Bib Sen An
II Korentyen Yo 3
Èske n ap kòmanse 1bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? 2Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou 3tablèt kè lòm.
Yon 4konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men 5fòs nou an soti nan Bondye. Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon 6akò tounèf, pa selon 7lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Men si 8zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, 9jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese, kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a? Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis 10zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa? Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, 11nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. Se pa tankou Moïse 12ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. Men tèt yo te 13vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, 14 menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 15Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, 16gen libète. Men nou tout, avèk figi devwale 17k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a 18k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.
Source notes (18)
- Cross-reference II Kor 5:12
- Cross-reference I Kor 9:2
- Cross-reference Pwov 3:3
- Cross-reference Ef 3:12
- Cross-reference I Kor 15:10
- Cross-reference Jr 31:31
- Cross-reference Wo 2:29
- Cross-reference Wo 7:5
- Cross-reference Egz 34:29-35
- Cross-reference Wo 1:17
- Cross-reference Trav 4:13,29
- Cross-reference Egz 34:33-35
- Cross-reference Wo 11:7
- Cross-reference Trav 13:5
- Cross-reference Egz 34:34
- Cross-reference Jn 8:32
- Cross-reference I Kor 13:12
- Cross-reference Wo 8:29
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.