Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Nonb 10

Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li: Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati. 1 Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a. Men si se yon sèl ki sone, alò, se 2 chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou. Lè nou sone pou avèti, kan ki rete 3 nan kote lès yo, va pati. Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan 4 kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati. Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son 5 avèti yo. 6

Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab7 sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo. “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, 8 nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”

Alò, nan 9 dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la. Konsa, fis Israël yo te pati nan 10 vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tann nan 11dezè Paran an. 12 Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.

Drapo kan Juda a selon lame pa yo, 13te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li. Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo. Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an, 14Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.

Apre, 15drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li. Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo. Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo. 16Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak la avan ke yo te rive. 17

Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a. Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo. Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.

Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a. Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo. Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo. Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.

Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a 18te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”

Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”

Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou 19va pou nou tankou zye nou. Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, 20nou va fè pou ou tou.”

Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk 21lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze. 22Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.

Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite 23sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”

Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè 24bokou milye de Israël yo.”

Source notes (24)
  1. Cross-reference Jr 4:5
  2. Cross-reference Egz 18:21
  3. Cross-reference Nonb 10:14
  4. Cross-reference Nonb 10:18
  5. Cross-reference Jl 2:1
  6. Cross-reference Nonb 31:6
  7. Cross-reference Jen 8:1
  8. Cross-reference Sòm 81:3-5
  9. Cross-reference Egz 40:17
  10. Cross-reference Egz 40:36
  11. Cross-reference Nonb 12:16
  12. Cross-reference Det 1:6
  13. Cross-reference Nonb 2:3-9
  14. Cross-reference Nonb 4:21-32
  15. Cross-reference Nonb 2:10-16
  16. Cross-reference Nonb 4:4-20
  17. Cross-reference Nonb 2:18-24
  18. Cross-reference Det 4:40
  19. Cross-reference Job 29:15
  20. Cross-reference Lev 19:34
  21. Cross-reference Det 1:33
  22. Cross-reference Nonb 9:15-23
  23. Cross-reference Det 7:10
  24. Cross-reference Det 1:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.