Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Samuel 10

Konsa, 1Samuel te pran poban lwil la. Li te vide li sou tèt li. Li te bo li e te di: “Èske 2SENYÈ a pa t onksyone ou kòm prens sou eritaj Li a? Lè ou kite mwen jodi a, alò ou va jwenn de moun toupre 3tonm Rachel la, nan tèritwa Benjamin nan Tseltsach. Yo va di ou: ‘Bourik ke ou t ap chache yo gen tan twouve. Alò, gade byen, papa ou pa twouble tèt li ankò sou bourik yo, men li twouble pou ou menm. L ap mande: “Kisa mwen va fè konsènan pitit mwen an?”’”

Alò, ou va ale pi lwen soti la, e ou va parèt jis nan chèn Thabor a. La, twa mesye k ap monte 4vè Bondye Béthel yo va rankontre avè w. Youn k ap pote twa jenn kabrit, yon lòt k ap pote twa mòso pen, e yon lòt k ap pote yon po diven. Yo va di ou: “Bonjou”, e yo va ba ou de mòso pen, ke ou va aksepte nan men yo.

Apre, ou va vini nan 5ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize. Epi 6Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun. 7Li va rive ke lè sign sa yo parèt sou ou, ou va fè pou kont ou sa ke okazyon an mande, paske Bondye avèk ou.

“Epi 8ou va desann devan mwen Guilgal. Gade byen, m ap desann kote ou pou ofri ofrann brile avèk sakrifis lapè yo. Ou va tann sèt jou jiskaske mwen vin kote ou pou montre ou kisa ou ta dwe fè.” Alò, li te rive ke lè li te vire do li pou kite Samuel, Bondye te 9chanje kè li, epi tout sign sa yo te rive nan jou sa a. 10Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo. Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? 11Èske Saül osi pami pwofèt yo?”

Yon mesye nan plas sa a te di: “Alò, kilès ki papa yo?” Konsa, sa te devni yon pwovèb: 12“Èske Saül, osi pami pwofèt yo?” Lè li te fin pwofetize li te vini nan plas anwo a.

Alò, tonton Saül te di li avèk sèvitè li a: “Kote ou te ale?”

Epi li te di: 13“Pou chache bourik yo. Men lè nou vin wè yo p ap kab twouve, nou te ale kote Samuel.”

Tonton Saül te di li: “Souple, di m sa ke Samuel te di ou a.”

Konsa Saül te di tonton li: “Li te pale nou byen klè ke bourik yo gen tan twouve.” Men li pa t pale li afè wayòm ke Samuel te pale a.

Apre sa Samuel te konvoke pèp la ansanm vè SENYÈ a nan Mitspa. 14 Li te di a fis Israël yo: 15“Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te mennen Israël monte soti Égypte. Mwen te delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, e nou te soti de men a tout wayòm ki t ap oprime nou yo.’ Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”16

Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò. Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l. Pou sa, yo 17vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?”

Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”

Konsa yo te kouri pran li soti la, e lè li te kanpe pami pèp la, 18li te pi wo pase tout lòt moun nan pèp la soti nan zepòl li. Samuel te di a tout pèp la: “Èske nou wè sila ke 19SENYÈ a te chwazi a? Anverite, nanpwen lòt moun ki tankou li pami tout pèp la.”

“Konsa, tout pèp la te rele fò. Yo te di: “Viv Wa a!”

Alò, Samuel te pale pèp la 20règleman a wayòm nan. Li te ekri yo nan liv la, e li te plase li devan SENYÈ a. Konsa, Samuel te voye tout pèp la ale, yo chak nan pwòp kay pa yo. Anplis Saül te ale 21lakay li Guibea. Epi mesye vanyan yo avèk kè ki te touche pa Bondye te ale avèk li. Men sèten 22sanzave ki te di: “Kijan mesye sila a kapab delivre nou?” Yo te meprize li e pa t pote okenn kado pou li. Men li te rete an silans.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Egz 30:23-33
  2. Cross-reference I Sam 16:13
  3. Cross-reference Jen 35:16-20
  4. Cross-reference Jen 35:1-7
  5. Cross-reference I Sam 13:2-3
  6. Cross-reference Nonb 11:25-29
  7. Cross-reference Ekl 9:10
  8. Cross-reference I Sam 11:14
  9. Cross-reference I Sam 10:6
  10. Cross-reference I Sam 10:5-6
  11. Cross-reference Am 7:14-15
  12. Cross-reference I Sam 19:23-24
  13. Cross-reference I Sam 9:3-6
  14. Cross-reference Jij 20:1
  15. Cross-reference Jij 6:8-9
  16. Cross-reference I Sam 8:6-7; Jos 7:14-18
  17. Cross-reference I Sam 23:2-4
  18. Cross-reference I Sam 9:2
  19. Cross-reference Det 17:5
  20. Cross-reference Det 17:14-20
  21. Cross-reference I Sam 11:4
  22. Cross-reference Det 13:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.