Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 89

Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la

Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.

Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.

Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a

va kanpe dyanm jis pou tout tan.

Ou te etabli syèl yo.

Fidelite Ou rete nan yo.

“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk 1 moun apwente mwen an.

Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,

‘Mwen va etabli 2 jèm ou nèt

e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan

Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,

ansanm ak fidelite Ou nan asanble 3sen yo.

Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?

Kilès pami 4 fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,

Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,

e 5mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?

O SENYÈ Bondye dèzame yo, 6 se kilès ki

tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?

Anplis, fidelite Ou antoure Ou.

Ou domine ògèy lanmè a.

Lè vag li yo vin leve, Ou 7 kalme yo.

Ou menm, Ou te kraze 8 Rahab (Égypte)

tankou yon moun ki fin touye.

Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou. 9

Syèl yo se pou Ou.

Tè a se pa Ou tou.

Lemond ak tout sa ki ladann,

se Ou menm ki te etabli yo. 10

Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo.

Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.

Ou gen yon men byen fò. 11

Men dwat Ou leve byen wo.

Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an. 12

Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.

A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!

O SENYÈ, yo mache nan 13 limyè a vizaj Ou a.

Nan 14 non Ou, yo rejwi tout lajounen,

e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.

Paske Ou se glwa a 15 fòs yo,

e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.

Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a,

e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la. 16

Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo.

Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan.

Mwen te fè leve yon jennonm ki te chwazi pami pèp la.

Mwen te 17 twouve David, sèvitè Mwen an.

Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.

Avèk li menm, 18 men M va vin etabli.

Anplis, bra M va ranfòse li.

Lènmi an p ap 19 twonpe li.

Ni fis a mechanste a p ap aflije li.

Men Mwen va 20 kraze advèsè li yo devan l,

e frape sila ki rayi li yo.

Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li.

Nan non Mwen, 21kòn li va vin egzalte.

Mwen va osi mete men li 22 sou lanmè a,

ak men dwat li sou rivyè yo.

Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,

Bondye m 23Wòch a sali mwen an.

Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,

pi wo pami tout wa latè yo.’

Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan, 24

e akò Mwen va konfime a li menm.

Konsa, Mwen va etabli 25 desandan li yo jis pou tout tan,

e twòn li tankou jou syèl yo.

Si fis li yo 26 abandone lalwa Mwen an, e

pa mache nan jijman Mwen yo,

si yo vyole règleman Mwen yo, e

pa kenbe kòmandman Mwen yo,

alò Mwen va pini transgresyon yo

avèk yon 27 baton,

e inikite yo avèk kout fwèt.

Men Mwen p ap retire 28 lanmou dous sou li,

ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.

Mwen p ap vyole 29 akò mwen an,

ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.

Depi Mwen fin 30 sèmante selon sentete Mwen,

Mwen p ap manti a David.

Desandan li yo va dire jis pou tout tan,

e twòn li va 31tankou solèy la devan M.

Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan, 32

temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”

Men koulye a Ou vin 33refize ak rejete,

Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.

Ou te 34 desann e rejte akò a sèvitè ou a.

Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.

Ou te 35 kraze tout miray li yo.

Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt. 36

Tout moun ki pase akote piyaje li.

Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.

Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo.

Ou te 37fè lènmi li yo rejwi.

Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e 38

fè l pa kanpe pou batay la.

Ou te fè 39 mayifisans li vin kraze fini e

te jete twòn li jis atè.

Ou te fè jou a jenès li yo 40 vin kout.

Ou te kouvri li ak gwo wont.

Jiskilè, O SENYÈ?

Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan?

Èske 41kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan? 42

Sonje longè lavi mwen genyen

tèlman kout ke li tankou yon foli!

Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!

Ki moun ki kab viv e pa 43 wè lanmò?

Èske li kab delivre nanm li de pouvwa

sejou lanmò a? Tan

Kote lanmou dous Ou te konn genyen an, O SENYÈ?

Sa Ou te 44 sèmante a David nan fidelite Ou a?

Sonje, O Senyè, 45 repwòch a sèvitè Ou yo,

jan mwen pote nan lestonmak mwen,

repwòch a tout nasyon pwisan yo,

Avèk sila, 46 lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ.

Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a. 47

Beni se SENYÈ a pou tout tan!

Amen, e Amen.

Source notes (47)
  1. Cross-reference I Wa 8:16
  2. Cross-reference II Sam 7:16
  3. Cross-reference Job 5:1
  4. Cross-reference Sòm 29:1
  5. Cross-reference Sòm 96:4
  6. Cross-reference Sòm 35:10
  7. Cross-reference Sòm 65:7
  8. Cross-reference Sòm 87:4
  9. Cross-reference Jen 1:1
  10. Cross-reference Jos 19:22
  11. Cross-reference Sòm 98:1
  12. Cross-reference Sòm 85:13
  13. Cross-reference Sòm 4:6
  14. Cross-reference Sòm 105:3
  15. Cross-reference Sòm 28:8
  16. Cross-reference I Wa 11:34
  17. Cross-reference I Sam 13:14
  18. Cross-reference Sòm 18:35
  19. Cross-reference II Sam 7:10
  20. Cross-reference II Sam 7:9
  21. Cross-reference Sòm 132:7
  22. Cross-reference Sòm 72:8
  23. Cross-reference II Sam 22:47
  24. Cross-reference Sòm 89:3-34
  25. Cross-reference Sòm 18:50
  26. Cross-reference II Sam 7:14
  27. Cross-reference Job 9:34
  28. Cross-reference II Sam 7:15
  29. Cross-reference Det 7:9
  30. Cross-reference Sòm 60:6
  31. Cross-reference Sòm 72:17
  32. Cross-reference Job 16:19
  33. Cross-reference Det 32:19
  34. Cross-reference Sòm 60:6
  35. Cross-reference Sòm 80:12
  36. Cross-reference Sòm 80:12
  37. Cross-reference Sòm 80:6
  38. Cross-reference Sòm 44:10
  39. Cross-reference Éz 28:7
  40. Cross-reference Sòm 102:23
  41. Cross-reference Sòm 79:5
  42. Cross-reference Job 7:7
  43. Cross-reference Sòm 22:29
  44. Cross-reference II Sam 7:15
  45. Cross-reference Sòm 69:9
  46. Cross-reference Sòm 74:10-22
  47. Cross-reference Sòm 41:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.