Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Néhémie 7

Alò, lè 1 miray la te fin rebati, mwen te fin monte pòt yo e gadyen pòtay yo avèk chantè yo avèk Levit yo te chwazi. Anplis, mwen te mete 2 Hanani, frè mwen an, avèk Hanania, kòmandan fò a, an chaj Jérusalem. Paske li te yon nonm fidèl e te gen lakrent Bondye plis pase anpil moun. Mwen te di yo: “Pa kite pòtay Jérusalem yo ouvri jiskaske solèy la vin cho ak pandan gad yo an plas yo, fè yo fèmen pòt yo e boulonnen yo. Anplis, chwazi gad yo soti nan pèp Jérusalem nan, chak moun sou pòs li e chak moun devan pwòp kay pa li.”

Alò, vil la te byen gran avèk anpil espas, men moun ladann yo pa t anpil e kay yo potko bati. 3

Konsa, Bondye mwen an te mete sa nan kè m pou rasanble sitwayen enpòtan lavil yo, chèf yo avèk pèp la pou vin anrejistre pa lign zansèt yo. Mwen te twouve liv a zansèt a sila ki te monte an premye yo, e ladann, rekò swivan an: 4

Sila yo se pèp pwovens ki te monte soti an kaptivite nan egzil ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote ale yo, e ki te retounen Jérusalem avèk Juda, chak moun nan lavil pa li; moun ki te vini avèk Zorobabel yo, Josué, Néhémie, Azaria, Raamia, Nachamani, Mardochée, Bilschan, Mispéreth, Bigvaï, Nehum, Baana.

Kantite mesye nan pèp Israël yo:

Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.

Fis a Schephathia yo, twa-san-senkann-de.

Fis a Arach yo, sis-san-senkann-de.

Fis a Pachath-Moab yo, fis a Josué yo avèk Joab, de-mil-ui-san-dizwit.

Fis a Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.

Fis a Zatthu yo, ui-san-karann-senk.

Fis a Zaccaï yo, sèt-san-swasant.

Fis a Binnuï yo, sis-san-karann-tuit.

Fis a Bébaï yo, sis-san-venn-tuit

Fis a Azgad yo, de-mil-twa-san-venn-de.

Fis a Adonikam yo, sis-san-swasann-sèt.

Fis a Bigvaï yo, de-mil-swasann-sèt.

Fis a Adin yo, Sis-san-senkann-senk.

Fis a Ather yo, nan fanmi Ézéchias, katra-ven-di-zuit.

Fis a Haschum yo, twa-san-venn-tuit.

Fis a Betsaï yo, twa-san-venn-tuit.

Fis a Hariph yo, san-douz.

Fis a Gabaon yo, katre-ven-kenz.

Mesye a Bethléem yo avèk Netopha, san-katre-ven-uit.

Mesye a Anathoth yo, san-venn-tuit.

Mesye a Beth-Azmaveth yo, karann-de.

Mesye a Kirjath-Jearim yo, a Kephira, avèk Beéroth, sèt-san-karann-twa.

Mesye a Rama yo avèk Guéba, sis-san-ven-te-yen.

Mesye nan Micmas yo, san-venn-de.

Mesye nan Béthel avèk Aï yo, san-venn-twa.

Mesye nan lòt Nebo yo, san-karann-de.

Fis a lòt Élam yo, mil-de-san-senkann-kat.

Fis a Harim yo, twa-san-ven.

Fis a Jéricho yo, twa-san-karann-senk.

Fis a Lod, Hadid avèk Ono yo, sèt-san-ven-te-yen.

Fis a Senaa yo, twa-mil-nèf-san-trant.

Prèt yo: fis a Jedaeja lakay Josué yo, nèf-san-swasann-trèz.

Fis a Immer yo, mil-senkann-de.

Fis a Paschhur yo, mil-de-san-karann-sèt.

Fis a Harim yo, mil-di-sèt.

Levit yo: fis a Josué ak Kadmiel yo, avèk fis a Hodeva yo, swasann-katòz.

Chantè yo: fis a Asaph yo, san-karann-tuit.

