Skip to content
BibleKenya

Bib La

Sòm 120

Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Lè m' te nan tray, mwen te rele Seyè a, li te reponn mwen. Delivre m' non, Seyè, anba moun k'ap bay manti, anba moun k'ap twonpe moun. Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis? Eske se avèk flèch pwenti sòlda yo? Eske se avèk chabon gayak tou limen? Malè pou mwen, paske se tankou si m' te rete nan mitan moun peyi Mechèk, osinon nan mitan moun peyi Keda. Mwen rete twò lontan ak yon bann moun ki pa renmen viv ak kè poze! Lè mwen menm m'ap pale yo jan pou yo viv byen yonn ak lòt, yo menm se yon sèl bagay ki nan tèt yo, se fè lagè.

Bib La. Public domain. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.