Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 12

Lè wayòm a Roboam nan te fin etabli e li te gen fòs, 1li menm ak tout Israël avèk li te abandone lalwa SENYÈ a. 2Konsa, li te vin rive nan senkyèm ane a Roboam nan, akoz yo pa t fidèl a SENYÈ a, ke Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, avèk mil-de-san cha ak swasann-di-mil chevalye. Epi moun ki te vini avèk li soti an Égypte yo te depase kontwòl: 3Libyen yo, Sikyen ak Etyopyen yo. Li te kaptire 4vil fòtifye Juda yo, e li te rive jis Jérusalem. Epi 5Schemaeja, pwofèt la, te vin kote Roboam avèk chèf Juda ki te rasanble nan Jérusalem akoz Schischak yo, e li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Ou te abandone Mwen, e pou sa, Mwen te abandone ou bay Schischak.’”

Pou sa, chèf Israël yo avèk wa a te imilye yo. Yo te di: 6“SENYÈ a jis.”

Lè SENYÈ a te wè ke yo te imilye yo, pawòl SENYÈ a te vini a Schemaeja, e te di: 7“Yo te imilye yo. Pou sa, Mwen p ap detwi yo, men Mwen va ba yo yon mezi delivrans, e lakòlè Mwen p ap vide sou Jérusalem pa mwayen a Schischak. Men yo va devni esklav li, pou yo 8kab vin konprann antre sèvi Mwen ak sèvi wayòm lòt peyi yo.”

Konsa Schischak, wa Égypte la, te monte kont Jérusalem, e li te pran tout trezò lakay SENYÈ a ak trezò nan palè wa a. Li te pran tout bagay. Konsa, Wa Roboam te fè boukliye defans an bwonz pou ranplase yo, e li te mete yo anba pwotèj a kòmandan gad ki te gadyen pòtay lakay wa yo. Depi wa a te antre lakay SENYÈ a, gad yo te pote yo vini, e apre, yo te mennen yo tounen nan chanm gad yo. Epi lè li te fin imilye li, lakòlè SENYÈ a te vire kite li, pou l pa ta detwi nèt; epi anplis, 9tout bagay te mache byen an Juda. 10

Konsa, Wa Roboam te ranfòse tèt li Jérusalem, e li te renye. Alò, Roboam te gen laj karanteyen ane lè li te kòmanse renye, e li te renye di-sèt-ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li an. Epi non manman li te Naama, Amoreyèn nan. Li te fè mal, 11paske li pa t aplike kè l pou konnen SENYÈ a. 12

Alò, zèv a Roboam yo, soti nan premye a jis rive nan dènye a, èske yo pa ekri nan rekò a Schemaeja yo, pwofèt a 13Iddo a, konseye a, selon anrejistreman zansèt yo? Epi te gen lagè kont Roboam avèk Jéroboam tout tan. Konsa, Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil David la. Epi fis li a, 14Abija te vin wa nan plas li.

Source notes (14)
  1. Cross-reference II Kwo 26:13-16
  2. Cross-reference I Wa 14:25
  3. Cross-reference II Kwo 16:8
  4. Cross-reference II Kwo 11:5-12
  5. Cross-reference II Kwo 11:2
  6. Cross-reference Egz 9:27
  7. Cross-reference I Wa 21:29
  8. Cross-reference Det 28:47-48
  9. Cross-reference II Kwo 19:3
  10. Cross-reference I Wa 14:21
  11. Cross-reference II Kwo 19:3
  12. Cross-reference I Wa 14:29
  13. Cross-reference II Kwo 9:29
  14. Cross-reference II Kwo 11:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.