Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Marc 13

1

Pandan Li t ap sòti nan tanp lan, youn nan disip Li yo te di Li: “Mèt, gade! A la bèl wòch, e a la bèl konstriksyon!”

Jésus te di li: “Ou wè gwo konstriksyon sa yo? 2Pa menm yon wòch va rete sou yon lòt ki p ap dekonble.”

Pandan Li te chita sou 3Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive. “Di nou kilè bagay sa yo ap rive, e kisa k ap yon sign pou lè tout bagay sa yo va akonpli.”

Epi Jésus te kòmanse di yo: “Veye ke pèsòn pa mete nou nan erè. Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: 4‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè. Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen. Paske nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. Va gen tranbleman de tè nan plizyè andwa. Va gen famin ak twoub. Bagay sa yo se kòmansman a doulè nesans lan.

“Men veye nou; paske y ap 5livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm. Men premyèman, fòk 6bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo. 7“Lè yo arete nou, e livre nou, pa enkyete nou an avans pou sa ke nou va di, men di nenpòt sa ke nou resevwa nan lè sa a. Paske se pa nou k ap pale, men Lespri Sen an.

“Konsa, frè va livre frè a lanmò, e yon papa, pitit li. Pitit yo va leve kont paran yo, e fè mete yo a lanmò. 8Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

“Men 9lè nou wè Abominasyon Dezolasyon an, sila ke Daniel te pale a, k ap kanpe kote li pa ta dwe ye,” (ke sila k ap li sa a konprann), “alò, kite sila ki nan Juda yo kouri ale nan mòn yo. 10Epi kite sila ki sou do kay yo pa desann antre ladann pou pran anyen nan kay la. Epi kite sila ki nan chan an pa retounen pran vètman li. Men malè a sila avèk pitit nan vant yo, ak sila ki nouris nan jou sa yo.

“Men priye ke sa pa rive nan sezon fwedi. Paske jou sa yo va yon tribilasyon ki pa janm konn fèt 11depi kòmansman kreyasyon an ke Bondye te fè, jouk rive koulye a e ki p ap janm fèt ankò.

“Anmwens ke Bondye te fè jou sa yo pi kout, nanpwen lavi ki t ap sove. Men pou koz a eli ke Li te chwazi yo, Li te fè jou yo vin pi kout. E alò, si nenpòt moun ta di nou: “Men Kris la isit la”, oubyen: “Gade, Li la”; pa kwè li. Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo va parèt, e va montre nou 12sign ak mèvèy jis, si te posib, pou sedwi menm eli yo. Men fè atansyon, gade byen, Mwen te di nou tout bagay davans.

“Men nan jou sa yo, apre tribilasyon sila yo, solèy la ap vin nwa fonse, e lalin nan p ap bay limyè. 13 14Epi zetwal yo va ap tonbe soti nan syèl la, e pouvwa ki nan syèl yo va sekwe nèt.

“Nan lè sa a yo va wè 15Fis a Lòm nan k ap vini nan nyaj yo avèk gwo pouvwa avèk glwa. Li va voye zanj Li yo, e yo va 16ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.

“Alò, konprann parabòl de pye fig etranje a. Lè branch li vin vèt, e l ap pouse fèy, nou konnen ke gran sezon an prèt pou rive. Menm jan an nou menm, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke Li menm Li prè, Li nan pòt la menm. Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt. Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase. 17

“Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. Fè atansyon, 18 rete vijilan, paske nou pa konnen lè a. 19Se tankou yon mesye ki sòti nan yon vwayaj ki kite kay li e mete esklav li yo responsab. Li te bay a chak moun, tach li, e osi a gadyen pòt la, pou l ta rete vijilan.

“Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen 20lè kòk la chante granmmaten; sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 21 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: 22“Rete vijilan!”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Mat 24:2
  2. Cross-reference Luc 19:44
  3. Cross-reference Mat 21:1
  4. Cross-reference Jn 8:24
  5. Cross-reference Mat 10:17
  6. Cross-reference Mat 24:14
  7. Cross-reference Mat 10:19-22
  8. Cross-reference Mat 10:22
  9. Cross-reference Mat 24:15
  10. Cross-reference Luc 17:31
  11. Cross-reference Dan 12:1
  12. Cross-reference Mat 24:24
  13. Cross-reference És 13:10
  14. Cross-reference És 34:4
  15. Cross-reference Dan 7:13
  16. Cross-reference Det 30:4
  17. Cross-reference Mat 24:36
  18. Cross-reference Ef 6:18
  19. Cross-reference Luc 12:36-38
  20. Cross-reference Mc 14:30
  21. Cross-reference Wo 13:11
  22. Cross-reference Mat 24:42

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.