Bib Sen An
I Samuel 29
Alò, 1Filisten yo te rasanble tout lame pa yo ansanm nan Aphek, pandan Izrayelit yo t ap fè kan akote sous ki nan Jizreel la. Konsa, mèt Filisten yo t ap avanse pa santèn e pa milye e 2David avèk mesye pa li yo t ap avanse pa dèyè avèk Akisch.
Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?”
Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”
Men kòmandan Filisten yo te fache avèk li. Yo te di li: “Fè nonm nan ale retounen, pou li kapab 3retounen nan plas li kote yo te ba li ransèyman an. Pa kite li desann nan batay la avèk nou, 4oswa nan batay la, li kapab devni yon lènmi nou. Paske se kilès ki ta k ap fè nonm sa a vin zanmi ak mèt li a? Èske sa pa tèt a mesye sila yo? Èske sa se pa David, 5a sila yo te chante nan dans pa yo e di:
‘Saül te touye dè milye
e David dè di-milye?’”
Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; 6paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo. Alò, pou sa, retounen ale anpè, pou ou pa fè mèt Filisten yo pa kontan.”
David te di a Akisch: 7“Men kisa mwen te fè? Epi kisa ou te twouve nan sèvitè ou a depi nan jou ke m te vini devan ou an jis rive Jodi a, pou m pa kapab ale goumen kont lènmi a mèt mwen an, wa a?”
Men Akisch te reponn David: “Mwen konnen ke ou se yon plezi nan zye m, tankou yon zanj Bondye! Sepandan, 8kòmandan Filisten yo te di: ‘Fòk li pa monte avèk nou nan batay la.’ Alò, pou sa, leve bonè nan maten 9avèk sèvitè a mèt ou ki te vini avèk ou yo, e lamenm lè ou leve nan maten bonè, pati.”
Konsa, David te leve bonè, li avèk mesye pa li yo, pou pati nan maten pou retounen nan peyi a Filisten yo. Epi Filisten yo te monte Jizreel.
Source notes (9)
- Cross-reference I Sam 28:1
- Cross-reference I Sam 28:1-2
- Cross-reference I Sam 27:6
- Cross-reference I Sam 14:21
- Cross-reference I Sam 18:7
- Cross-reference I Sam 27:8-12
- Cross-reference I Sam 27:10-12
- Cross-reference I Sam 29:4
- Cross-reference I Kwo 12:19-22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.