Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nonb 15

Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: 1‘Lè nou antre nan peyi kote nou dwe viv la, peyi ke Mwen ap bannou an, alò, fè yon ofrann pa dife a SENYÈ a—yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon 2ve espesyal, swa kòm yon ofrann bòn volonte, swa nan 3tan apwente yo, pou fè yon odè ki santi bon a SENYÈ a, soti nan twoupo oswa nan bann mouton— 4sila ki prezante ofrann li an, va prezante bay SENYÈ a yon ofrann sereyal de yon dizyèm efa farin fen mele avèk yon ka lwil. Ou va prepare diven pou ofrann bwason an, yon ka boutèy, avèk ofrann brile a oswa pou sakrifis la, pou 5chak jenn mouton.

“‘Oswa pou yon belye, ou va prepare kòm yon ofrann sereyal, de dizyèm efa farin fen mele avèk yon tyè boutèy lwil; epi pou ofrann bwason an, ou va ofri yon tyè boutèy diven kòm yon odè santi bon a SENYÈ a.

“‘Lè ou fin prepare 6yon towo kòm yon ofrann brile, oswa yon sakrifis pou akonpli yon ve espesyal, oswa ofrann lapè bay SENYÈ a, alò, ou va ofri avèk towo a yon ofrann sereyal fèt ak twa dizyèm efa farin fen mele avèk yon mwatye boutèy lwil; epi ou va ofri kòm ofrann bwason, yon mwatye boutèy diven kòm yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. Konsa, li va fèt pou chak bèf, oswa chak belye, oswa chak nan jenn mouton mal yo, oswa kabrit yo. Selon kantite ke nou prepare yo, konsa nou va fè pou chak selon kantite ki genyen an.

“‘Tout sila ki natif peyi yo, yo va fè bagay sa yo nan menm mòd la, nan prezante yon ofrann pa dife, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a. Si yon etranje vin demere pami nou, oswa youn ki kapab pami nou pandan tout jenerasyon yo, e li vle fè yon ofrann pa dife, kòm yon ofrann ki santi bon an SENYÈ a, menm jan ak nou, se konsa li va fè l. Epi pou asanble a, va genyen 7yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a. Va genyen 8yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”

Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi kote Mwen mennen nou an, alò konsa sa va rive, ke lè nou manje nan 9 manje peyi a, nou va leve yon ofrann bay SENYÈ a. 10

“‘Nan premye bòl farin moulen nou an, nou va fè leve yon gato kòm yon ofrann. Kòm ofrann moulen glasi, nou va leve li. Soti nan premye bòl farin moulen an, nou va bay SENYÈ a yon ofrann pandan tout jenerasyon nou yo. Men lè nou tonbe fè yon fot 11pa eksprè, e nou vin pa obsève tout kòmandman sila ke SENYÈ a te pale a Moïse yo— tout sa ke SENYÈ a te kòmande pa Moïse yo soti nan jou ke SENYÈ a te bay kòmandman an, avanse rive nèt pou tout jenerasyon yo— alò, li va konte ke si sa fèt san entansyon, e san konesans kongregasyon an, ke tout kongregasyon an va ofri yon towo kòm yon ofrann brile, kòm yon odè ki bon a SENYÈ a, 12avèk ofrann sereyal pa li a, ak ofrann bwason li an, selon òdonans lan, ak yon mal kabrit pou yon ofrann peche. Konsa, 13prèt la va fè ekspiyasyon pou tout kongregasyon fis Israël yo, e yo va vin padone; paske se te yon erè, e yo te pote ofrann pa yo, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, ofrann peche pa yo devan SENYÈ a, pou erè a.

“‘Konsa, tout kongregasyon fis Israël yo va vin padone, avèk etranje ki demere pami yo, paske sa te rive a tout pèp la akoz fot 14 erè. Osi, si yon moun fè peche 15ki pa eksprè, alò, li va ofri yon femèl kabrit nan laj 1 nan kòm yon ofrann peche. 16Prèt la va fè ekspiyasyon devan SENYÈ a pou moun ki kite chemen an lè li fè peche ki pa eksprè a, pou li k ap fè ekspiyasyon pou li pou jiskaske li kapab padone. Nou va genyen yon sèl lwa pou sila ki fè yon bagay ki pa eksprè, pou sila ki natif pami fis Israël yo, e pou sila ki se yon etranje k ap demere pami yo. Men moun ki fè yon bagay avèk 17 rebelyon an, menm si se yon natif, oswa yon etranje, sila ap blasfeme SENYÈ a. Nanm sa va koupe retire de pèp li a. 18Akoz ke li te meprize pawòl a SENYÈ a, e li te vyole kòmandman Li an, moun sa a va konplètman koupe retire. Koupabilite li va rete sou li.’”

Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan 19jou Saba a. Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a. Konsa, yo te arete li, 20akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li. Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. 21Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”

Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

SENYÈ a te osi pale avèk Moïse e te di: “Pale avèk fis Israël yo e di yo ke yo va fè pou yo menm 22ponpon sou kwen vètman yo pandan tout jenerasyon yo, e ke yo va mete sou ponpon nan chak kwen an, yon kòd ble. Se va yon ponpon pou nou gade, e pou 23sonje tout kòmandman SENYÈ yo, pou nou obeyi yo, e pa pwostitiye tèt nou jan nou te konn fè, nan swiv dezi pwòp kè nou ak zye nou, e pou nou sonje pou fè tout kòmandman Mwen yo, e pou 24 rete sen a Bondye nou an.

“Mwen menm se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, pou M kab vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”

Source notes (24)
  1. Cross-reference Lev 23:10
  2. Cross-reference Lev 22:21
  3. Cross-reference Lev 23:1-44
  4. Cross-reference Nonb 28:1-31
  5. Cross-reference Lev 19:34
  6. Cross-reference Lev 1:3
  7. Cross-reference Nonb 9:14
  8. Cross-reference Lev 24:22
  9. Cross-reference Jos 5:11-12
  10. Cross-reference Egz 34:26
  11. Cross-reference Lev 4:2
  12. Cross-reference Nonb 15:8-10
  13. Cross-reference Lev 4:20
  14. Cross-reference Nonb 15:24
  15. Cross-reference Lev 4:27-31
  16. Cross-reference Lev 4:35
  17. Cross-reference Nonb 14:40-44
  18. Cross-reference II Sam 12:9
  19. Cross-reference Egz 31:14-15
  20. Cross-reference Nonb 9:8
  21. Cross-reference Lev 24:14-23
  22. Cross-reference Det 22:12
  23. Cross-reference Det 4:23
  24. Cross-reference Lev 11:44-45

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.