Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Wa Yo 15

1

Alò, nan di-zuityèm ane a Wa Jéroboam, fis Nebat la, Abijam te vin wa sou Juda. Li te renye pandan twazan nan Jérusalem. Non manman li se te 2Maaca, fi a 3Abisalom an. Li te mache nan tout peche a papa li te fè devan li yo. 4Kè li pa t dedye nèt a SENYÈ a, Bondye li a, tankou kè a papa zansèt li a, David. Men pou koz David, SENYÈ a, Bondye li a, te ba li yon lanp nan Jérusalem, pou fè leve monte fis li apre li, e pou etabli Jérusalem. 5Li te fè sa paske David te fè sa ki te dwat nan zye a SENYÈ a, e li pa t vire akote de nenpòt sa ke Li te kòmande li pandan tout jou lavi li, 6sof ke ka a Urie a, Etyen an. 7Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam pandan tout vi li. Alò, tout lòt zèv a Abijam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? 8Anplis, te gen lagè antre Abijam avèk Jéroboam. 9Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.

Konsa, nan ventyèm ane a Jéroboam, wa Israël la, Asa te kòmanse renye kòm wa nan Juda. Li te renye pandan karanteyen ane Jérusalem. 10Non manman li se te Maaca, fi a Abisalom an. 11Asa te fè sa ki te dwat nan zye SENYÈ a tankou David, papa zansèt li a. Anplis, li te retire mal pwostitiye nan peyi a e li te 12retire tout zidòl ke zansèt li yo te fè yo. Anplis, 13li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te 14brile li nan flèv Cédron an. Men wo plas yo pa t retire. Malgre sa, 15kè Asa te dedye nèt a SENYÈ a pandan tout jou li yo. 16Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò. 17

Alò te gen lagè antre Asa avèk Baescha, wa Israël la pandan tout jou pa yo. 18Baescha, wa Israël la, te monte kont Juda e te ranfòse Rama pou anpeche moun antre, oswa sòti kote Asa, wa Juda a. 19Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: “Kite yon 20akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”

Konsa, Ben-Hadad te koute Wa Asa e te voye chèf lame li yo kont vil Israël yo, li te bat yo e pran Ijjon, 21Dan, Abel-Beth-Maaca, tout 22Kinneroth la ak tout tèritwa Nephtali a. Lè Baescha fin tande koze sa a, li te sispann ranfòse Rama e li te vin rete 23Thirtsa. Epi Wa Asa te fè yon pwoklamasyon a tout Juda——nanpwen pèsòn ki te eksepte——-epi yo tout te pote ale tout wòch nan Rama yo avèk bwa ke Baescha te sèvi pou bati yo. Wa Asa te bati avèk yo, 24Guéba nan Benjamin ak Mitspa. Alò, tout lòt zèv Asa yo avèk tout pwisans li, tout sa li te fè ak vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa a Juda yo? Men nan tan vyeyès li, li te aflije avèk maladi nan pye li. Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi 25Josaphat te renye nan plas li.

Alò, 26Nadab, fis a Jéroboam nan, te vin wa sou Israël nan dezyèm ane Asa a, wa Juda a e li te renye sou Israël pandan dezan. Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li te 27mache nan chemen papa li ak 28nan peche avèk sila li te fè Israël peche a. Alò, 29Baescha, fis Achija a, a lakay Issacar a, te fè konplo kont Nadab, e Baescha te frape l fè l mouri nan Guibbethon, ki te apatyen a Filisten yo, pandan Nadab avèk tout Israël t ap fè syèj nan Guibbethon. Konsa, Baescha te touye li nan twazyèm ane Asa a, wa Juda a e li te vin renye nan plas li. Li te vin rive ke depi li te wa a, li te frape tout lakay Jéroboam. Li pa t kite a Jéroboam okenn moun vivan, jiskaske li te detwi yo nèt, 30selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li a, Achija, Siloyit la. Akoz peche ke Jéroboam te fè yo e 31avèk sila, li te fè Israël peche yo, akoz pwovokasyon li avèk sila li te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, a lakòlè. 32

Alò, lòt zèv a Nadab yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo? 33Te gen lagè antre Asa avèk Baescha, fis a Achija a pandan tout jou pa yo.

Nan twazyèm ane Asa a, wa a Juda a, Baescha, fis a Achija a, te devni wa sou tout Israël nan Thirtsa e li te renye venn-kat ane. Li te fè mal nan zye SENYÈ a e li 34te mache nan chemen Jéroboam ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo.

Source notes (34)
  1. Cross-reference II Kwo 13:1
  2. Cross-reference II Kwo 13:2
  3. Cross-reference II Kwo 11:21
  4. Cross-reference I Wa 11:4
  5. Cross-reference Luc 1:6
  6. Cross-reference II Sam 11:3-17
  7. Cross-reference I Wa 14:30
  8. Cross-reference II Kwo 13:3-20
  9. Cross-reference II Kwo 14:1
  10. Cross-reference I Wa 15:2
  11. Cross-reference II Kwo 14:2
  12. Cross-reference II Kwo 14:2
  13. Cross-reference II Kwo 15:16-18
  14. Cross-reference Egz 32:20
  15. Cross-reference I Wa 8:61
  16. Cross-reference I Wa 7:51
  17. Cross-reference I Wa 15:32
  18. Cross-reference II Kwo 16:1-6
  19. Cross-reference I Wa 14:26
  20. Cross-reference II Kwo 16:7
  21. Cross-reference Jij 18:29
  22. Cross-reference Jos 11:2
  23. Cross-reference I Wa 14:17
  24. Cross-reference Jos 18:24
  25. Cross-reference I Wa 22:41-44
  26. Cross-reference I Wa 14:20
  27. Cross-reference I Wa 12:28-33
  28. Cross-reference I Wa 15:30-34
  29. Cross-reference I Wa 14:14
  30. Cross-reference I Wa 14:9-16
  31. Cross-reference I Wa 15:26
  32. Cross-reference I Wa 14:19
  33. Cross-reference I Wa 15:16
  34. Cross-reference I Wa 15:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.