Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Luc 10

Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis 1lòt. Li te voye yo 2de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.

Li t ap di yo: 3“Rekòlt la anpil, men ouvriye yo piti. Konsa, sipliye Senyè rekòlt la pou L voye ouvriye nan chan rekòlt Li a.

“Ale fè wout nou! 4Veye byen, Mwen voye nou tankou jenn mouton nan mitan lou. 5Pa pote bous, ni sak, ni soulye. Pa menm salye pèsonn nan wout la.

“‘Nan nenpòt kay ke nou antre, premyèman mande pou Lapè rete sou kay sa a’. Si yon nonm lapè a la, lapè nou va rete sou li; men si li pa la, li va retounen sou nou. Rete nan kay sa a. Manje e bwè sa ke yo mete devan nou; paske 6ouvriye a dign de salè li. Pa kontinye pase de kay an kay.

“Nan Nenpòt vil ke nou antre, e yo resevwa nou, 7manje sa yo mete devan nou. Geri sila yo ki malad nan li. Di yo: 8Wayòm syèl la gen tan vin toupre nou”.

“Men nan Nenpòt vil ke nou antre, si yo pa resevwa nou, tou ale nan lari yo e di: 9Menm pousyè vil nou an ki kole nan pye nou, nou siye li kont nou menm. Men konnen sa byen; ke wayòm syèl la gen tan vin toupre nou.”

“Mwen di nou, 10li va pi tolerab nan jou sa pou Sodome ke pou vil sa a. 11

“Malè a nou menm, Chorazin! Malè a nou menm, Bethsaïde! Paske si mirak ki te fèt nan nou yo te konn fèt nan Tyr avèk Sidon, yo t ap vin repanti lontan sa, e vin chita nan sann abiye ak twal sak.

“Men li va pi tolerab pou 12Tyr ak Sidon nan jijman an, pase pou nou menm.

“Epi nou menm, 13Capernaüm, nou p ap egzalte nan syèl la, men nou ap jete anba nan sejou mò yo. 14

“Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”

Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm 15dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.

Li te di yo: “Mwen t ap gade 16Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. Veye byen, Mwen bannou otorite pou17mache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.

“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske 18non nou ekri nan syèl la.” 19

Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.” 20

Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, e21pèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L. 22

Li te vire vè disip yo Li te di an prive: “Beni se zye ki wè bagay ke nou gen tan wè a. Paske Mwen di nou, ke anpil nan pwofèt avèk wa yo te vle wè bagay ke nou wè yo, men yo pa t wè yo, ni tande bagay ke nou tande yo, e yo pa t tande yo.” 23

Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

Li te pale li: “Kisa ki ekri nan Lalwa a? Kijan ou li li?”

Li te reponn: 24

“Ou va renmen Senyè a, Bondye ou a

avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout fòs ou,

e avèk tout panse ou, epi vwazen ou tankou tèt ou.”

Li te di li: “Ou reponn byen kòrèk. 25Fè sa, e ou va viv.”

Men li te vle 26jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”

Jésus te reponn e te di: “Yon sèten mesye t ap 27desann sòti Jérusalem pou rive Jéricho. Li te tonbe pami vòlè yo. Yo te pran rad li. Yo te bat li, e yo te kite l mwatye mouri.

“Konsa, pa aza, yon sèten prèt t ap desann nan wout sa a. Lè l te wè li, li te vin pase sou lòtbò wout la.

“Menm jan an, yon Levit tou, lè l te rive kote a, li te wè l, e te vin pase sou lòtbò.

“Men yon sèten 28Samariten, ki t ap fè yon vwayaj, te rive sou li. Lè l te wè l, li te gen konpasyon. Li te vini kote li, te mete lwil avèk diven sou blesi li yo, e te panse yo. Li te vin mete li sou pwòp bèt pa li, e te mennen li nan yon pansyon pou l pran swen li. Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’

“Kilès nan twa sa yo ou kwè ki te fè prèv ke se te yon bon vwazen a mesye ki te tonbe nan men vòlè yo?”

Li te reponn: “Sila ki te gen konpasyon pou li a.” Konsa Jésus te di l: “Ale fè menm bagay la”.

Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele 29 Marthe te resevwa Li lakay li.

Li te gen yon sè yo te rele 30Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. Men 31Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou 32enkyete e twouble pa anpil bagay, 33men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

Source notes (33)
  1. Cross-reference Luc 9:1-52
  2. Cross-reference Mc 6:7
  3. Cross-reference Mat 9:37-38
  4. Cross-reference Mat 10:16
  5. Cross-reference Mat 10:9-14
  6. Cross-reference Mat 10:10
  7. Cross-reference I Kor 10:27
  8. Cross-reference Mat 3:2
  9. Cross-reference Mat 10:14
  10. Cross-reference Jen 19:24-28
  11. Cross-reference Mat 11:21-23
  12. Cross-reference Mat 11:21
  13. Cross-reference És 14:13-15
  14. Cross-reference Mat 10:40
  15. Cross-reference Luc 9:1
  16. Cross-reference Mat 4:10
  17. Cross-reference Sòm 91:13
  18. Cross-reference Egz 32:32
  19. Cross-reference Mat 11:25-27
  20. Cross-reference Jn 3:35
  21. Cross-reference Jn 10:15
  22. Cross-reference Mat 13:16-17
  23. Cross-reference Mat 19:16-19
  24. Cross-reference Det 6:5
  25. Cross-reference Lev 18:5
  26. Cross-reference Luc 16:15
  27. Cross-reference Luc 18:31
  28. Cross-reference Mat 10:5
  29. Cross-reference Luc 10:40
  30. Cross-reference Luc 10:42
  31. Cross-reference Luc 10:38-41
  32. Cross-reference Mat 6:25
  33. Cross-reference Sòm 27:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.