Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 11

Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè 1yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”

Men Nachasch, Amonit la, te di yo: “Mwen va fè l avè w sou yon sèl kondisyon; pou mwen kreve zye dwat a nou chak! Konsa mwen va fè li yon repwòch sou tout Israël.” 2

Ansyen nan Jabès yo te di a li: “Bay nou sèt jou, pou nou kapab voye mesaje yo toupatou nan tèritwa Israël la. Alò, si nanpwen moun pou delivre nou, nou va sòti deyò kote ou.” Alò mesaje yo te vini 3 Guibea kote Saül e te pale pawòl sa yo nan zòrèy a pèp la, e tout pèp la te leve vwa yo pou te kriye.

Alò gade byen, Saül t ap sòti nan chan an 4dèyè bèf kabwèt yo. Li te di: “Kisa ki gen avèk pèp la pou y ap kriye la a?” Konsa, yo te pataje avèk li pawòl a mesye Jabès yo. Konsa 5Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil. Li te pran yon pè bèf k ap rale chaj, e li te 6koupe yo an mòso. Li te voye yo toupatou nan tèritwa Israël la nan men mesaje yo. Li te di: “Nenpòt moun ki pa vin parèt apre Saül, e apre Samuel, se konsa l ap rive pou bèf pa li yo.” Konsa, lakrent SENYÈ a te tonbe sou pèp la e yo te sòti tankou yon sèl moun. Li te konte yo nan Bézek e 7fis Israël yo te twa-san-mil e mesye Juda yo te trant-mil. Yo te di a mesaje ki te vini yo: “Konsa nou va pale a mesye a Jabès-Galaad la: ‘Demen, soti nan lè solèy la fè cho, ou va genyen delivrans ou.’” Konsa mesaje yo te ale pale mesye Jabès yo; epi yo te kontan. Alò, mesye a Jabès yo te di: 8“Demen nou va parèt vè nou e nou va kapab fè avèk nou sa ki sanble bon pou nou menm.” Nan pwochen maten an, Saül te divize pèp la 9an twa konpayi. Epi yo te vin antre nan mitan kan an nan lè maten pou te frape Amonit yo jiskaske chalè joune a te vin rive. Sila ki te siviv yo te gaye jiskaske pa t gen de nan yo ki te rete ansanm.

Alò, pèp la te di a Samuel: 10“Se kilès ki te di nou: ‘Èske Saül va renye sou nou?’ 11Mennen mesye yo pou nou kab mete yo a lanmò.”

Men Saül te di: “Nanpwen yon moun k ap mete a lanmò nan jou sa a; paske 12jodi a, SENYÈ a te acheve delivrans Israël la.”

Alò, Samuel te di a pèp la: “Vini, annou ale Guilgal pou 13renouvle wayòm nan la.” Epi tout moun te monte Guilgal e la, yo te fè Saül Wa 14devan SENYÈ a nan Guilgal. La osi, yo te 15ofri sakrifis lapè devan SENYÈ a. Epi la Saül avèk tout mesye Israël yo te rejwi anpil.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Job 41:4
  2. Cross-reference I Sam 8:4
  3. Cross-reference I Sam 10:26
  4. Cross-reference I Wa 19:19
  5. Cross-reference Jij 3:10
  6. Cross-reference Jij 19:29
  7. Cross-reference Jij 20:2
  8. Cross-reference I Sam 11:3
  9. Cross-reference Jij 7:16-20
  10. Cross-reference I Sam 10:27
  11. Cross-reference Luc 19:27
  12. Cross-reference Egz 14:13-30
  13. Cross-reference I Sam 10:25
  14. Cross-reference I Sam 10:17
  15. Cross-reference I Sam 10:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.