Bib Sen An
Nonb 16
Alò, Koré, fis a Jitsehar, ansanm avèk Dathan ak Abiram, fis a Éliab avèk On, fis a Péleth, fis a Ruben yo, te pran desizyon. Yo te pran moun avèk yo, epi yo te vin soulve devan Moïse. Ansanm avèk kèk nan fis Israël yo, de-san-senkant nan chèf kongregasyon an, mesye ki te byen rekonèt, ki te 1chwazi pa asanble a, yo te reyini ansanm 2kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e 3SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
Lè Moïse te tande sa, 4li te tonbe sou figi li. Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. 5Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm. Fè sa: Fè Koré ak tout konpanyen li pran asanswa a pou kont nou. Konsa, mete dife ladann, e poze lansan sou yo nan prezans a SENYÈ a, demen. Moun nan ke SENYÈ a chwazi a, va sila ki sen an. 6Nou gen tan ale ase lwen, fis a Levi yo!”
Moïse te di a Koré: “Tande koulye a fis a Levi yo! 7Èske li pa sifi pou nou ke Bondye Israël la te separe nou soti nan tout rès kongregasyon Israël la, pou mennen nou touprè a Li menm? Pou fè sèvis tabènak SENYÈ a, e pou vin kanpe devan kongregasyon an pou sèvi yo? E ke li te mennen nou touprè, tout frè ou yo Koré, fis a Levi yo avèk ou? Epi èske w ap 8chache pozisyon prèt la tou? Pou sa, ou menm avèk tout konpanyen ou yo vin rasanble ansanm 9kont SENYÈ a! Men pou Aaron, kilès li ye pou 10nou vin plenyen kont li?”
Konsa, Moïse te voye yon lòd bay Dathan avèk Abiram, fis a Éliab yo, men yo te di: “Nou p ap monte.” Èske sa pa ase ke ou te mennen nou sòti nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl 11pou fè nou vin mouri nan dezè a, men ou ta, osi, vin chèf sou nou?
Vrèman, ou pa t mennen nou nan yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl, ni ou pa t bannou yon eritaj 12tèren, avèk chan rezen. Èske ou ta 13pete zye a mesye sa yo? Nou p ap monte? Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: 14“Pa aksepte ofrann pa yo! 15Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
Moïse te di a Koré: “Ou menm avèk tout konpanyen ou yo, parèt devan SENYÈ a demen; ni ou menm, yo menm ansanm avèk Aaron. Chak nan nou pran veso dife li, mete lansan sou li, e chak nan nou pote veso lansan an devan SENYÈ a, de-san-senkant veso dife; osi ou menm avèk Aaron va chak pote veso dife pa li a.” Konsa, yo chak te pran pwòp veso dife a e te mete dife ladann. Yo te mete lansan sou li, epi yo te kanpe nan pòtay tant asanble a, avèk Moïse ak Aaron. Konsa, Koré te rasanble tout kongregasyon anfas yo a nan pòtay a tant asanble a.
Epi 16glwa a SENYÈ a te vin parèt a tout kongregasyon an. SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron, e te di: 17“Separe nou nan mitan kongregasyon sila a, 18pou Mwen kapab manje yo koulye a.”
Men yo te tonbe sou figi yo e te di: “O Bondye, 19Bondye a lespri de tout chè a, èske Ou va an kòlè avèk tout kongregasyon an lè yon sèl moun fè peche?”
SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: “Pale avèk kongregasyon an e di: 20 ‘Sòti nan andwa tant Koré yo, Dathan avèk Abiram!’”
Alò, Moïse te leve ale vè Dathan ak Abiram, avèk ansyen a Israël ki t ap swiv li yo. Li te pale avèk kongregasyon an. Li te di: 21“Kite tant a moun mechan sa yo, e pa touche anyen ki pou yo, 22sinon, nou va vin pote ale ak tout peche yo.” Konsa, yo te soti nan tant a Koré yo, Dathan ak Abiram de tout kote. Dathan ak Abiram te vin kanpe nan pòtay tant pa yo a, ansanm avèk madanm yo, e 23fis yo, ansanm ak timoun yo.
Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke 24SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti. Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri 25desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen. Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo 26desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”
Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri. Konsa, 27latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo. Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!” 28
Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile 29de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.
SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Di a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, ke li va ranmase veso lansan yo nan mitan dife a, paske yo sen. Epi nou va gaye sann dife k ap brile lwen kan an, paske yo sen. Epi menm selon veso lansan a mesye sa yo ki te peche e te peye ak lavi yo, kite yo fin bat yo byen plat pou sèvi yo pou kouvri lotèl la, pwiske yo te prezante yo devan SENYÈ a. Yo sen. Konsa, 30yo va sèvi kòm yon sign a fis Israël yo.”
Éléazar, prèt la, te pran veso lansan ki te fèt an bwonz ke mesye ki te brile yo te ofri, epi yo te bat yo pou fè yo plat pou kouvri lotèl la, kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou 31pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.
Men nan pwochen jou a, tout kongregasyon fis Israël yo te 32bougonnen kont Moïse avèk Aaron. Yo te di: “Se nou ki touye pèp SENYÈ a.”
Lè kongregasyon an te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron, yo te gade vè tant asanble a, e vwala, nwaj la te kouvri li e glwa SENYÈ a te parèt. Alò, Moïse avèk Aaron te vini devan tant asanble a. Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: “Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.”
Yo te tonbe sou figi yo. 33 Moïse te di a Aaron: “Pran veso lansan an, mete dife lotèl la ladann. Mete lansan an sou li e pote li vit bay kongregasyon an pou 34fè ekspiyasyon pou yo. Paske lakòlè gen tan sòti nan SENYÈ a. Gwo epidemi an kòmanse!”
Alò Aaron te pran li jan Moïse te pale a. Li te kouri nan mitan asanble a, paske, gade byen, gwo epidemi an te kòmanse pami pèp la. 35Konsa li te mete lansan an pou fè ekspiyasyon pou pèp la. Li te kanpe antre mò yo ak moun vivan, e gwo epidemi an te rete. 36Men sila ki te mouri nan gwo epidemi yo te katòz-mil-sèt-san (14,700), anplis sila ki te mouri akoz Koré yo.
Alò, Aaron te retounen vè Moïse nan pòtay tant asanble a, paske gwo epidemi an te vin rete.
Source notes (36)
- Cross-reference Nonb 1:16
- Cross-reference Sòm 106:16
- Cross-reference Nonb 5:3
- Cross-reference Nonb 14:5
- Cross-reference Nonb 17:5-8
- Cross-reference Nonb 16:3
- Cross-reference És 7:13
- Cross-reference Nonb 3:10
- Cross-reference Egz 16:7
- Cross-reference I Kor 10:10
- Cross-reference Nonb 14:2-3
- Cross-reference Egz 23:10-11
- Cross-reference I Sam 11:2
- Cross-reference Jen 4:4-5
- Cross-reference I Sam 12:3
- Cross-reference Nonb 14:10
- Cross-reference Nonb 16:45
- Cross-reference Egz 32:10-12
- Cross-reference Nonb 27:16
- Cross-reference Nonb 16:45
- Cross-reference És 52:11
- Cross-reference Jen 19:15
- Cross-reference Nonb 26:11
- Cross-reference Egz 3:12-15
- Cross-reference Ekl 3:19
- Cross-reference Sòm 55:15
- Cross-reference Det 11:6
- Cross-reference Nonb 11:1-3
- Cross-reference Nonb 16:2
- Cross-reference Éz 14:8
- Cross-reference Nonb 1:51
- Cross-reference Nonb 16:31
- Cross-reference Nonb 16:21-24
- Cross-reference És 6:6-7
- Cross-reference Nonb 25:6-13
- Cross-reference Nonb 25:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.