Bib Sen An
Néhémie 13
Nan jou sa a, 1 yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te 2 anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men 3Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete 4tout etranje yo deyò Israël.
Alò, avan sa a, Éliaschib, prèt la, 5ki te chwazi dirijan nan chanm lakay Bondye yo, ki te fè alyans ak Tobija, te prepare yon gran chanm pou li, nan kote a ki oparavan te konn sèvi pou depo ofrann sereyal yo, lansan an, zouti ak dim sereyal yo, diven avèk lwil ki te 6pou Levit yo, chantè yo, ak gadyen pòtay yo, avèk kontribisyon balanse an lè, ki te pou prèt yo. Men pandan tout tan sa a, mwen pa t la Jérusalem, paske nan trann-dezyèm ane 7Artaxerxès la, wa a Babylone nan, mwen te deja ale kote wa a. Men apre kèk tan, mwen te mande pèmisyon a wa a pou m sòti, epi mwen te rive Jérusalem e te vin aprann mal ke Éliaschib te fè pou Tobija a, lè l 8 te prepare yon chanm pou li nan lakou lakay Bondye a. Sa te fè m pa kontan anpil. Konsa, mwen te 9jete tout bagay Tobija yo deyò chanm nan. Epi mwen te pase lòd, e 10yo te netwaye chanm yo. Mwen te remete la zouti lakay Bondye yo avèk ofrann sereyal la ak lansan an.
Anplis, mwen te dekouvri ke 11pòsyon Levit yo pa t konn bay a yo menm ki te fè Levit yo avèk chantè yo ki te pèfòme nan fè sèvis yo, ale; yo chak nan pwòp chan pa l. Konsa, mwen te repwoche responsab yo. Mwen te di: 12“Poukisa lakay Bondye a abandone?” Mwen te reyini yo ansanm e te fè yo reprann pòs yo. Konsa ankò, tout Juda te pote 13 dim sereyal la, diven an avèk lwil la, antre nan kay depo yo. Kon responsab pou kay depo yo, mwen te chwazi Schélémia, prèt la, Tsadok, skrib la, avèk Pedaja a Levit yo: epi akote sila yo, Hanan, fis a Zaccur la, fis a Matthania a; paske 14 yo te konsidere kon moun serye e se te tach pa yo pou separe bay a frè yo. 15
Sonje mwen pou sa, O Bondye mwen, e pa efase zèv fidèl ke m te fè pou lakay Bondye mwen an ak sèvis mwen te fè pou li a.
Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen 16 nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a. Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem. Pou sa a mwen te 17bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a? 18 Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.” 19
Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a. Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem. Konsa 20 mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a. Mwen te pase lòd a Levit yo 21ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.
Anplis, nan jou sa yo, mwen te wè ke Jwif yo te konn 22 marye ak fanm Ashdod yo, Ammon, avèk Moab yo. Epi selon pitit yo, mwatye nan yo te pale langaj Ashdod la, e nanpwen menm nan yo ki te gen kapasite pou pale langaj Juda a, men pito langaj a pèp pa li a. Pou sa, mwen te kanpe kont yo, mwen te bay yo madichon yo, te frape kèk nan yo, te rale cheve yo e te 23 fè yo sèmante pa Bondye: “Ou p ap bay fi ou yo a fis pa yo, ni pran nan fi pa yo pou fis nou, ni pou nou menm. 24Èske Salomon, wa Israël la, pa t peche nan bagay sa yo? 25Malgre, pami anpil nasyon yo, pa t gen wa tankou li, li te renmen pa Bondye li a, e Bondye te fè li wa sou tout Israël. Sepandan, fanm etranje yo te fè menm li menm nan fè peche. Alò, èske nou tande de nou menm ke nou te komèt gran mal sila a, e 26te aji avèk enfidelite kont Bondye nou an nan fè maryaj avèk fanm etranje yo?”
Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a 27Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen. Sonje yo, O Bondye mwen, akoz yo te degrade 28 otorite a prèt la, avèk akò otorite prèt yo avèk Levit yo. 29
Konsa, mwen te pirifye soti nan tout bagay etranje yo e te chwazi devwa pou prèt yo ak Levit yo, yo chak nan pwòp tach pa yo; epi 30 pou ofrann founi bwa nan lè chwazi yo, ak pou premye fwi yo, sonje mwen, O Bondye mwen, pou sa ki bon.
Source notes (30)
- Cross-reference Né 9:3
- Cross-reference Nonb 22:3-11
- Cross-reference Det 23:5
- Cross-reference Egz 12:38
- Cross-reference Né 12:44
- Cross-reference Nonb 18:21
- Cross-reference Esd 6:22
- Cross-reference Né 13:5
- Cross-reference Jn 2:13-16
- Cross-reference II Kwo 29:5-16
- Cross-reference Det 12:19
- Cross-reference Né 10:39
- Cross-reference Né 10:37
- Cross-reference Né 7:2
- Cross-reference Né 5:19
- Cross-reference Det 5:12-14
- Cross-reference Né 13:11-25
- Cross-reference Esd 9:13
- Cross-reference Lev 23:32
- Cross-reference Né 13:15
- Cross-reference I Kwo 15:12
- Cross-reference Esd 9:2
- Cross-reference Né 10:29-30
- Cross-reference I Wa 11:1
- Cross-reference I Wa 3:13
- Cross-reference Esd 10:2
- Cross-reference Né 2:10
- Cross-reference Nonb 25:13
- Cross-reference Né 10:30
- Cross-reference Né 10:34
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.