan tenèb la”. Se Li menm nan ki 8te briye nan kè nou pou bay limyè de konesans a glwa Bondye a, ki se nan figi Kris Jésus a.
Men nou gen trezò sa a nan 9po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a 10pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. Nou 11aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, pèsekite, men nou pa 12abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 13Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.
Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: 14“Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; avèk konesans ke Sila ki te 15leve Senyè a Jésus 16va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm. Paske tout bagay se pou koz a nou menm, pouke lagras k ap gaye a de plizanplis moun nan 17kapab koz anpil remèsiman pou laglwa Bondye.
Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze 18deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. Paske ti afliksyon 19pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, pandan 20nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
Source notes (20)
- Cross-reference I Kor 7:25
- Cross-reference Wo 6:21
- Cross-reference I Kor 2:6
- Cross-reference Jn 12:31
- Cross-reference II Kor 3:14
- Cross-reference I Kor 4:15
- Cross-reference Jen 1:3
- Cross-reference II Pi 1:19
- Cross-reference Lam 4:2
- Cross-reference Jij 7:2
- Cross-reference II Kor 1:8
- Cross-reference Sòm 129:2
- Cross-reference Wo 6:5
- Cross-reference Sòm 116:10
- Cross-reference Trav 2:24
- Cross-reference I Tes 4:14
- Cross-reference Wo 8:28
- Cross-reference Wo 7:22
- Cross-reference Wo 8:18
- Cross-reference Wo 8:24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.