Gadyen pòtay yo: fis a Schallum yo, fis a Ather yo, fis a Thaimon yo, fis a Akkub yo, fis a Hathitha yo, fis a Schobaï yo, san-trann-tuit.

Sèvitè tanp yo: fis a Tsicha yo, fis a Hasupha yo, fis a Thabbaoth yo. Fis a Kéros yo, fis a Sia yo, fis a Padon yo. Fis a Lebana yo, fis a Hagaba yo, fis a Salmaï yo. Fis a Hanan yo, fis a Guiddel yo, fis a Gachar yo. Fis a Reaja yo, fis a Retsin yo, fis a Nekoda yo. Fis a Gazzam yo, fis a Uzza yo, fis a Paséach yo. Fis a Bésaï yo, fis a Mehunim yo, fis a Nephischsim yo. Fis a Bakbuk yo, fis a Hakupha yo, fis a Harhur yo. Fis a Batslith yo, fis a Mehida yo, fis a Harscha yo, fis a Barkos yo, fis a Sisera yo, fis a Thamach yo, fis a Netsiach yo, fis a Hathipha yo.

Fis a sèvitè Salomon yo: fis a Sothaï yo, fis a Sophéreth yo, fis a Perida yo. Fis a Jaaia yo, fis a Darkon yo, fis a Guiddel yo. Fis a Schephathia yo, fis a Hatthil yo, fis a Pokéreth-Hatsebaïm yo, fis a Amon yo. Tout sèvitè tanp yo avèk fis a sèvitè Salomon yo, twa-san-katre-ven-douz.

Sila yo se te yo menm ki te monte soti Tel-Melah yo, Tel-Harsha, Cherub, Addon e Immer yo, men yo pa t kab bay prèv lakay papa zansèt pa yo, pou demontre ke se Izrayelit yo te ye:

fis a Delaiah yo, fis a Tobiah yo, fis a Nekoda yo, sis-san-karann-de.

Nan prèt yo: fis a Hobaja yo, fis a Hakkots yo, fis a Barzillaï yo, ki te pran kon madanm youn nan fis a Barzillaï yo, Galaadit la e te rele selon non pa yo.

Sila yo te fè rechèch nan achiv zansèt yo, men yo pa t kapab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e pa t kab fè sèvis kon prèt. Gouvènè a te pale yo ke yo pa t pou manje soti nan bagay sen pase tout lòt bagay yo, jiskaske yon prèt vin leve avèk 5 Ourim avèk Thoumim nan.

Asanble a an antye te karann-de-mil-twa-san-swasant moun, anplis, sèvitè avèk sèvant pa yo, sou sila yo te gen sèt-mil-twa-san-trann-sèt moun; epi yo te gen de-san-karann-senk gason avèk fanm nan chantè yo. 6 Cheval pa yo te sèt-san-trann-sis; milèt yo, de-san-karann-senk; chamo yo, kat-san-trann-senk, bourik yo, si-mil-sèt-san-ven.

Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te fè don pou travay la. 7Gouvènè a te bay nan trezò a travay la mil ons an lò, senkant basen ak senk-san-trant nan vètman prèt yo. Kèk moun pami tèt lakay zansèt yo te bay nan trezò travay la ven-mil ons an lò ak de-mil-de-san min an ajan. Sa ki te bay pa tout lòt moun nan pèp la te ven-mil ons an lò, ak de-mil min an ajan, avèk swasann-sèt nan vètman prèt.

Alò, 8 prèt yo, Levit yo, gadyen pòtay yo, chantè yo, kèk moun nan pèp la, sèvitè tanp yo ak tout Israël te rete nan vil pa yo.

Lè setyèm mwa a te vin rive, fis Israël yo te vin antre nan pwòp vil pa yo.

Source notes (8)
  1. Cross-reference Né 6:1-15
  2. Cross-reference Né 1:2
  3. Cross-reference Pwov 2:6
  4. Cross-reference Esd 2:1-70
  5. Cross-reference Egz 28:30
  6. Cross-reference Esd 2:66
  7. Cross-reference Né 7:65
  8. Cross-reference I Kwo 9:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.