Skip to content
BibleKenya

Bib La

Sòm 150

Lwanj pou Seyè a! Lwanj pou Bondye nan tanp ki apa pou li a! Lwanj pou Bondye nan syèl la kote pouvwa li parèt aklè! Lwanj pou li pou bèl bagay li fè yo! Lwanj pou li pou jan li gen anpil anpil fòs! Lwanj pou li ak twonpèt! Lwanj pou li ak gita ak bandjo! Lwanj pou li ak tanbou! Danse pou fè lwanj li! Lwanj pou li ak gita ak vaksen! Lwanj pou li ak senbal ki bay bèl son! Lwanj pou li ak senbal ki fè gwo bri! Se pou tou sa ki gen souf fè lwanj Seyè a! Lwanj pou Seyè a!

Bib La. Public domain. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.