Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Kwonik Yo 14

Alò Hiram, wa Tyr la, te voye mesaje yo kote David avèk 1bwa sèd yo, mason ak chapant pou bati yon kay pou li. Epi David te vin rekonèt ke SENYÈ a te etabli li kon wa sou Israël, epi ke wayòm li an te egzalte byen wo pou koz pèp li a, Israël.

David te pran plis madanm Jérusalem, e David te vin papa a plis fis ak fi. 2Sila yo se non a pitit ki ne a li menm Jérusalem yo: Schammau, Schobab, Nathan, Salomon, Jibhar, Élischua, Elphéleth, Noga, Népheg, Japhia, Élischama, Beéliada ak Éliphéleth.

Lè Filisten yo te tande ke David te onksyone wa sou tout Israël, tout Filisten yo te monte pou rankontre David. Lè David te tande sa li te sòti kont yo. Alò, Filisten yo te vini e te 3fè yon atak nan vale Rephaïm nan. David te mande Bondye, epi te di: “Èske mwen dwe monte kont Filisten yo? Èske Ou va livre yo nan men m?”

SENYÈ a te di li: “Monte, paske Mwen va livre yo nan men ou.”

Konsa, yo te rive monte Baal-Peratsim, e David te bat yo la. David te di: “Bondye te kraze lènmi mwen yo pa men mwen kon dlo k ap pete.” Pou sa, yo te rele plas sa a Baal-Peratsim. Yo te abandone dye pa yo la. David te bay lòd pou yo te brile yo avèk dife.

Filisten yo te fè 4yon lòt atak nan vale a. David te mande a Bondye ankò e Bondye te di li: “Ou pa pou monte kont yo. Ansèkle yo pa dèyè e vini sou yo devan pye balzam yo. Li va vin rive ke lè ou tande son mache a nan tèt pye balzam yo, alò, ou va sòti nan batay la; paske Bondye va gen tan sòti devan ou pou frape lame Filisten yo.”

David te fè menm sa ke Bondye te kòmande li. Yo te frape desann lame Filisten yo soti Gabaon jis rive menm nan Guézer. Rekonesans a David te sòti rive nan tout peyi yo, epi 5SENYÈ a te mennen lakrent li sou tout nasyon yo.

Source notes (5)
  1. Cross-reference II Sam 5:11
  2. Cross-reference I Kwo 3:5-8
  3. Cross-reference I Kwo 11:15
  4. Cross-reference I Kwo 14:9
  5. Cross-reference Egz 15:14-16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.