Bib La
Sòm 121
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou? Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a. Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi. Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi. Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou. Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen. Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou. L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.
Bib La. Public domain. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · SourceEdition imported 2026-10-25.