Bib Sen An
I Samuel 30
Alò, li vin rive lè David avèk mesye pa li yo te vini Tsiklag nan twazyèm jou a, ke 1Amalekit yo te fè yon atak sou Negev ak sou 2Tsiklag pou te detwi Tsiklag e te brile li avèk dife. Anplis, yo te pran an kaptivite fanm ki te ladann yo, ni piti ni gran, 3san touye pèsòn, yo te pran yo e ale fè wout yo. Lè David avèk mesye li yo te vini nan vil la, vwala, li te brile avèk dife. Madanm yo ak fis pa yo e fi pa yo te pran an kaptivite. Alò David avèk moun ki te avè l yo te 4leve vwa yo e te kriye jiskaske yo pa t gen fòs nan yo pou kriye. Alò, 5de madanm a David yo te pran an kaptivite, Achinoam, Jizreyelit la ak Abigaïl, vèv Nabal la, Kamelit la. Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz 6moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men 7David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a. David te di a 8Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.”
Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David. 9David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?”
Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”
Konsa, David te ale, 10li ansanm avèk sis-san mesye ki te avèk li yo. Yo te rive kote ravin Besor a, kote sila ki te kite dèyè yo te rete a. Men David te kontinye pouswiv, li menm avèk kat-san mesye yo. Paske lòt 11de-san nan yo ki te twò bouke pou travèse ravin Besor a, te rete. Konsa, yo te twouve yon Ejipsyen nan chan an e yo te mennen li kote David. Yo te ba li pen pou li te manje e yo te bay li dlo pou l bwè. Yo te ba li yon mòso gato fig etranje ak de grap rezen pou li te manje. 12Epi lespri li te vin leve, paske li pa t manje ni bwè dlo pandan twa jou ak twa nwit. David te mande li: “Pou kilès ou ye? Kibò ou sòti?”
Li te di: “Mwen se yon jennonm ki sòti an Égypte, sèvitè a yon Amalekit. Mèt mwen te kite m dèyè lè m te tonbe malad twa jou pase. Nou te fè yon atak nan 13Negev a Keretyen yo ak sou sa ki apatyen a Juda a ak nan 14Negev pou Caleb la; epi nou te brile Tsiklag avèk dife.”
Konsa, David te mande li: “Èske ou va mennen mwen desann kote lame sila a?”
Li te reponn: “Sèmante a mwen menm pa Bondye pou ou pa touye mwen ni livre mwen nan men a mèt mwen an, epi mwen va mennen ou desann kote lame sa a.” Lè li te mennen li desann, vwala, yo te gaye nan tout tè a, yo t ap manje, bwè e danse akoz 15tout gran piyaj ke yo te pran nan peyi Filisten avèk peyi Juda yo. David te fè masak sou yo 16soti nan aswè jis rive nan pwochen jou a. Nanpwen yon nonm nan yo ki te chape, sof kat-san jennonm ki te monte sou chamo pou te sove ale. Konsa, David te 17reprann tout sa ke Amalekit yo te pran yo, e te livre reprann de madanm li yo. Men anyen ki te pou yo pa t manke, ni piti, ni gran, fis oswa fi, piyaj, oswa nenpòt sa ke yo te pran pou yo menm; 18David te mennen tout retounen. Konsa, David te vin kaptire tout mouton ak bèf ki te pouse devan lòt bèt yo, epi yo te di: 19“Sa se piyaj a David.”
Lè 20David te rive kote de-san mesye ki te twò bouke pou swiv David yo, sa yo ki te rete kote ravin Besor yo te parèt pou rankontre David avèk moun ki te avèk li yo. David te pwoche pèp la pou te salye yo. Alò, tout mesye mechan yo avèk sanzave yo pami sila ki te ale avèk David yo te di: “Akoz yo pa t ale avèk nou, nou p ap bay yo anyen nan piyaj ke nou te reprann an, sof a chak mesye, madanm yo avèk pitit yo pou yo kapab mennen yo ale sòti.”
Alò, David te di: “Fòk nou pa fè sa, frè m yo, avèk sa ke SENYÈ a te bannou, ki te kenbe nou e livre nan men nou lame a ki te vini kont nou an. Epi se kilès ki va koute ou nan afè sila a? Paske 21jan pòsyon a sila ki te desann nan batay la, se menm jan an pòsyon pa l ki rete avèk pwovizyon yo. Yo va separe menm jan an.” Se konsa ke li te ye depi nan jou sa a, ke li te fè l vin yon prensip ak yon règleman ke yo va separe menm jan an.
Alò, lè David te vini Tsiklag, li te voye nan piyaj la kote ansyen a Juda yo, a zanmi li yo, e li te di: “Gade byen, yon kado pou nou soti nan piyaj a 22lènmi a SENYÈ yo.” Li te voye l a sila ki te Béthel yo, sila ki te Ramoth a Negev la ak sila ki te Jatthir yo, anplis, a sila ki te 23Aroër yo, a sila ki te Siphmoth yo ak sila ki te Eschthemoa yo, epi a sila ki te Racal yo, sila ki te nan 24vil a Jerachmeyelit yo ak sila ki te nan 25vil a Kenyen yo, epi a sila ki te 26Horma yo, a sila ki te Cor-Aschan yo ak sila ki te Athac yo, epi a sila ki te 27Hébron yo, ak tout zòn kote David li menm avèk mesye li yo te abitye 28rete yo.
Source notes (28)
- Cross-reference I Sam 27:8-10
- Cross-reference I Sam 27:6-8
- Cross-reference I Sam 27:11
- Cross-reference Nonb 14:1
- Cross-reference I Sam 25:42-43
- Cross-reference Jn 8:59
- Cross-reference I Sam 23:16
- Cross-reference I Sam 22:20-23
- Cross-reference I Sam 23:2-4
- Cross-reference I Sam 27:2
- Cross-reference I Sam 30:9-21
- Cross-reference Jij 15:19
- Cross-reference So 2:5
- Cross-reference Jos 14:13
- Cross-reference I Sam 30:14
- Cross-reference I Sam 11:11
- Cross-reference Jen 14:16
- Cross-reference I Sam 30:8
- Cross-reference I Sam 30:26-31
- Cross-reference I Sam 30:10
- Cross-reference Nonb 31:27
- Cross-reference I Sam 18:17
- Cross-reference Jos 13:16
- Cross-reference I Sam 27:10
- Cross-reference Jij 1:16
- Cross-reference Nonb 14:45
- Cross-reference Jos 14:13-15
- Cross-reference I Sam 23:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.