Bib Sen An
Nonb 34
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre 1nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li. 2
“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès. Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid 3Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon. Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan 4lanmè.
“‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la. 5
“‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor. Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive 6nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad. Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
“‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham. Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan 7Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a 8Lamè Kinnéreth la. Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “9Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo. 10Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l. De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 11“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan. Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, 12Caleb, fis a Jephaunné a.
“Nan tribi fis a 13Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
“Nan tribi 14Benjamin an, Élidad fis a Kislon an. Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
“Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
“Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
“Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
“Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
“Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
“Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.
Source notes (14)
- Cross-reference Jen 17:8
- Cross-reference Jos 15:1-3
- Cross-reference Nonb 32:8
- Cross-reference Jos 15:4
- Cross-reference Éz 47:15-17
- Cross-reference Jos 13:5
- Cross-reference II Wa 23:33
- Cross-reference Det 3:17
- Cross-reference Det 11:24
- Cross-reference Nonb 32:33
- Cross-reference Jos 14:1-2
- Cross-reference Nonb 13:6-30
- Cross-reference Jen 29:33
- Cross-reference Det 33:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.