Bib Sen An
I Wa Yo 14
Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad. Jéroboam te di a madanm li: “Leve vit e abiye kòmsi pou yo pa rekonèt ou kòm madanm a Jéroboam. Konsa, ale 1Silo! Gade byen, Achija, pwofèt ki te 2pale konsènan mwen kòm wa sou pèp sa a la. 3Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”
Madanm a Jéroboam nan te fè sa, li te leve ale Silo e li te rive kote lakay 4Achija. Alò, Achija pa t kab wè, pwiske zye li te vin fèb akoz laj li. Alò, SENYÈ a te di a Achija: “Gade byen, madanm a Jéroboam nan ap vin mande ou konsèy de fis li a, paske li malad. Ou va pale li konsa; paske li va fèt ke lè l rive, 5l ap fè kòmsi se yon lòt fanm li ye.”
Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di. Ale, pale Jéroboam: ‘Konsa pale SENYÈ a. Bondye Israël la: 6“Akoz Mwen te egzalte ou soti nan mitan pèp la, e te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël, e akoz Mwen te 7chire wayòm nan sòti lakay David pou te bay li a ou menm—sepandan, ou pa t fè jan sèvitè mwen an, David, ki te kenbe kòmandman Mwen yo e ki te swiv Mwen avèk tout kè li, pou fè sèlman sa ki te dwat nan zye Mwen. Anplis, ou te fè plis mechanste pase tout sila ki te avan ou yo, epi ou 8te fè pou ou menm lòt dye avèk 9imaj fonn pou pwovoke mwen a lakòlè, e ou te jete Mwen dèyè do ou— Pou sa, gade byen, Mwen ap mennen gwo malè sou lakay Jéroboam e Mwen va 10koupe retire nan men Jéroboam tout gason, ni lib, ni esklav an Israël e Mwen va fè bale nèt lakay Jéroboam jan yon moun ta bale fè sòti poupou bèt jiskaske li retire li nèt. 11Nenpòt moun ki apatyen a Jéroboam ki mouri nan vil la, chen va manje li. Epi sila ki mouri nan chan an, zwazo syèl yo va manje l, paske SENYÈ a te pale.”’ Koulye a, ou menm, leve ale lakay ou. 12Lè pye ou fin antre nan vil la, pitit la va mouri. Tout Israël va fè lamantasyon pou li e antere li, paske se sèlman li nan tout fanmi Jéroboam ki va rive nan tonm nan, akoz nan li, 13yon bon bagay te twouve anvè SENYÈ a, Bondye Israël la, nan kay Jéroboam nan. Anplis, 14SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm! Paske SENYÈ a va frape Israël, tankou yon wozo k ap tranble nan dlo. Epi 15Li va dechouke Israël soti nan bon peyi ke Li te bay a zansèt pa li yo, e Li 16va gaye yo lòtbò Rivyè Euphrate la, akoz yo te fè Asherim pa yo, ki te pwovoke SENYÈ a a lakòlè. Li va abandone Israël akoz peche ke Jéroboam te fè a, e avèk sila ke li te fè Israël antre nan peche a.”
Alò, madanm a Jéroboam te leve ale e te rive Thirtsa. 17Pandan li t ap pase nan chanbrann pòt la, pitit la te mouri. 18Tout Israël te antere li e te kriye pou li, selon pawòl SENYÈ a te pale pa sèvitè li, Achija, pwofèt la.
Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, 19jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo. Tan ke Jéroboam te renye a te venn-dezan. Konsa, li te dòmi avèk zansèt li yo, e Nadab, fis li a te renye nan plas li a. 20
Alò, Roboam fis a Salomon an te renye Juda. Roboam te gen trante-yen ane daj lè li te vin wa, e li te renye di-sèt ane Jérusalem, vil ke SENYÈ a te chwazi soti nan tout tribi Israël yo pou mete non Li a. Epi manman li te Naama, yon fi Amonit. 21Juda te fè mal nan zye a SENYÈ a e yo te 22pwovoke Li a jalouzi plis pase tout zansèt pa yo te fè, avèk peche ke yo te fè yo. Paske yo tou te bati pou yo menm 23wo plas yo, 24pilye sakre yo avèk Asherim sou chak wotè ti kolin e anba chak bèl bwa vèt. Te gen osi 25gason ki fè pwostitiye tanp zidòl nan peyi a. Yo te fè selon tout abominasyon a lòt nasyon ke SENYÈ a te fè sòti devan fis Israël yo. 26
Alò, li te fèt nan senkyèm ane a Wa Roboam, Schischak, wa Égypte la te vin monte kont Jérusalem. Li te pran trezò lakay SENYÈ a avèk trezò lakay wa a. Li te pran tout bagay yo, 27menm tout boukliye an lò ke Salomon te fè yo. Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo. Epi li te vin rive ke nenpòt lè wa a te antre lakay SENYÈ a, ke gad yo ta pote mennen yo retounen nan chanm gad yo. 28
Alò, tout lòt zèv a Roboam avèk tout sa li te fè yo, èske yo pa ekri nan liv a Kwonik a Wa Juda yo? 29Te gen lagè antre Roboam avèk Jéroboam tout tan. Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. 30Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.
Source notes (30)
- Cross-reference Jos 18:1
- Cross-reference I Wa 11:29-31
- Cross-reference I Sam 9:7-8
- Cross-reference I Wa 11:29
- Cross-reference II Sam 14:2
- Cross-reference I Wa 11:28-31
- Cross-reference I Wa 11:31
- Cross-reference I Wa 12:28
- Cross-reference Egz 34:17
- Cross-reference I Wa 21:21
- Cross-reference I Wa 16:4
- Cross-reference I Wa 14:17
- Cross-reference II Kwo 19:3
- Cross-reference I Wa 15:27-29
- Cross-reference Det 29:28
- Cross-reference II Wa 15:29
- Cross-reference I Wa 14:12
- Cross-reference I Wa 14:13
- Cross-reference I Wa 14:30
- Cross-reference II Kwo 12:13
- Cross-reference II Kwo 12:1-14
- Cross-reference Det 32:21
- Cross-reference Éz 16:24
- Cross-reference Det 16:22
- Cross-reference Jen 19:5
- Cross-reference I Wa 11:40
- Cross-reference I Wa 10:17
- Cross-reference II Kwo 12:15-16
- Cross-reference I Wa 12:21
- Cross-reference I Wa 14:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.