Bib Sen An
II Kwonik Yo 13
Nan di-zuityèm ane Wa Jéroboam nan, Abijah te devni wa sou Juda. Li te renye pandan twazan Jérusalem. Non manman l te Micaja, fi a Uriel la nan Guibea. 2Alò, te gen lagè antre Abija avèk Jéroboam. Abija te ouvri batay la avèk yon lame gèrye vanyan, kat-san-mil mesye byen chwazi, pandan Jéroboam t ap fè fòmasyon batay la kont li avèk ui-san-mil mesye byen chwazi, gèrye vanyan. Abija te kanpe sou Mòn 3Tsemaraïm ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, e li te di: “Koute mwen, O Jéroboam avèk tout Israël: Èske ou pa konnen ke 4SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay pouvwa sou Israël jis pou tout tan a David avèk fis li yo pa 5yon sèl akò? Men 6Jéroboam, fis a Nebath la, sèvitè a Salomon an, fis a David la, te leve e te fè rebèl kont mèt li a. Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè 7li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.
“Epi koulye a, ou gen entansyon fè rezistans kont wayòm SENYÈ a pa fis a David yo. Se yon gran foul nou ye, e nou gen avèk nou 8jenn bèf an lò ke Jéroboam te fè kòm dye pou nou. 9Èske nou pa t chase mete deyò prèt SENYÈ yo, fis a Aaron yo avèk Levit yo, e te fè pou kont nou prèt tankou pèp lòt peyi yo? Nenpòt moun ki vini konsakre li menm avèk yon jenn towo ak sèt belye, menm li menm kapab devni yon prèt a sila ki pa dye yo.
“Men pou nou, SENYÈ a se Bondye pa nou an e nou pa t abandone Li. Fis Aaron yo ap fè sèvis a SENYÈ a kòm prèt e se Levit yo ki fè travay a yo menm. Chak maten e chak swa, 10yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li. Koulye a, veye byen, Bondye avèk nou sou tèt nou, e 11prèt Li yo avèk twonpèt siyal pou sonnen alam kont nou. O fis Israël yo, pa goumen kont SENYÈ a zansèt nou yo, paske nou p ap reyisi.”
Men Jéroboam 12te fè yon anbiskad pou vini pa dèyè, pou Israël ta devan Juda e anbiskad la pa dèyè yo. Lè Juda te vire, alò yo te atake ni devan ni dèyè; pou sa, 13yo te kriye a SENYÈ a e prèt yo te soufle twonpèt yo. Konsa mesye Juda te fè leve kri lagè a, e nan moman sa a, Bondye te 14boulvèse Jéroboam avèk tout Israël devan Abija avèk Juda. Lè fis Israël yo te fin sove ale devan Juda, 15Bondye te livre yo nan men yo. Abija avèk pèp li a te detwi yo avèk yon gwo masak, jiskaske senk-san-mil mesye Israël te tonbe mouri. Konsa, fis Israël yo te soumèt nan tan sa a, e fis Juda yo te pran viktwa a 16akoz yo te depan de SENYÈ a, Bondye a zansèt pa yo a. Abija te kouri dèyè Jéroboam e te kaptire plizyè vil nan men li: Béthel avèk bouk pa li yo, Jeschana avèk bouk pa li yo, e Éphron avèk bouk pa li yo.
Jéroboam pa t ankò reprann fòs li nan jou a Abija yo. SENYÈ a te frape li e 17li te vin mouri. Men Abija te vin fò. Li te pran katòz madanm pou kont li, e li te devni papa a venn-de fis ak sèz fi. Alò, tout lòt zèv Abija yo, avèk chemen pa li yo ekri nan memwa a 18 pwofèt la, Iddo.
Source notes (18)
- Cross-reference I Wa 15:1-2
- Cross-reference I Wa 15:7
- Cross-reference Jos 18:22
- Cross-reference II Sam 7:12-16
- Cross-reference Lev 2:13
- Cross-reference I Wa 11:26
- Cross-reference II Kwo 12:13
- Cross-reference I Wa 12:28
- Cross-reference II Kwo 11:14-15
- Cross-reference Egz 29:38
- Cross-reference Nonb 10:8-9
- Cross-reference Jos 8:4-9
- Cross-reference II Kwo 14:11
- Cross-reference II Kwo 14:12
- Cross-reference II Kwo 16:8
- Cross-reference II Kwo 14:11
- Cross-reference I Wa 14:20
- Cross-reference II Kwo 9:29
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.