Bib Sen An
I Kwonik Yo 13
Alò, David te fè konsèy ansanm avèk kapitèn a dè milye a dè santèn, menm avèk chak chèf. David te di a tout asanble Israël la: “Si li sanble bon a nou menm e si li soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, annou voye toupatou mesaje a fanmi pa nou ki rete nan peyi Israël yo e osi, a prèt avèk Levit ki avèk yo nan vil pa yo, avèk tèren pa yo, pou yo kapab reyini ansanm avèk nou. Konsa, annou pote tounen lach Bondye pa nou an, 1paske nan jou Saül yo, nou pa t chache li.”
Alò, tout asanble a te di ke yo ta fè l, paske bagay la te bon nan zye a tout pèp la. Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim. 2
David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, 3menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.
Lè yo te rive nan 4glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l. Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li 5akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye. Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?” Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote 6kay Obed-Édom an nan Gath. Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi 7SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.
Source notes (7)
- Cross-reference I Sam 7:1-2
- Cross-reference II Sam 6:2-11
- Cross-reference I Kwo 15:16
- Cross-reference II Sam 6:6
- Cross-reference I Kwo 15:13-15
- Cross-reference I Kwo 15:25
- Cross-reference I Kwo 26:4-5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.