Bib Sen An
Levitik Yo 16
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse apre 1lanmò fis Aaron yo, lè yo te pwoche prezans SENYÈ a e yo te mouri an. SENYÈ a te di a Moïse: “Di frè ou a, Aaron, ke li pa pou antre nan nenpòt lè nan lye sen an anndan vwal la, devan twòn ekspiyatwa a ki sou lach la, oswa li va mouri; paske 2Mwen va parèt nan nwaj la sou twòn pwopiyatwa a.
“Aaron va antre nan lye sen an avèk yon towo pou yon 3ofrann peche ak yon belye pou yon ofrann brile. Li va mete sou li 4tinik sen an. Li va mete sou li pantalon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo. Li va pran soti nan asanble Israël la 5de mal kabrit kòm yon ofrann peche ak yon belye kòm yon ofrann brile.
“Konsa, 6Aaron va ofri towo a kòm ofrann peche ki pou li menm nan, pou li kapab fè ekspiyasyon pou li menm ak pou tout lakay li. Li va pran de kabrit yo, e li va prezante yo devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a. Aaron va fè tiraj osò pou de kabrit sa yo, yon osò pou SENYÈ a, e lòt osò a pou kabrit ekspiyatwa a. Alò, Aaron va ofri kabrit la sou sila osò SENYÈ a tonbe a, e fè li vin yon ofrann peche. Men kabrit la sou sila osò kabrit ekspiyatwa a vin tonbe a, li va vin prezante vivan devan SENYÈ a, pou fè 7ekspiyasyon sou li, e pou voye li nan dezè a kòm kabrit ekspiyatwa a.
“Alò Aaron va ofri towo ofrann peche 8ki pou li menm nan, li va fè ekspiyasyon pou li menm ak 9pou tout lakay li, e li va touye towo ofrann peche ki pou li menm nan. Li va pran yon 10plato pou resevwa san ki ranpli avèk chabon cho ki sòti sou lotèl la devan SENYÈ a, de men plen avèk lansan dous moulen byen fen, e mennen li anndan vwal la. Li va mete lansan an sou dife a devan SENYÈ a, pou nwaj lafimen lansan an kapab kouvri 11twòn ekspiyatwa ki sou lach temwayaj la; otreman, li va mouri. Anplis, 12li va pran kèk nan san towo a e li va flite li 13avèk dwèt li sou twòn pwopiyatwa sou kote lès la; anplis, pa devan nan twòn pwopiyatwa a, li va flite kèk nan san an avèk dwèt li sèt fwa.
“Epi li va touye kabrit ofrann peche 14ki pou pèp la. Li va mennen san li anndan vwal la, e li va fè avèk san li jan li te fè avèk san towo a. Li va flite li sou twòn pwopiyatwa a. 15Li va fè ekspiyasyon pou lye sen an akoz salte fis Israël yo, akoz transgresyon pa yo avèk tout peche yo. Konsa, li va fè pou tant asanble ki rete avèk yo nan mitan tout salte pa yo. Lè li antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, pèsòn pa pou nan tant asanble a jiskaske li sòti, pou li kapab fè ekspyasyon an pou li menm, pou lakay li, ak pou tout asanble Israël la.
“Konsa, li va ale deyò vè lotèl ki devan SENYÈ a pou fè ekspiyasyon pou li. Li va pran kèk nan san towo a, san kabrit la pou 16mete li sou kòn yo sou tout kote nan lotèl la. Avèk dwèt li, li va flite kèk nan san an sou li sèt fwa pou fè l vin pwòp, soti nan salte a fis Israël yo, e konsakre li.
“Lè li fin fè ekspiyasyon pou lye sen an, tant asanble a, ak lotèl la, li va ofri kabrit vivan an. Alò, Aaron va poze de men li sou tèt kabrit vivan an, e li va 17konfese sou li tout inikite a fis Israël yo, tout transgresyon pa yo selon tout peche yo. Li va poze yo sou tèt kabrit la e li va voye li nan dezè a pa men yon moun ki prepare pou sa. Kabrit la va pote sou li menm tout inikite pa yo pou rive nan yon peyi izole. Li va lage kabrit la nan dezè a.
“Epi Aaron va vini nan tant asanble a pou retire 18vètman len ke li te mete lè li te antre nan lye sen an, e li va kite yo la. 19Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete 20vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la. Li va ofri nan lafimen grès ofrann peche a sou lotèl la.
“Sila ki te lage kabrit la kòm kabrit ekspiyasyon an, gen pou 21lave rad li, e benyen kò li avèk dlo. Alò apre, li va antre nan kan an. Men towo ofrann peche a ak kabrit ofrann peche a, 22 san sila li te mennen antre pou fè ekspiyasyon nan lye sen an, va vin pote deyò lavil la. Li va brile po yo, chè yo, avèk poupou yo nan dife. Epi sila ki brile yo a, va lave rad li, benyen kò l nan dlo, e apre, li va vin antre nan kan an.
“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan 23setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo. Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou 24fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a. Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin 25imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan. Alò prèt ki onksyone e òdone pou sèvi kòm prèt nan plas papa li a va fè ekspiyasyon an. Li va abiye ak 26vètman len yo, vètman sen yo. Konsa, li va fè ekspiyasyon pou sanktyè sen an, e li va fè ekspiyasyon pou tant asanble a ak pou lotèl la. Li va osi fè ekspiyasyon pou 27prèt yo ak pou tout pèp asanble a.
“Alò, nou va gen sa kòm yon règleman pou tout tan, pou 28fè ekspiyasyon pou fis Israël yo pou tout peche pa yo, yon fwa chak ane.” Epi jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa sa te fèt.
Source notes (28)
- Cross-reference Lev 10:1-2
- Cross-reference Egz 25:21-22
- Cross-reference Lev 4:1-12
- Cross-reference Egz 28:39-42
- Cross-reference II Kwo 29:21
- Cross-reference Eb 5:3
- Cross-reference És 53:10
- Cross-reference Eb 7:27
- Cross-reference Lev 16:33
- Cross-reference Lev 10:1; Egz 30:34-38
- Cross-reference Egz 25:21
- Cross-reference Eb 9:25
- Cross-reference Lev 4:6-17
- Cross-reference Eb 7:27
- Cross-reference Egz 30:10
- Cross-reference Lev 4:25
- Cross-reference Lev 5:5
- Cross-reference Lev 16:4
- Cross-reference Lev 16:4
- Cross-reference Egz 28:40-41
- Cross-reference Lev 11:25-40
- Cross-reference Lev 6:30
- Cross-reference Lev 23:27
- Cross-reference Jr 33:8
- Cross-reference Egz 8:21
- Cross-reference Lev 16:4
- Cross-reference Lev 16:11
- Cross-reference Eb 9:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.