Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 104

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.

Ou 1abiye avèk bèlte ak majeste.

Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto. 2

Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.

Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.

Li fè 3nwaj yo sèvi kon cha Li.

Li mache sou zèl van an.

Li fè van yo vin mesaje Li.

Flanm 4dife yo se minis Li.

Li te 5etabli tè a sou pwòp fondasyon li,

pou l pa varye pou tout tan ni pou tout tan.

Ou te 6kouvri li avèk fon an tankou yon vètman.

Dlo yo te kanpe anwo mòn yo.

Ak repwòch Ou, yo te sove ale.

Lè vwa Ou te 7sone, yo te kouri ale.

Mòn yo te leve, vale yo te vin fon

nan 8plas ke Ou te kòmande pou yo a.

Ou te plase yon 9limit pou dlo yo pa ta depase,

pou yo pa retounen kouvri tè a.

Li fè 10sous yo vin koule nan vale yo.

Yo koule antre mòn yo.

Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo. 11

Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.

Akote yo, zwazo syèl yo va 12poze kay.

Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.

Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo. 13

Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.

Li fè 14zèb grandi pou bèt yo e vèdi

pou zèv a lòm nan,

pou li kab fè manje sòti nan tè a,

e diven ki fè kè a lòm kontan an,

pou li kab fè figi li klere ak lwil,

ak manje ki 15bay soutyen a kè lòm nan.

Pyebwa a SENYÈ yo bwè dlo jiskaske yo plen,

pye sèd Liban ke Li te plante yo,

kote zwazo yo fè nich yo.

Sigòy ki fè kay li nan pye sipre yo.

Mòn wo yo se pou kabrit mawon yo.

Gwo falèz yo se yon kote pou 16daman yo kache.

Li te fè lalin nan 17pou sezon yo.

Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.

Ou te chwazi tenèb la e li te devni lannwit,

pou tout 18bèt forè yo mache toupatou.

Jenn lyon yo rele fò dèyè viktim yo,

e 19chache manje yo nan men Bondye.

Solèy la vin leve.

Yo retire yo pou ale kouche nan 20tanyè yo.

Lòm ale fè 21travay li.

Li fè fòs jis lannwit rive.

O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil!

Nan sajès, Ou te fè tout bagay.

Latè ranpli ak byen Ou yo.

Genyen 22lanmè, gran e vast.

Ladann, gen gwo ekip pwason ki pa kab menm konte

gwo bèt, kòn ti bèt.

Genyen gwo bato k ap pase ladann, ak

levyatan ke Ou te fòme pou fè spò ladann nan.

Yo tout ap tann Ou pou 23bay yo manje nan lè yo.

Ou bay yo, e yo ranmase li.

Ou 24ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.

Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt.

Ou retire 25lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.

Ou voye 26Lespri Ou deyò; yo vin kreye.

Konsa, Ou renouvle fas tè a.

Kite 27glwa SENYÈ a dire jis pou tout tan.

Kite SENYÈ a rejwi nan zèv Li yo.

Li gade tè a e tè a vin 28tranble.

Li touche mòn yo e yo fè lafimen.

Mwen va chante a SENYÈ a 29toutotan ke m ap viv.

Mwen va chante lwanj a Bondye mwen an toutotan ke m la.

Kite 30refleksyon mwen yo fè L plezi.

Pou kont mwen, mwen va kontan nan SENYÈ a.

Kite pechè yo vin disparèt sou tè a,

E 31mechan yo vin pa la ankò.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen.

Bay SENYÈ a lwanj!

Source notes (31)
  1. Cross-reference Sòm 93:1
  2. Cross-reference És 40:22
  3. Cross-reference És 19:1
  4. Cross-reference II Wa 2:11
  5. Cross-reference Job 38:4
  6. Cross-reference Jen 1:2
  7. Cross-reference Sòm 29:3
  8. Cross-reference Sòm 33:7
  9. Cross-reference Job 38:10
  10. Cross-reference Sòm 107:35
  11. Cross-reference Job 39:5
  12. Cross-reference Mat 8:20
  13. Cross-reference Jr 10:13
  14. Cross-reference Job 38:27
  15. Cross-reference Jen 18:5
  16. Cross-reference Lev 11:5
  17. Cross-reference Jen 1:14
  18. Cross-reference Sòm 50:10
  19. Cross-reference Sòm 145:15
  20. Cross-reference Job 37:8
  21. Cross-reference Jen 3:19
  22. Cross-reference Sòm 8:8
  23. Cross-reference Job 36:31
  24. Cross-reference Sòm 145:16
  25. Cross-reference Jen 3:19
  26. Cross-reference Job 33:4
  27. Cross-reference Sòm 86:12
  28. Cross-reference Hab 3:10
  29. Cross-reference Sòm 63:4
  30. Cross-reference Sòm 19:4
  31. Cross-reference Sòm 37:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.