Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nonb 17

SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo. Ekri non a Aaron sou branch Levi a. Konsa, va gen yon sèl branch pou tèt a chak kay fanmi zansèt yo. Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach 1temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.

“Li va vin rive ke branch 2moun ke Mwen chwazi a, va boujonnen. Konsa, Mwen va fè sispann tout bougonnen fis Israël k ap fèt kont nou menm.”

Konsa, Moïse te pale avèk fis Israël yo, e tout chèf yo te bay li yon branch pou chak nan yo; pou chak chèf, selon kay fanmi zansèt yo, douz branch avèk branch Aaron an pami branch yo. Konsa, Moïse te depoze branch yo devan SENYÈ a 3nan tant asanble a.

Alò, nan jou apre a, Moïse te antre nan tant lan; epi vwala, 4branch Aaron an pou fanmi zansèt Levi a te boujonnen. E li pa t sèlman boujonnen, men li te pwodwi flè, e osi li te pote zanmann mi. Konsa, Moïse te pote deyò tout branch ki te nan prezans a SENYÈ a vè tout fis Israël yo. Yo te gade, e chak mesye te pran pwòp branch pa l.

Men SENYÈ a te di a Moïse: “Remete branch Aaron a 5devan lach temwayaj la, pou kenbe kòm yon sign kont 6rebèl yo, pou ou kapab mete fen a plent kont Mwen yo, pou yo pa mouri.”

Konsa, Moïse te fè; jis jan ke SENYÈ a te kòmande li a, konsa li te fè.

Alò, fis Israël yo te pale avèk Moïse e te di l: 7 “Gade byen, n ap mouri, nou tout ap mouri! 8Tout moun ki pwoche, ki vin pwoche toupre tabènak SENYÈ a, fòk li mouri. Èske nou tout va peri nèt?”

Source notes (8)
  1. Cross-reference Egz 25:16-22
  2. Cross-reference Nonb 16:5
  3. Cross-reference Nonb 1:50-53
  4. Cross-reference Éz 17:24
  5. Cross-reference Nonb 17:4
  6. Cross-reference Det 9:7-24
  7. Cross-reference És 6:5
  8. Cross-reference Nonb 1:51

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.