Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Jean 3

Gade 1ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele 2ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke 3lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va 4wè Li menm jan ke Li ye. Epi tout moun ki gen 5espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.

Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. 6Peche a se transgresyon lalwa. Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab 7retire peche yo, epi 8nan Li pa gen peche. Okenn moun ki rete nan Li 9pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.

Ti moun yo, pa kite pèsòn 10twonpe nou. 11Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis. Men sila ki pratike peche se 12a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

Nanpwen pèsòn ki 13ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. Selon sa 14pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen 15frè li.

Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a 16ke nou dwe renmen yon lòt. Pa kon 17Caïn, ki te apatyen a 18mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.

Pa etonnen, frè yo, si 19lemonn rayi nou.

Nou konnen ke nou 20kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

Nenpòt ki 21rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.

Men konsa nou rekonèt lamou; ke 22Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. Men 23nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi 24sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li? Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan 25verite.

Nou va rekonèt konsa ke nou 26nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li: si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.

Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen 27konfyans devan Bondye. Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou 28kenbe kòmandman Li yo, epi fè 29bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.

Men sa se kòmandman Li, ke nou 30kwè nan 31non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.

Sila a ki 32kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke 33Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.

Source notes (33)
  1. Cross-reference Jn 3:16
  2. Cross-reference Jn 1:12
  3. Cross-reference Wo 8:29
  4. Cross-reference Jn 17:24
  5. Cross-reference Wo 15:12
  6. Cross-reference Wo 4:15
  7. Cross-reference Jn 1:29
  8. Cross-reference II Kor 5:21
  9. Cross-reference I Jn 3:9
  10. Cross-reference I Jn 2:26
  11. Cross-reference I Jn 2:29
  12. Cross-reference Jn 8:44
  13. Cross-reference Jn 1:13
  14. Cross-reference Jn 1:12
  15. Cross-reference I Jn 2:9
  16. Cross-reference Jn 15:12
  17. Cross-reference Jen 4:8
  18. Cross-reference I Jn 2:13
  19. Cross-reference Jn 15:18
  20. Cross-reference Jn 5:24
  21. Cross-reference Mat 5:21
  22. Cross-reference Jn 10:11
  23. Cross-reference Jc 2:15
  24. Cross-reference Det 15:7
  25. Cross-reference II Jn 1
  26. Cross-reference I Jn 2:21
  27. Cross-reference I Jn 2:28
  28. Cross-reference I Jn 2:3
  29. Cross-reference Jn 8:29
  30. Cross-reference Jn 6:29
  31. Cross-reference Jn 1:12
  32. Cross-reference I Jn 2:3
  33. Cross-reference I Jn 2:5

Bib Sen An. Copyright © Bib Sen An. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: Open.Bible. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-11-09.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.