Bib Sen An
Matthieu 15
Apre sa, kèk Farizyen ak Skrib ki te sòti Jérusalem te vin kote Jésus pou mande L: “Poukisa disip ou yo vyole tradisyon a lansyen nou yo? Paske yo 2pa lave men yo lè yo manje pen.”
Li te reponn yo: “E poukisa nou menm vyole kòmandman Bondye a pou koz a tradisyon nou yo? Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”
Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an. Nou menm ipokrit; anverite, Ésaïe te bay pwofesi sou nou lè l te di: 3
Pèp sa a onore M avèk lèv yo,
men kè yo byen lwen Mwen.
An ven yo adore M;
lè yo enstwi kòm 4doktrin, prensip a lòm.
Apre sa, Li te rele foul akote Li a, e Li te di yo: “Tande e konprann; 5Se pa sa ki antre nan bouch la ki kontamine yon nonm, men se sa ki sòti nan bouch la ki kontamine l.”
Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
Men Li te reponn yo e di: 6“Chak plant ke Papa M pa plante, ap vin rache. Pa okipe yo. Yo se 7avèg k ap gide avèg. 8 Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”
Pierre te reponn, e te di L: 9“Eksplike nou parabòl sa a.”
Li te di: “Èske nou menm, nou toujou manke konprann nan? Èske nou pa konprann ke tout bagay ki antre nan bouch, e ki pase nan vant, ap vin elimine? Men 10bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa 11Tyr ak Sidon. Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon 12move lespri.”
Men Li pa t reponn li yon mo.
Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.
Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou 13mouton pèdi nan lakay Israël la.”
Men fanm nan te 14vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”
Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”
Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”
Jésus te reponn li: “Men fanm, 15lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula. 16
Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.
Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e 17Li te geri yo. Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te 18bay glwa a Bondye Israël la. 19
Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”
Disip Li yo te mande L: “Kibò nou ta twouve kantite pen sa a nan yon andwa izole konsa pou bay yon gran foul konsa?”
Jésus te mande yo: “Konbyen pen nou genyen”?
Yo te di: “Sèt, avèk kèk ti pwason.”
Li te kòmande foul la chita atè. Li te pran sèt ti pen yo avèk pwason an. Lè Li te fin 20remèsye Bondye pou yo, Li te kase yo, e te bay disip Li yo, ki te bay tout foul la. Konsa, tout moun te manje e te satisfè. Lè yo te ranmase mòso kase ki te rete yo, te rete sèt gran 21panyen byen plen. Sila ki te manje yo te kat mil gason plis fanm avèk timoun.
Apre Li voye foul la ale, Li te monte nan yon kannòt e te ale nan rejyon 22Magadan an.
Source notes (22)
- Cross-reference Mc 7:1-23
- Cross-reference Luc 11:38
- Cross-reference És 29:13
- Cross-reference Kol 2:22
- Cross-reference Mat 15:18
- Cross-reference És 60:21
- Cross-reference Mat 23:16,24
- Cross-reference Luc 6:39
- Cross-reference Mat 13:36
- Cross-reference Mat 12:34
- Cross-reference Mat 11:21
- Cross-reference Mat 4:24
- Cross-reference Mat 10:6
- Cross-reference Mat 8:2
- Cross-reference Mat 9:22
- Cross-reference Mat 15:29-31
- Cross-reference Mat 4:23
- Cross-reference Mat 9:8
- Cross-reference Mat 14:13-21
- Cross-reference Mat 14:9
- Cross-reference Mat 16:10
- Cross-reference Mc 8:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.