Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Kwonik Yo 14

1

Konsa, Abija te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David la. Fis li a, Asa, te vin wa nan plas li. Peyi a te rete kalm e san pwoblèm pandan dizan pandan jou li yo. Asa te fè byen ak sa ki dwat nan zye SENYÈ a, Bondye li a, paske li te retire lotèl etranje yo avèk 2wo plas yo, e li te chire pilye sakre yo avèk 3Asherim yo. Li te kòmande Juda pou chache SENYÈ a zansèt yo a, e swiv lalwa avèk kòmandman an. Li te osi retire wo plas yo avèk 4lotèl lansan yo soti nan tout vil Juda yo. Wayòm nan te rete kalm anba li. Li te bati vil fòtifye Juda yo, akoz peyi a te san pwoblèm e pa t gen okenn moun ki te fè lagè avèk li pandan ane sila yo, 5akoz SENYÈ a te ba li repo. Paske li te di a Juda: 6“Annou bati vil sila yo e antoure yo avèk miray avèk wo tou, pòtay avèk ba an fè. Peyi a toujou pou nou akoz nou te chache SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te chache Li, e Li te bannou repo sou tout kote.” Konsa yo te bati e yo te byen reyisi.

Alò, Asa te gen yon lame a 7twa-san-mil mesye soti nan Juda, avèk gran boukliye defans ak lans e de-san-katreven-mil soti nan Benjamin ki te pote boukliye defans e te manyen banza. Tout nan yo, te gèrye ki plen kouraj.

Alò, Zérach, Etyopyen an, te vin parèt kont yo avèk yon lame a yon-milyon moun ak twa-san cha, e li te rive nan 8Maréscha. Pou sa, Asa te sòti pou rankontre li, e yo te parèt nan chan batay yo nan vale Maréscha a. Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; 9paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”

Konsa, 10SENYÈ a te boulvèse Etyopyen devan Asa yo ak devan Juda yo, e Etyopyen yo te sove ale. Asa avèk moun ki te avèk li yo te kouri dèyè yo jis rive 11Guérar. Yon tèlman gran kantite Etyopyen te tonbe ke yo pa t kab kanpe ankò; paske yo te kraze nèt devan SENYÈ a ak devan lame Li a. Lame Juda a te pote fè sòti yon trè gran piyaj. Yo te detwi tout vil ki te antoure Guérar yo, 12paske laperèz SENYÈ a te fin tonbe sou vil yo. Epi yo te depouye tout vil yo, paske yo te gen anpil piyaj. Anplis, yo te touye sila ki te gen bèt yo, e yo te pote ale yon gran kantite mouton avèk chamo. Answit, yo te retounen Jérusalem.

Source notes (12)
  1. Cross-reference I Wa 15:8
  2. Cross-reference I Wa 15:12-14
  3. Cross-reference Egz 34:13
  4. Cross-reference II Kwo 34:4-7
  5. Cross-reference II Kwo 15:15
  6. Cross-reference II Kwo 8:5
  7. Cross-reference II Kwo 13:3
  8. Cross-reference II Kwo 11:8
  9. Cross-reference II Kwo 13:18
  10. Cross-reference II Kwo 13:15
  11. Cross-reference Jen 10:19
  12. Cross-reference II Kwo 17:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.