Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Jean 4

Byeneme yo, pa kwè tout 1lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.

Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: 2chak lespri ki 3konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye: Epi chak lespri ki 4pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou kilès nou te tande ke l ap vini, epi 5koulye a se deja nan lemonn lan.

Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te 6venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase 7li ki nan lemonn an. 8Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.

Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.

Byeneme yo, kite nou 9renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske 10Bondye se lamou.

Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke 11Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.

Nan sa se lamou; 12pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, 13nou osi dwe renmen youn ak lòt. 14

Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou. 15

Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.

Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te 16voye Fis la kòm Sovè lemonn an. Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye. Epi 17nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. 18

Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen 19konfyans nan 20jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

Pa gen lakrent nan lamou; men 21lamou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent gen pinisyon, men sila ki gen perèz pa pèfekte nan lamou. 22

Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li 23rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 24Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Jr 29:8
  2. Cross-reference I Kor 12:3
  3. Cross-reference I Jn 2:23
  4. Cross-reference I Jn 2:22
  5. Cross-reference II Tes 2:3-7
  6. Cross-reference I Jn 2:13
  7. Cross-reference Jn 12:31
  8. Cross-reference Jn 15:19
  9. Cross-reference I Jn 3:11
  10. Cross-reference Jn 4:7,16
  11. Cross-reference Jn 3:16
  12. Cross-reference Wo 5:8,10
  13. Cross-reference I Jn 4:7
  14. Cross-reference Jn 1:18
  15. Cross-reference Wo 8:9
  16. Cross-reference Jn 3:17
  17. Cross-reference Jn 6:69
  18. Cross-reference I Jn 4:7,8
  19. Cross-reference I Jn 2:28
  20. Cross-reference Mat 10:15
  21. Cross-reference Wo 8:15
  22. Cross-reference I Jn 4:10
  23. Cross-reference I Jn 2:9,11
  24. Cross-reference Lev 19:18

Bib Sen An. Copyright © Bib Sen An. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: Open.Bible. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-11-09.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.